Konnen diferans ant yon lwazi ak yon biznis

FS-2022-38, oktòb 2022

Majorite moun pran lwazi kòm mwayen pèsonèl pou yo amize yo, se pa pou tire pwofi. Pafwa, sepandan, fwontyè ki separe yon lwazi ak yon biznis pa nèt. Gen plizyè faktè moun yo ta dwe konsidere lè y ap fè diferans lan e IRS la bay resous ki kapab ede.

Enfòmasyon ki annapre yo disponib sou IRS.gov pou ede yon kontribyab detèmine si lwazi li a kalifye kòm yon biznis:

Kesyon enpòtan pou nou konsidere

Èske aktivite a mennen tankou yon biznis?

  • Èske kontribyab la genyen dokiman ak rejis ki konplè epi presi?
  • Èske kontribyab la fè aktivite a nan menm fason ak lòt aktivite ki sanble ak li kote moun ka tire pwofi?

Èske kontribyab la chanje mannyè yo fonksyone pou fè pwofi a pi gwo?

  • Èske kontribyab la fè piblisite oswa pwomosyon pou aktivite a?
  • Èske kontribyab la travay pou li sekirize ekipman oswa pwodui ki nesesè pou aktivite a?

Ki ekspètiz kontribyab la oswa konseye li yo nan aktivite a?

  • Èske kontribyab la, oswa konseye li yo, te prepare pou aktivite a pa mwayen yon etid apwofondi sou pratik komèsyal, ekonomik, ak syantifik ki rekonèt?
  • Èske kontribyab la swiv pratik komèsyal ki rekonèt yo swa konsèy ekspè yo nan ekzèsis aktivite a?

Èske aktivite a se prensipal sous revni kontribyab la?

  • Èske kontribyab la bay plis tan li ak efò pèsonèl li pou aktivite a, sitou si aktivite a pa genyen aspè pèsonèl oswa rekreyasyonèl?
  • Èske kontribayb lal ekzèse aktivite a aplentan oswa a tan pasyèl?
  • Èske kontribyab la anplaye moun ki konpetan ak kalifye pou jere aktivite a?

Èske kontribyab la te fè oswa espere tire pwofi?

  • Èske kontribyab la te angaje li nan aktivite menm jan an anvan sa epi te chanje aktivite san pwofi a pou l vin yon biznis kote li ka tire pwofi?
  • Èske kontribyab la genn entansyon pou li tire pwofi nan apresyasyon valè aktif yo, tankou tèren, ki sèvi nan aktivite a?

Èske aktivite a rantab nan kèk ane?

  • Èske pafwa kontribyab la tire ti pwofi apati aktivite yo ki konpanse pa gwo envestisman yo te fè oswa sibi gwo pèt?
  • Èske kontribyab la te tire gwo pwofi nan aktivite a?
  • Èske aktivite a te ka pèmèt yo reyalize yon gwo pwofi nan yon gwo biznis?

Èske pèt ki fèt nan aktivite a depase kontwòl kontribyab la oswa yo nòmal nan faz demaraj biznis l ap fè a?

  • Èske pèt kontribyab la kontinye apre peryòd yo t ap bezwen pou yo fè aktivite a tounen yon aktivite rantab la?
  • Èske pèt kontribyab la se akoz bagay ki depase kontwòl yo, tankou sechrès, maladi, dife, vòl, domaj tanperati oswa move kondisyon mache a?
  • Èske kontribyab la te genyen kèk ane kote li te tire pwofi?

Èske aktivite a gen bagay pou plezi pèsonèl oswa pou rekreye?

  • Èske kontribyab la genyen motif pèsonèl li pou li mennen aktivite a, espesyalman kote gen bagay pèsonèl oswa rekreyasyonèl ki enplike?
  • Èske gen lòt bagay aktivite a manke ki pa pwofi?

Deklare pwofi ak pèt

Si kontribyab yo p ap eseye tire pwofi avèk lwazi yo a, biznis oswa envestisman an, yo pa kapab sèvi ak yon pèt nan aktivite a pou konpanse lòt revni. Limit sou pèt nan aktivite ki pa fèt pou tire pwofi yo aplike pou patikilye, patenarya, byen, fidisi ak sosyete S yo. Li pa aplike pou sosyete ki pa sosyete S.

Si yon kontribyab resevwa yon revni apati yon aktivite l ap fè san li pa t gen entansyon tire yon pwofi ladan, li dwe deklare revni li resevwa a nan Barèm 1, (Fòm 1040) (an anglè)PDF, liy 8.

Plis enfòmasyon: