Wikenn jou ferye Prezidan an se lè IRS jwenn plis apèl telefòn. Ale sou IRS.gov pou evite rete ap tann.
IR-2025-22, 12 Fevriye 2025
WASHINGTON — Avèk sezon ranpli enpo 2025 la k ap dewoule ak gwo demann antisipe pou liy telefòn IRS yo ozalantou jou ferye Prezidan an, jodi a Sèvis Revni Entèn ankouraje kontribyab yo vizite IRS.gov epi sèvi ak zouti sou entènèt yo pou jwenn repons tousuit.
Wikenn jou ferye Prezidan an se nòmalman yon tan okipe nan sezon ranpli enpo a, dapre estatistik IRS (an anglè), se lè apèl nan liy telefòn IRS yo souvan pi plis.
IRS gen resous pou ede kontribyab yo evite anpresman. Sou IRS.gov, kontribiyab yo ka sèvi ak paj Kite Nou Ede W ki kouvri pifò sijè pou sezon ranpli a ak plis ankò. Anplis de sa, moun ka jwenn èd gratis sou entènèt ak opsyon oto-sèvis yo.
IRS ofri plizyè opsyon pou ranpli gratis. Genyen tou èd etap pa etap pou ranpli yon deklarasyon enpo sou revni federal pèsonèl.
Evite lapòs: Ranpli elektwonikman epi chwazi depo dirèk
Apeprè 93% nan kontribyab yo ranpli deklarasyon enpo federal sou revni yo elektwonikman, epi pifò chwazi depo dirèk pou resevwa ranbousman yo. Dapre Biwo Sèvis Fiskal Trezò a, chèk ranbousman papye gen 16 fwa plis chans pou yo gen pwoblèm, tankou chèk la pèdi, li mal dirije, yo vòlè li oswa yo pa chanje l labank.
IRS ofri opsyon preparasyon enpo gratis sou entènèt ak an pèsòn pou kontribyab ki kalifye yo atravè pwogram IRS Free File, IRS Direct File (an anglè) ak Pwogram Volontè Asistans Enpo sou Revni ak Konsèy Enpo pou Moun Aje.
- Kontribyab ki te touche $84 000 oswa mwens an 2024 kapab sèvi ak Lojisyèl Enpo Gide IRS Free File la Gratis depi kounye a jiska 15 Oktòb 2025. Fòm IRS Free File ki ka Ranpli yo (an anglè) disponib tou gratis pou nenpòt ki nivo revni epi yo bay fòm elektwonik moun ranpli epi depoze l elektwonikman pou kont yo.
- Direct File (an anglè) kounye a louvri nan 25 eta k ap patisipe kote kontribyab yo ka sèvi avèk Direct File a e-file dirèkteman ak IRS gratis. Se yon sèvis gratis ki sou entènèt – ki disponib nan lang anglè ak panyòl – ki travay sou telefòn mobil, laptop, tablèt oswa òdinatè. Li gide kontribyab yo atravè yon seri kesyon pou prepare deklarasyon enpo federal yo etap pa etap. Direct File otomatikman gide kontribyab yo nan zouti leta pou konplete enpo leta yo. Jwenn èd nan men reprezantan sèvis kliyan IRS atravè yon chat an dirèk nan lang anglè ak panyòl. Kontribyab ki enterese yo ka ale nan directfile.irs.gov (an anglè), kote yo ka detèmine si yo kalifye.
- Pwogram VITA ak TCE yo ofri volontè IRS sètifye atravè yon rezo patenarya kominotè pou moun ki kalifye nan kominote a prepare enpo gratis. Pwogram VITA a fonksyone depi plis pase 50 ane. Sit VITA yo ofri èd enpo gratis pou moun ki bezwen èd pou prepare pwòp deklarasyon enpo yo, tankou moun ki jeneralman fè $67 000 oswa mwens, moun ki enfim ak kontribyab ki pa pale anglè. Anplis VITA, volontè pwogram TCE yo ofri èd enpo gratis, sitou pou moun ki gen 60 an oswa plis, yo espesyalize nan kesyon pansyon ak pwoblèm ki gen rapò ak retrèt ki inik pou moun aje yo.
- MilTax (an anglè), yon pwogram Depatman Defans, jeneralman ofri preparasyon deklarasyon gratis ak lojisyèl ranpli elektwonik pou deklarasyon enpo sou revni federal ak jiska twa deklarasyon enpo sou revni leta pou tout manm militè ak kèk veteran, san limit revni.
Evite ret ap tann: Jwenn enfòmasyon enpo avèk yon Kont Endividyèl sou Entènèt
Moun ki gen nimewo Sekirite Sosyal oswa Nimewo Idantifikasyon Endividyèl Kontribyab (ITIN) kapab kreye oswa jwenn aksè nan Kont Entènèt Endividyèl yo an sekirite epi jwenn dènye enfòmasyon sou kont enpo federal yo.
