Plan Sovtaj Ameriken an gen nouvo FAQs (Kesyon yo Poze Souvan) pou ede fanmi yo ak ti biznis yo

Enfòmasyon pou kredi enpo pou swen depandan ak timoun 2021 ki amelyore yo; kredi pou konje lafanmi ak maladi peye ki aktyalize pou Q2 ak Q3 2021 an

IR-2021-128, June 11, 2021

WASHINGTON – Sèvis Revni Entèn nan te pibliye jodia de (2) nouvo seri kesyon yo poze souvan (FAQs) pou ede fanmi yo (an anglè) ak ti anplwayè epi anplwayè mwayen yo (an anglè) nan reklamasyon kredi yo dapre Plan Sovtaj Ameriken an (ARP - American Rescue Plan).

Ni kredi pou swen depandan an ak kredi pou timoun nan, toude (2) ansanm avèk kredi konje lafanmi ak maladi ki peye te amelyore nan ARP a, ki te pwomilge an Mas pou ede fanmi yo ak ti biznis yo nan repèkisyon pandemi COVID-19 ak rekiperasyon an ki kòmanse deja. De (2) seri FAQs (Kesyon yo Poze Souvan) bay enfòmasyon sou kalifikasyon, kalkil montan kredi yo, ak kòman pou reklame avantaj fiskal enpòtan sa yo. Annapre a se yon apèsi sou kredi enpo sa yo:

Kredi swen pou depandan ak timoun nan

Pou 2021 an, ARP a te ogmante montan maksimòm depans ki lye ak travay yo pou swen kalifye yo ka konsidere nan kalkil kredi a, te ogmante pousantaj maksimòm depans sa yo, yo ka pran kredi a pou yo a, te modifye fason kredi a redui pou moun ki gen gwo revni yo, epi fè li ranbousab.

Pou 2021 an, kontribyab kalifye yo ka reklame depans ki lye ak travay yo jiska:

  • $8 000 pou yon moun kalifye, li te $3 000 nan lane anvan yo, oswa
  • $16 000 pou youn oswa plizyè moun kalifye, li te $6 000 nan lane anvan yo.

Yo mande pou kontriyab yo genyen lajan k ap rantre; montan depans kalifye ki lye ak travay ki reklame a pa ka depase lajan kontribyab la ap rantre.

Kontribyab ki gen montan maksimòm depans kalifye ki lye ak travay yo t ap resevwa yon kredi $4 000 pou yon moun kalifye, oswa $8 000 pou de (2) oswa plizyè moun kalifye, k ap konbine ansanm avèk ogmantasyon 50% kredi maksimòm nan. Nan kalkil kredi a, yon kontribyab dwe retire prestasyon pou gad depandan ki sou kont anplwayè a, tankou sila yo founi atravè yon kont depans ki fleksib, apati depans total ki lye ak travay yo.

Yon moun kalifye se yon depandan ki genyen pi piti pase 13 lane, oswa yon depandan nan nenpòt laj oswa yon konjwen ki pa kapab pran swen tèt li poukont li epi ki ap viv avèk kontribyab la pandan plis pase mwatye ane a.

Menm jan ak anvan, plis kontribyab la rantre, se mwens pousantaj depans ki lye ak travay y ap konsidere pou detèminen kredi a. Sepandan, nan nouvo lwa a, plis kontribyab ap kalifye pou nouvo to kredi 50% maksimòm nan. Sa se paske ARP a te ogmante nivo revni brit ajiste a jiska $125 000 kote pousantaj kredi a kòmanse redui a. Piwo $125 000, 50% pousantaj kredi a bese pandan revni a ap monte. Kontribyab ki gen revni brit ajiste ki depase $438 000 pa kalifye pou kredi a.

Tout kredi a totalman ranbousab pou premye fwa nan 2021 an. Sa vle di yon kontribyab kalifye ka resevwa li, menmsi li pa dwe enpo sou revni enpo federal. Pou li kalifye pou kredi ranbousab la, yon kontribyab, oswa konjwen kontribyab la si yo fè deklarasyon konjwen, dwe rezide Ozetazini pandan plis pase mwatye ane a. Sepandan, règleman espesyal yo aplike pou pèsonèl militè ki nan misyon deyò Etazini.

Pou reklame kredi pou 2021 an, kontribyab yo ap bezwen ranpli Fòm 2441 an, Depans pou Swen Depandan ak Timoun yo, epi akonpaye fòm nan ak deklarasyon enpo yo an 2022. Lè y ap ranpli fòm nan pou reklame kredi 2021 an, sila yo k ap reklame kredi a ap genyen pou yo bay yon nimewo idantifikasyon kontribyab (TIN - Taxpayer Identification Number) ki valid, pou chak moun ki kalifye. Jeneralman, pou moun kalifye a se nimewo Sekirite Sosyal la. Pou plis enfòmasyon konsènan ranpli fòm nan ak reklame kredi a, gade enstriksyon pou Fòm 2441 an. Anplis, sila yo k ap reklame kredi a genyen pou yo idantifye tout moun oswa òganizasyon ki te bay moun kalifye a swen. Sa mande pou yo bay non founisè a, adrès li , ak TIN li.

