Rapèl: Founisè sèvis yo, ak lòt ka resevwa 1099-K yo pou lavant ki depase $600 nan kòmansman 2023 a

IR-2022-189, 24 oktòb 2022

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn ap raple kontribyab k ap fè lajan nan vann pwodui ak/oswa bay sèvis yo, yo ka resevwa Fòmilè 1099-K, Tranzaksyon Kat Pèman ak Rezo Tyès, pou tranzaksyon kat pèman ak tranzaksyon rezo tyès ki depase $600 pou ane a.

Pa gen chanjman nan zafè enpo sou revni; sèl chanjman ki genyen an se nan règleman deklarasyon pou Fòmilè 1099-K a. Menm jan ak anvan, revni, tankou sa ki soti nan travay bout jounen, travay sou kote oswa lavant pwodui, toujou gen enpo sou yo. Kontribyab yo dwe deklare tout revni sou deklarasyon enpo yo sof pou revni lalwa eskli, keseswa yo resevwa yon Fòmilè 1099-NEC, Konpansasyon pou Moun ki Pa Anplwaye; Fòmilè 1099-K; oswa nenpòt lòt deklarasyon ransèyman.

IRS souliye, lajan moun resevwa atravè aplikasyon pèman tyès ki soti nan men zanmi ak fanmi antanke kado pèsonèl oswa ranbousman pou depans pèsonèl pa gen enpo sou yo.

Lwa Plan Sovtaj Ameriken (ARPA) 2021 an te bese sèy deklarasyon pou rezo tyès ki trete pèman pou sila yo k ap fè biznis yo. Anvan 2022, yo te bay Fòmilè 1099-K pou tranzaksyon rezo pèman tyès yo sèlman si kantite total tranzaksyon yo te depase 200 pou ane a epi montan agreje tranzaksyon sa yo te depase $20,000. Kounye a yon grenn tranzaksyon ki depase $600 kapab bezwen yon 1099-K.

Bès sèy deklarasyon ransèyman an ak rezime revni yo sou Fòmilè 1099-K a pèmèt kontribyab yo gen kontwòl montan yo resevwa yo pi fasil.

Jeneralman, plis presizyon nan deklarasyon revni kontribyab redui nesesite ak pwobabilite pou ekzamine deklarasyon an annapre.

Panse a fè pèman estimasyon enpo yo

Enpo sou revni yo dwe peye ofiramezi kontribyab ap fè lajan oswa resevwa revni pandan ane a, keseswa atravè prelèvman oswa pèman estimasyon enpo.

Si montan enpo sou revni yo prelve nan salè oswa pansyon yon moun pa ase, oswa si yo resevwa lòt tip revni, tankou enterè, dividand, pansyon alimantè, revni nan travay ak tèt li, gen kapital, pri ak rekonpans, yo ka bezwen fè peman estimasyon enpo yo.

Si yo nan biznis pou tèt yo, jeneralman, patikilye yo bezwen fè pèman estimasyon enpo. Yo itilize pèman estimasyon enpo yo pou peye, pa sèlman taks sou revni, men tou lòt taks, tankou taks sou travay endepandan ak taks altènatif minimòm lan.

Piblikasyon 17, Enpo sou Revni Federal Ou (Pou Endividi yo) (an anglè), bay règleman jeneral pou ede kontribyab yo peye enpo sou revni yo dwe.

Gen enfòmasyon siplemantè itil disponib nan Chapit 5, Revni Biznis nan Piblikasyon 334, Gid Fiskal pou Ti Biznis (an anglè)Piblikasyon 525, Revni ki gen Enpo sou li ak Revni ki pa Gen Enpo sou li (an anglè) epi sou IRS.gov nan Konprann Fòmilè 1099-K Ou a (an anglè).

Fòmilè 1099-K, enstriksyon li yo ak yon seri repons pou kesyon yo poze souvan (an anglè) disponib sou IRS.gov.