Avèk yon kont IRS sou entènèt, kontribyab yo ka:
- Aksede nan dosye enpo yo, ki gen ladan l Revni Brit Ajiste dènye deklarasyon enpo a.
- Gade, apwouve epi siyen otorizasyon pwofesyonèl enpo yo.
- Mande epi gade PIN Pwoteksyon Idantite yo (IP PIN), yon nimewo sis chif kontribyab la ak IRS sèlman konnen ki anpeche yon lòt moun ranpli yon deklarasyon enpo lè l mal sèvi avèk enfòmasyon moun nan.
- Tcheke estati ranbousman an.
- Valide epi sove kont labank yo.
- Gade balans ak istwa peman epi kreye yon plan peman.
- Fè yon peman epi pwograme oswa anile peman alavni.
- Jwenn asistans vityèl pou kesyon ki gen rapò avèk balans ak peman.
- Jere preferans kominikasyon.
Evite ret ap mande tèt ou: Tcheke estati ranbousman sou entènèt
Sit popilè Kote Ranbousman Mwen an? yon zouti sou IRS.gov la, gen enfòmasyon ki pi ajou ki disponib sou sitiyasyon ranbousman yon kontribyab. Dènye amelyorasyon nan Kote Ranbousman Mwen an? pèmèt kontribyab yo wè mesaj detaye sou sitiyasyon ranbousman nan langaj klè, sa ki redui bezwen pou kontribyab yo rele IRS.
Pifò ranbousman ki gen rapò ak Kredi Enpo sou Revni ou Touche (EITC) oswa Lòt Kredi Enpo pou Timoun (ACTC)(an anglè) ta dwe disponib nan kont labank oswa sou kat debi anvan 3 Mas si kontribyab yo te chwazi depo dirèk epi pa gen okenn lòt pwoblèm ak deklarasyon enpo yo a. Kontribyab yo ka tcheke Kote Ranbousman Mwen an? pou dat ranbousman pèsonalize yo. Kote ranbousman mwen an? ta dwe montre yon estati ajou anvan 22 Fevriye pou pifò moun ki ranpli byen bonè EITC/ACTC yo.
Evite telefòn nan: Jwenn repons pou kesyon enpo sou entènèt
Zouti Asistan Entèaktif Enpo (ITA) (an anglè) sou IRS.gov la bay repons pou plizyè kesyon enpo espesifik pou sikonstans endividyèl yo. Dapre reyaksyon yo, ITA detèmine estati yon moun ranpli, si li ta dwe ranpli yon deklarasyon enpo, si yon moun se yon depandan ki kalifye, si yon kalite revni enpozab, si yon moun ki ranpli kalifye pou reklame yon kredi, si yon depans dediktib ak plis ankò.
Evite pwoblèm: Sèvi ak lis verifikasyon sou entènèt lè w ap prepare w pou ranpli
Kontribyab yo ka chèche konnen ki dokiman enpo ak dosye yo bezwen pou fè yon deklarasyon ki egzak epi konplè sou IRS.gov. Kontribyab yo ta dwe gen tout dokiman enpòtan ki nesesè yo anvan yo prepare deklarasyon yo. Yo ta dwe tcheke tou pou erè komen ak omisyon (an anglè) ki ka ralanti pwosesis enpo a, ki gen ladan l tan ranbousman an.
Si yon kontribyab resevwa Fòm 1099-K, li ta dwe vizite Kisa pou fè ak Fòm 1099-K a pou ede yo detèmine si yo ta dwe rapòte lajan sa a kòm revni nan deklarasyon enpo federal yo a. Ou manke yon W-2? Gen kèk dokiman pou rapòte enfòmasyon ki disponib nan Kont Entènèt Endividyèl. Moun yo ka enskri epi jwenn kopi Fòm W-2, Deklarasyon Salè ak Enpo; Fòm 1095-A, Deklarasyon Marketplace Asirans Sante; ak Fòm 1099-NEC, Konpansasyon Moun ki pa Anplwaye. Fòm sa yo disponib pou ane fiskal 2023 ak 2024.
Evite devinèt: Tcheke kalifikasyon pou EITC lè w sèvi avèk asistan enpo sou entènèt
Kredi Enpo sou Rrevni ou Touche (EITC) ede travayè ak fanmi ki gen ti revni oswa revni modere jwenn yon rediksyon enpo. IRS estime apeprè youn sou senk kontribyab ki kalifye pou EITC pa reklame kredi ki gen anpil valè sa a. Si yon kontribyab kalifye, li ka itilize kredi a pou diminye enpo li dwe - epi petèt ogmante ranbousman yo.
Asistan Kredi Enpo sou Revni ou Touche sou IRS.gov ka ede moun detèmine:
- Si yo kalifye pou reklame EITC a.
- Si yo gen nenpòt timoun oswa fanmi ki kalifye.
- Estimasyon kantite kredi yo.
- Estati ranpli yo ta dwe itilize.