Kredi konje lafanmi ak maladi ki peye yo

Kredi konje lafanmi ak maladi ki peye yo ranbouse anplwayè kalifye yo pou frè konje lafanmi ak maladi ki peye yo bay anplwaye yo pou rezon ki gen rapò ak COVID-19 la, sa gen ladan konje anplwaye yo pran pou resevwa oswa rekanpe apre vaksinasyon COVID-19 yo. Endividi k ap travay ak tèt yo kalifye pou menm kredi enpo yo.

Kredi enpo pou konje lafanmi ak maladi ki peye nan ARP a se menm ak sa Lwa sou Premye Repons pou Kowonaviris pou Fanmi yo (FFCRA - Families First Coronavirus Response Act), jan Lwa Soulajman Fiskal 2020 pou COVID la pwolonje ak amande li, kote gen anplwayè ki te ka resevwa kredi enpo pou konje peye yo bay anplwaye ki ranpli kondisyon Lwa sou Konje Maladi Peye nan Ijans lan (Emergency Paid Sick Leave Act) ak Lwa sou Ekspansyon Konje Medikal ak Lafanmi nan Ijans lan (Emergency Family and Medical Leave Expansion Act) (jan FFCRA te mete li). ARP a amande ak pwolonje kredi sa yo, epi prevwa salè konje yo peye yon anplwaye k ap chèche oswa tann rezilta yon tès, oswa yon dyagnostik COVID-19 la, oswa k ap pran vaksen kont COVID-19 la oswa k ap rekipere yo de vaksen an, se salè konje ki ka kalifye pou kredi yo. Anplis, nan ARP a, kounyea anplwayè kalifye yo kapab reklame kredi pou salè konje lafanmi peye yo pou tout menm rezon yo kapab reklame kredi a pou salè konje maladi peye yo.

FAQs yo (Kesyon yo Poze Souvan yo) genyen enfòmasyon sou kòman anplwayè kalifye yo kapab reklame kredi sou konje lafanmi ak maladi peye yo, ansanm avèk kòman pou depoze demann ak kalkile montan kredi aplike yo epi ak kòman pou resevwa peman avans ak ranbousman kredi yo. Nan ARP a, anplwayè kalifye yo, ansanm avèk biznis epi òganizasyon ki pa peye taks ki genyen mwens pase 500 anplwaye ak kèk anplwayè piblik, ka reklame kredi enpo yo pou salè konje kalifye yo ak kèk lòt depans sou salè (tankou depans sou plan sante yo ak kèk avantaj ki negosye an gwoup) yo peye pou konje anplwaye yo pran apati 1ye Avril 2021 pou rive 30 Sektanm 2021.

ARP a kenbe sèy salè jounalye ki te la deja depi anvan an, pou kredi sa yo nan kad FFCRA a. Plafon global sou salè konje maladi kalifye rete fikse pandan de (2) semenn (jis nan yon maksimòm 80 èdtan), e plafon global sa repati a zewo pou konje anplwaye yo pran apati 1ye Avril 2021. Plafon global sou salè konje lafanmi kalifye yo soti nan $10 000 pou ogmante a $12 000, e plafon global sa repati a zewo pou konje anplwaye yo pran apati 1ye Avril 2021.

Kredi konje ki peye ki nan ARP a se kredi enpo kont enpo sou asirans maladi anplwayè a. Kredi enpo yo ranbousab, sa vle di anplwayè a gen dwa ak peman montan total kredi yo depi li depase enpo sou asirans maladi anplwayè a.

Anvan kredi yo gen pou reklame sou deklarasyon enpo federal sou travay la, anplwayè kalifye yo ka kenbe enpo federal sou travay yo t ap genyen pou yo depoze nan yon lòt kontre, ansanm ak enpo sou revni federal yo kenbe sou anplwaye yo, enpo sou sekirite sosyal al asirans maladi anplwaye yo, epi enpo sou sekirite sosyal ak asirans maladi anplwayè a pou ki gen pou wè ak anplwaye yo jiska montan kredi yo kalifye pou li a. Si anplwayè kalifye a pa genyen ase enpo federal sou travay nan depo pou kouvri montan kredi antisipe yo, anplwayè kalifye yo ka mande yon avans sou kredi a pandan y ap depoze Fòm 7200, Peman Avans Kredi Anplwayè yo Akoz COVID-19 la.

Moun k ap travay ak tèt yo ka reklame kredi ekivalan yo sou Fòm 1040 lan, Etazini. Deklarasyon Enpo sou Revni Endividyèl.

Gade pwovizyon fiskal (an anglè) Plan Sovtaj Ameriken an pou plis enfòmasyon. Gade lòt pwovizyon yo (an anglè) ki la pou ede kontribyab yo rekanpe apre enpak pandemi COVID-19 la. Gade tou, FAQs (Kesyon yo Poze Souvan) (an anglè) sou sa yo ak lòt pwovizyon yo.