Gid peryòd Fiskal: Minimize anprent sibènetik, pwoteje enfòmasyon pèsonèl sou Entènèt

WACHINTON — Jodi a Sèvis Revni Entèn lan ankouraje kontribyab yo pou yo byen pwoteje tèt yo kont eskwokri ak fwod pandan yo ap byen sekirize òdinatè, tablèt ak telefòn yo. Pwoteksyon sibèsekirite solid ak rekonesans eskwokri enpòtan anpil pou diminye menas vòl idantite andedan ak deyò sistèm fiskal la.

IRS la travay kole kole ak Somè Sekirite a (an anglè) a, yon patenarya ant ajans fiskal leta yo ak endistri fiskal sektè prive a, pou ede pwoteje enfòmasyon kontribyab yo ak defann yo kont vòl idantite. Kontribyab yo ak pwofesyonèl fiskal yo ka pran mezi pou ede nan efò sa a lè yo poze aksyon sa yo tankou minimize anprent sibènetik yo epi akeri kapasite pou idantifye eskwokri ak fwod ki pi frekan yo.

Anba a gen 10 konsèy pou ede redui ekspozisyon tèt ou a fwod ak vòl idantite:

  • Pwoteje done pèsonèl yo. Bay yon nimewo Sekirite Sosyal, pa egzanp, sèlman lè sa nesesè. Sèlman bay enfòmasyon pèsonèl oswa fè tranzaksyon finansye sou sit ki verifye kòm sit entènèt ki gen bon repitasyon, ki kripte.
     
  • Pwoteje enfòmasyon pèsonèl yo. Trete enfòmasyon pèsonèl yo tankou lajan likid - pa lage yo nan men nenpòt moun. Nimewo Sekirite Sosyal, nimewo kat kredi, labank e menm nimewo kont sèvis piblik yo ka sèvi pou ede vòlè lajan yon moun oswa louvri nouvo kont.
     
  • Itilize modpas ki solid. Itilize yon modpas oswa yon seri mo k ap fasil pou ou sonje. Itilize omwen 10 karaktè; 12 se sa ki pi bon an pou pifò itilizatè lakay yo. Melanje lèt, nimewo ak karaktè espesyal yo. Eseye enprevizib – pa itilize non, dat nesans oswa mo komen. Pa sèvi ak menm modpas la pou plizyè kont epi evite pataje yo. Kenbe modpas yo nan yon kote ki an sekirite oswa itilize zouti jesyon modpas yo.
     
  • Aktive pwoteksyon modpas ak kriptaj pou rezo san fil yo. Si Wi-Fi yon kay oswa yon biznis pa sekirize, li pèmèt tout òdinatè ki nan lantouraj la aksede ak rezo sa a epi potansyèlman vòlè enfòmasyon ki soti nan aparèy ki konekte yo. Chak fwa gen opsyon pou yon kont ki pwoteje ak modpas, itilizatè yo ta dwe opte pou yon pwosesis otantifikasyon milti-faktè. Otantifikasyon milti-faktè a enpòtan anpil pou pwoteje modpas ou.
     
  • Evite èskrokri fishing. Fason ki pi fasil pou kriminèl yo vòlè done sansib se tou senpleman mande ou li. IRS ankouraje kontribyab yo aprann rekonèt imèl eskwokri (an anglè), apèl oswa tèks ki vle fè yo pase pou òganizasyon ou konnen tankou bank, konpayi kat kredi oswa menm IRS la. Kenbe done sansib an sekirite epi:
    • Toujou konsyan ke yon imèl endezirab ak yon demann pou telechaje yon dokiman ki tache oswa klike sou yon lyen ki sanble soti nan men yon moun ou konnen tankou yon zanmi, yon kòlèg travay oswa yon pwofesyonèl fiskal si imèl yo a te konpwomèt oswa te pirate.
    • Pa kwè piblisite sou entènèt, anons k ap parèt sanzatann yo oswa imèl yo soti nan konpayi ki gen bon repitasyon yo vre. Si yon anons oswa yon òf sanble twò bon pou se ta laverite, pran yon ti moman pou kontakte konpayi ki swadizan voye li a.
    • Pa janm telechaje lojisyèl "sekirite" nan yon anons pop-up. Yon estrateji ki itilize anpil se voye yon anons pop-up ki fè konnen li te detekte yon viris sou òdinatè ou a. Sa yo pwopozew telechaje a gen plis chans pou se yon lojisyèl malveyan li enstale. Konpayi lojisyèl sekirite ki gen gwo renome yo pa fè piblisite nan fason sa a.
       
