Depozisyon ak Deklarasyon Enpo Travay

Depozisyon Enpo Travay yo

An jeneral, ou dwe depoze prelèvman enpo sou revni federal la ak enpo siplemantè asirans sante, ansanm avèk enpo asirans sante ak enpo sekirite sosyal ni anplwaye ak ni anplwayè a.

Genyen 2 kalandriye depo, chak mwa ak chak mitan semèn. Anvan kòmansman chak ane sivil, ou dwe detèmine kiyès nan 2 kalandriye depo yo yo egzije ou itilize. Pou w detèmine kalandriye peman w, gade Piblikasyon 15 (an anglè) pou Fòm 941, 944 ak 945. Gade Piblikasyon 51 (an anglè) pou Fòm 943 a.

Yo egzije depo pou Enpo FUTA yo (Fòm 940) pou trimès kote dèt enpo a depase $500. Enpo a dwe depoze nan fen mwa ki annapre fen trimès la.

Ou dwe itilize transfè fon elektwonik (EFTPS (an anglè)) pou w fè depo enpo federal yo. Gade paj Dat Limit pou Enpo Travay yo (an anglè) pou enfòmasyon sou kilè depo yo dwe fèt. Si ou pa respekte delè pou yon depo, ou ka gen penalite jiska 15 pousan pou depo ou pa fè.

Deklarasyon Enpo Travay yo

Jeneralman, anplwayè yo dwe deklare gaj yo, poubwa ak lòt konpansasyon yo peye yon anplwaye lè li depoze fòm IRS la egzije yo. Ou dwe deklare tou, enpo ou depoze lè ou depoze fòm IRS la egzije yo. Ou dwe deklare tou, enpo ou depoze lè ou depoze Fòm 941, 943, 944, 945 ak 940 sou papye oswa atravè deklarasyon elektwonik (an anglè).

Enpo sou Revni Federal ak Enpo sou Asirans Sante ak Sekirite Sosyal

An jeneral, anplwayè ki fè prelèvman enpo sou revni federal, oswa enpo sou asirans sante oswa sekirite sosyal dwe depoze Fòm 941, Deklarasyon Enpo Federal Chak Trimès Anplwayè a (an anglè), chak trimès. Sa gen ladan prelèvman sou peman maladi ak alokasyon chomaj siplemantè yo.

Depoze Fòm 943, Deklarasyon Enpo Federal Anyèl Anplwayè a pou Anplwaye nan Agrikilti yo (an anglè), si ou te peye salè bay youn oswa plizyè agrikiltè epi salè sa yo gen prelèvman enpo federal oswa enpo sekirite sosyal ak Asirans Sante.

Depoze Fòm 944, Deklarasyon Enpo Federal Anyèl Anplwayè a (an anglè), si ou te resevwa yon notifikasyon alekri konsènan pwogram Fòm 944 la.

Depoze Fòm 945, Deklarasyon Anyèl Prelèvman Enpo (an anglè), si w fè prelèvman oswa gen ekzijans pou fè prelèvman enpo sou revni federal (ansanm avèk sovgad prelèvman) apati pèman ki pa soti nan pewòl yo.

Lwa sou Enpo Chomaj Federal (FUTA)

Se anplwayè a sèlman ki peye enpo FUTA epi yo pa fè prelèvman enpo sa a nan gaj anplwaye a. Deklare enpo FUTA ou yo lè ou depoze Fòm 940, Deklarasyon Enpo Chomaj Federal Anyèl (FUTA) (an anglè).

Preparasyon ak Depo Fòm W-2

Nan fen ane a, anplwayè a dwe ranpli Fòm W-2, Deklarasyon Enpo ak Gaj (an anglè), pou w deklare gaj, poubwa, ak lòt konpansasyon yo peye yon anplwaye. Depoze Kopi A tout Fòm W-2 sou fòma papye ak elektwonik avèk Form W-3, Transmisyon Relve Gaj ak Enpo (an anglè), nan Administrasyon Sekirite Sosyal (SSA). Depoze Kopi 1 nan depatman enpo lokal oswa leta anplwaye a. Anplwayè a gen obligasyon pou l by anplwaye yo fòm W-2 yo epi depoze l bay SSA nan dat limit 31 janvye.

Yo ka depoze fòm W-2 ak W-3 yo elektwonikman, e gen kèk anplwayè ki ka depoze yo sou papye. Pou kounye a, aplwayè ki depoze 250 fòm W-2 pou pi piti, dwe fè sa elektwonikman. Pou deklarasyon ki dwe depoze nan dat limit 1ye janvye 2024 yo, limit pou depo elektwonik lan desann a 10 deklarasyon enfòmasyon. Pou plis detay ale sou Nouvo egzijans deklarasyon elektwonik pou fòm W-2 yo (an anglè).

Dat Limit yo

Gade paj Dat Limit pou Enpo sou Travay yo (an anglè) pou dat limit deklarasyon ak depo yo. Pou plis enfòmasyon sou deklarasyon ak depo fòm sa yo, ale nan Piblikasyon 15, Gid Fiskal Anplwayè a (an anglè).