Kesyon yo Poze Souvan sou Kredi Enpo pou Timoun 2021 an ak Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo - Sijè K: Verifikasyon Idantite ou pou Ou Wè Kont Anliy Ou

Yo te pibliye Kesyon yo Poze Souvan sa yo nan Fich Enfòmasyon 2032-32PDF, 14 Jiyè 2022.

A K1. IRS bezwen rasire li ou se oumenm - se pa yon moun ki vle pase pou ou - anvan nou ba aksè nan enfòmasyon sansib sou kont ou an. Verifikasyon idantite w ap ede ou kenbe enfòmasyon w yo sennesòf epi anpeche fwod ak vòl idantite.

A K2. Si ou se yon nouvo itilizatè Kont Anliy, ou dwe kreye yon kont ID.me nan IRS la epi verifye idantite ou. ID.me se yon founisè sèvis akreditasyon ki fyab ki chwazi pou sipòte sèvis koneksyon IRS.gov la.

ID.me itilize dènye teknoloji verifikasyon yo pou otantifye idantite ou rapid epi fasil. Aprann plis sou ID.me ak pwosesis verifikasyon IRS la sou Konekte ou oswa Kreye yon Nouvo Kont.

Si ou gen yon kont deja nan IRS, itilize non itilizatè ak modpas Aksè Sekirize a epi rantre kòd sekirite a antanke yon pati nan pwosesis otantifikasyon plizyè faktè a (multi-factor authentication - MFA). Si ou gen yon kont avèk ID.me nan gouvènman eta a oswa nan yon ajans federal, ou ka itilize imèl ou ak modpas ou epi konple MFA a.

A K3. ID.me otantifye endividi ki gen 18 lane ak plis. Si w bezwen èd pou w verifye idantite w oswa soumèt yon tikè pou sipò, ou kapab ale sou Sit Èd IRS pou ID.me an (an anglè). Si w pa kapab verifye idantite w anliy, tanpri gade lòt opsyon nou yo.

A K4. Wi, antanke yon founisè sèvis akreditasyon ki sètifye kont nòm federal, ID.me gen obligasyon pou li anrejistre enfòmasyon endividi yo. ID.me pwoteje tout enfòmasyon sansib yo avèk yon kriptaj ki pi fò pase sa anpil lòt enstitisyon finansyè.

A5. Si ou se yon nouvo itilizatè Kont Anliy, ou dwe kreye yon kont ID.me nan IRS la pou ou verifye idantite ou. Ou ka jwenn èd pou verifye idantite ou sou ​​​​​sit èd ID.me (an anglè). an. ID.me se yon founisè sèvis akreditasyon ki fyab yo chwazi pou sipòte sèvis koneksyon IRS yo.

Si w bezwen èd pou w verifye idantite w oswa soumèt yon tikè pou sipò, ou kapab ale sou Sit Èd IRS pou ID.me an. Si w pa kapab verifye idantite w anliy, tanpri gade lòt opsyon nou yo.