  • Itilize lojisyèl sekirite. Yon pwogram anti-viris ta dwe bay pwoteksyon kont viris, twayen, espyon ak piblistè. IRS ankouraje tout moun pou yo itilize yon pwogram anti-viris epi pou yo toujou kenbe l ajou. Pwograme lojisyèl sekirite a pou li fè mizajou otomatikman, konsa mizajou va fèt a chak fwa yon nouvo menas parèt.
     
  • Fè edikasyon moun ki pa gen twòp eksperyans yo sou sekirite sou entènèt. Timoun yo ak moun ki gen mwens eksperyans sou Entènèt yo (an anglè) gendwa pa fin okouran de danje ki genyen nan louvri paj wèb, imèl oswa dokiman ki sispèk. Adolesan ak itilizatè ki pi jèn yo ka mete tèt yo an danje lè yo kite yon seri enfòmasyon pèsonèl lib elibè pou pirat esplwate.
     
  • Anrejistre dosye yo plizyè kote. Pa gen okenn sistèm ki an sekirite a sanpousan. Kopye fichye enpòtan yo, ki gen ladann deklarasyon enpo federal ak leta, sou disk detachab oswa memwa backup ak estokaj nan nwaj (cloud storage). Sere disk yo, memwa yo ak nenpòt kopi sou papye yon kote ki an sekirite epi ki fèmen ak kle.
     
  • Konnen danje Wi-Fi piblik. Koneksyon sou Wi-Fi piblik trè pratik e souvan gratis, men li gendwa pa sekirize. Akè ak sibèrkriminèl yo ka vòlè enfòmasyon pèsonèl ou yo sou rezo sa yo byen fasil. Toujou itilize yon rezo prive vityèl (VPN) lè w konekte sou Wi-Fi piblik yo.
     
  • Revize Santral Vòl Ididantite (Review ID Theft Central). Ki fèt pou amelyore aksè anliy nan enfòmasyon sou vòl idantite, li bay kontribyab yo, pwofesyonèl fiskal ak biznis yo sèvis.

IRS pa inisye kontak ak kontribyab yo pa imel, mesaj tèks oswa chanèl medya sosyal pou mande enfòmasyon pèsonèl oswa finansye. Anjeneral, IRS ap voye yon premye bòdwo sou papye bay yon moun ki dwe enpo. Nan kèk sitiyasyon espesyal, IRS ap rele oswa vizite yon fwaye oswa yon biznis.

Moun yo ta dwe vijilan pou eskwo ki pran pòz yo se ajan IRS pou vòlè enfòmasyon pèsonèl yo. Gen fason pou konnen (an anglè) si se vrèman IRS la.

Kontribyab yo ka jwenn repons kesyon yo, fòm yo ak enstriksyon ak zouti ki byen fasil pou itilize sou entènèt sou paj IRS.gov la. Yo ka itilize resous sa yo pou ka jwenn èd lè sa nesesè pandan yo chita lakay yo, nan travay yo oswa lè yo nan vwayaj.

Enfòmasyon sa a fè pati yon seri ki rele Gid peryòd fiskal (an anglè), yon resous ki la pou ede kontribyab yo byen reyalize yon deklarasyon enpo. Gen plis èd ki disponib toujou nan Piblikasyon 17, Enpo Federal sou Revni Ou a (an anglè).