Mèsi paske Ou Deklare epi Peye Taks Ou

People holding the American flag

Ou gendwa pa reyalize sa, men ou jwe yon wòl vital nan sistèm fiskal nou an, senpman lè ou ranpli deklarasyon taks ou. 98 pousan resèt fiskal IRS la fè se lajan kontribyab volontè yo. Anfèt, gras ak pwosesis anyèl sa, anviwon 96% resèt brit nan peyi nou an pase pa IRS la.

Aprann konnen IRS la, pèsonèl li a, ak kesyon ki konsène kontribyab yo.


American flag with a collage of images

Pa Chuck Rettig
CL-21-17, May 17, 2021

Kòm nou remake dat limit pou deklarasyon taks ane sa a ap pwoche, nou remèsye tout moun ki gentan deklare ak peye taks yo. Nou konprann gen kèk moun ki te bezwen plis tan pou deklare epi peye sa yo te dwe ane sa a, poutèt sa, nou te pwolonje peryòd fiskal la jiska 17 Me. Sila yo ki bezwen plis tan ankò kapab toujou fè yon deklarasyon pou yon pwolongasyon otomatik jiska 15 Oktòb 2021; men mete nan lespri nou se yon pwolongasyon pou deklarasyon, se pa pou peye taks.

Ou gendwa pa reyalize sa, se yon wòl vital ou jwe nan sistèm fiskal nou an lè ou senpman fè deklarasyon taks ou. Lè ou ranpli devwa sivik ou nan prepare epi deklare taks ou, ak peye sa ou dwe peye, ou kontribye nan finansman eleman esansyèl Etazini yo, kòmanse nan lekòl yo ak wout yo pou ale nan peye Sekirite Sosyal ak lame nasyon an. Anfèt, gras ak pwosesis anyèl sa, anviwon 96% resèt brit nan peyi nou an pase pa IRS la. Nou fyè anpil pou wòl nou jwe nan fè America mache epi avanse.

Plis pase 98% resèt fiskal IRS la fè, se lajan kontribyab volontè yo. Lè ou jwen patisyo pa w nan deklare taks ou, ou dwe santi ou konfyan paske lòt yo ap fè sa ki bon an tou. Mwen angaje m pou mwen asire sistèm nan jis pou tout kontribyab yo, epi pou tout moun respekte règleman yo. Pou garanti ekite nan sistèm fiskal nou an, li enpòtan pou lwa fiskal yo aplike ak jistis epi ak rigè.

Mwen te rann li yon priyorite pou IRS la fè plis pou li ede kontribyab defavorize yo nan kominike avèk yo ak ba yo asistans nan lang yo pi konfòtab la. Kounyea, genyen plizyè fason pou jwenn enfòmasyon nan plizyè lang sou IRS.gov. Nouvo paj lang  nou an genyen enfòmasyon debaz sou taks, ki tradui nan 20 lang. Kèk paj wèb ki anpil te tradui tou an Panyòl, Lang Chinwa (senplifye ak tradisyonèl), Koreyen, Ris, Vietnamyen ak Kreyòl Ayisyen. Epi ane sa a, nou te bay Fòm 1040 lan an Panyòl pou premye fwa. Fòm 1040 2020 an bay kontribyab yo opòtinite Demann Chanjman nan Lang Preferans yo (Schedule LEP) pou endike si yo prefere resevwa kominikasyon alekri nan men IRS nan youn nan 20 lang yo, eksepte Anglè. Si ou kontakte pa mwayen telefòn, nou ofri sèvis tradiksyon nan plis pase 350 lang.

Pandan plis pase yon lane, pandemi COVID-19 la prezante anpil gwo defi pou IRS la, ni nan kapasite pou kontinye ak misyon li ak ni nan pwoteksyon sante ak sekirite kontribyab yo ak pwòp mendèv nou yo. Mèsi pou pasyans ou nan ane 2020 an ak pandan peryòd fiskal ane sa a, ak paske ou itilize zouti ak enfòmasyon IRS.gov yo ki disponib 24/7. Nou espere w ap kontinye itilize resous nou yo ki sou entènèt la pou rann eksperyans deklarasyon taks ou pi fasil nan ane k ap vini yo.

Lè ou ranpli devwa sivik ou chak ane nan prepare ak deklare taks ou, ak peye sa ou dwe peye, ou kontribye nan finansman eleman esansyèl Etazini yo, kòmanse nan lekòl yo ak wout yo, pou ale nan Sekirite Sosyal ak lame nasyon an.