Evite enkyetid: Sèvi ak yon IP PIN pou pwoteje w kont vòl idantite ki gen rapò ak enpo
Yon PIN Pwoteksyon Idantite (IP PIN) se yon fason aktif pou pwoteje w kont vòl idantite ki gen rapò ak enpo. Vòl idantite ki gen rapò ak enpo fèt lè yon moun sèvi ak enfòmasyon pèsonèl li vòlè, tankou nimewo Sekirite Sosyal, pou fè yon deklarasyon enpo pou reklame yon ranbousman nan fwòd. Si yon moun sispèk li se yon viktim vòl idantite, li ta dwe kontinye peye enpo yo epi ranpli deklarasyon enpo yo, menm si li dwe ranpli yon deklarasyon sou papye. Vizite Santral Vòl Idantite pou jwenn plis enfòmasyon.
Yon PIN Pwoteksyon Idantite (IP PIN) se yon nimewo sis chif kontribyab la ak IRS sèlman konnen ki anpeche yon lòt moun ranpli yon deklarasyon enpo lè l mal sèvi avèk nimewo Sekirite Sosyal moun nan oswa Nimewo Idantifikasyon Endividyèl Kontribyab la. Li ede IRS verifye idantite yon moun lè li ranpli fòm elektwonik oswa deklarasyon enpo l sou papye. Fason ki pi rapid pou mande epi resevwa yon IP PIN se lè w kreye yon Kont Endividyèl sou Entènèt (an anglè), Si yon moun vle jwenn yon IP PIN epi li poko gen yon kont sou IRS.gov, li dwe anrejistre pou valide idantite l.
Evite estrès: Jwenn yon pwofesyonèl enpo ki gen bon repitasyon sou IRS.gov
IRS raple kontribyab yo tou yon pwofesyonèl enpo ou fè konfyans ka prepare deklarasyon enpo w yo epi bay enfòmasyon ak konsèy ki itil. Moun yo ka sèvi ak Anyè IRS pou Preparatè Deklarasyon Enpo Federal ki gen Akreditasyon ak Kalifikasyon Seleksyone (an anglè) pou jwenn yon preparatè ki kalifye nan preparasyon enpo epi ranpli deklarasyon enpo sou revni avèk presizyon.
Pifò pwofesyonèl enpo yo bay sèvis enpo eksepsyonèl e pwofesyonèl. Sepandan, chwazi move preparatè deklarasyon enpo fè kontribiyab yo soufri chak ane nan domèn finansye. Asire w ou tcheke konsèy pou w chwazi yon moun k ap prepare enpo (an anglè) ak fason pou w evite preparatè deklarasyon "fantom" ki malonèt.
Pandan tout pwofesyonèl enpo yo oblije mete nimewo idantifikasyon enpo preparatè yo (PTIN) epi siyen deklarasyon an, gen kèk ki pa fè sa. Yo refere yo kòm preparatè fantom, moun sa yo ankouraje kontribyab yo pran avantaj kredi enpo ak benefis yo pa kalifye pou yo. Pafwa yo chaje yon gwo pousantaj frè ranbousman an oswa menm vòlè ranbousman enpo a tout antye. Apre yo fin prepare deklarasyon enpo a, "preparatè fantom" sa yo ka tou senpleman disparèt, kite kontribyab ki byen entansyone yo fè fas ak konsekans yo.
IRS ankouraje moun yo pou yo sèvi ak yon pwofesyonèl enpo yo fè konfyans paske menm lè preparatè deklarasyon enpo a siyen deklarasyon an, kontribyab la finalman responsab pou presizyon chak atik yo rapòte sou deklarasyon li an. Vizite IRS.gov pou jwenn yon pwofesyonèl enpo ki gen bon repitasyon.
Evite sipriz: Sèvi ak Estimatè Prelèvman Enpo
Kontribyab yo ta dwe tcheke prelèvman enpo yo chak ane, sitou si yo fè eksperyans yon gwo chanjman nan lavi yo. Zouti Estimatè Prelèvman Enpo a pèmèt kontribyab yo estime enpo sou revni federal yo vle anplwayè yo prelve nan chèk yo.
Lè yo sevi ak Estimatè Prelèvman Enpo la, kontribiyab yo ka ajiste prelèvman enpo alavans pou yo ka pwoteje tèt yo kont prelèvman enpo ki twò piti epi evite yon bòdwo enpo inatandi oswa penalite nan moman enpo ane pwochèn. Kontribyab yo ta dwe soumèt yon nouvo Fòm W-4 bay anplwayè yo a pou fè nenpòt ajisteman.
IRS.gov se premye kote pou jwenn èd
IRS.gov se opsyon ki pi rapid ak pi fasil pou jwenn èd. Kontribyab yo ka vizite IRS.gov nenpòt lè pou jwenn repons pou kesyon enpo yo (an anglè). Moun ka jwenn plis konsèy ak resous lè yo vizite paj Kite Nou Ede W sou IRS.gov.