Mwen fyè de chak grenn anplwaye IRS. Malgre y ap fè fas ak defi pandemi yo, anplwaye IRS yo fè bèl efò pou fasilite Peman Enpak Ekonomik yo fèt rapid ; peman sa yo te totalize plis pase $388 bilyon pou plis pase 165 milyon Ameriken an 2021, jan yo te fè l ane pase a, pandan yo te byen jere peryòd fiskal la ane sa a.

Si dat limit deklarasyon 17 Me a se yon etap enpòtan, travay peryòd fiskal la ap byen kontinye menm apre jodia. Anplwaye IRS yo ap kontinye trete deklarasyon taks yo, bay ranbousman yo, livre peman enpak ekonomik yo epi bay peman avans Kredi Fiskal pou Timoun nan apati sezon lete sa a. Nou fyè pou nou sèvi ou ak peyi nou.

Mendèv nou an dedye pou li ede moun yo konprann ak ranpli obligasyon deklarasyon yo. Epi anplwaye nou yo k ap kontwole deklarasyon yo, koleksyone enpo ak ankete sou fwod yo, yo tout travay di pandan ane a pou fè lwa yo aplike nan yon mannyè ekitab pandan y ap respekte dwa ou antanke kontribyab. Deyò biwo travay yo, anplwaye nou yo fè diferans ak angajman yo pou sèvi kominote yo ; anpil ladan yo fè benevola pou ede sila yo ki gen revni fèb ak Ameriken ki aje yo nan preparasyon taks yo, epi tou, nan asiste kòlèg yo, vwazen yo, travayè esansyèl yo ak bank alimantè yo pandan pandemi an.

IRS la pare pou li bay asistans moun yo bezwen, ni pandan peryòd fiskal la ak pandan tout ane a. N ap travay di pou nou pi efikas nan fason n ap ede ou, epi n ap kontinye ofri plis sèvis sou IRS.gov pou ou ka pi alèz nan peryòd fiskal yo.

Nan IRS, siksè nou se yon merit e li depann de respè dwa kontribyab yo ak tretman ekitab nou bay tout moun nou rankontre. Mwen pwomèt nou, nan IRS, n ap bay dwa kontribyab yo priyorite nan tout entèraksyon yo. Anndan ajans nou an, nou konprann, aksepte epi valorize diferans nou yo, e nou fè anpil efò pou nou kenbe yon espas travay enklizif epi divèsifye, kote tout anplwaye yo trete youn lòt ak jantiyès ak sivilite. Nou nan kominote nou yo e n ap kontinye pote bon valè sa yo avèk nou nan tout relasyon nou yo avèk ou. Nou kwè tout moun enpòtan; youn pa plis oswa mwens pase yon lòt. Lè nou respekte epi bay youn lòt valè, n ap ka avanse pi byen.

Mwen vle nou konnen IRS la apresye tan ak efò pèsonèl chak grenn kontribyab pran pou fè deklarasyon taks yo. Mèsi ankò pou sipò w ap bay gran nasyon nou an.
 
Chuck Rettig
Komisè IRS        

Commissioner Rettig

Apwopo Otè a

Chuck Rettig se 49yèm komisè IRS. Antanke komisè, Rettig prezide sistèm fiskal nasyon an, ki kolekte plis pase $3.5 trilyon nan revni fiskal chak ane. Revni sa yo finanse majorite operasyon gouvènman yo ak sèvis piblik yo. L ap dirije yon ajans ki genyen anviwon 80 000 anplwaye ak yon bidjè apeprè $11 bilyon.

Nan tèt IRS la, Rettig mete aksan sou amelyorasyon sèvis y ap bay kontribyab yo nan peyi a, nan aplike lwa fiskal nasyon an jan sa dwe ye, pandan y ap respekte dwa kontribyab yo.

 

Videyo YouTube sou Resous Miltileng sou IRS.gov

Yon Rega Pi Pre

Li tout piblikasyon nou yo (an anglè) apwopo yon varyete kesyon aktyalite ki enterese kontribyab yo ak kominote fiskal la

Abòne

IRS ofri plizyè abònman Bilten Elektwonik sou yon varyete sijè fiskal. Abòne (an anglè) pou jwenn alèt pa imèl lè gen nouvo piblikasyon.