A1. Wi. Ou ka asiste yon lòt moun, tankou yon zanmi oswa yon manm fanmi oswa atravè yon sèvis preparasyon deklarasyon enpo volontè tankou VITA oswa TCE, depi ou gen pèmisyon moun w ape de a. Ou ka ede yo pandan w ap fè yo konprann kòman pou yo itilize Zouti Enskripsyon pou Non-deklaran pou Kredi Enpo pou Timoun nan oswa mete enfòmasyon yo nan zouti a pou yo. Pa konplete Zouti Enskripsyon pou Non-deklaran pou Kredi Enpo pou Timoun nan san patisipasyon dirèk moun nan paske zouti a egzije pou moun nan deklare enfòmasyon li antre yo vrè, kòrèk, ak konplè epi pou li mete pwòp siyati li.
Si ou nan biznis prepare deklarasyon enpo pou lòt moun, ou dwe swiv règleman sou divilgasyon ak itilizasyon enfòmasyon deklarasyon enpo yo ki nan seksyon 6713 ak 7216 nan Kòd la (Code). Vizite Sant Enfòmasyon Seksyon 7216 (an anglè) pou plis enfòmasyon.
A2. Ou pa bezwen bay IRS la yon PTIN. Zouti Enskripsyon pou Non-deklaran pou Kredi Enpo pou Timoun nan pa gen yon espas pou antre yon PTIN.
Sijè Kredi Enpo pou Timoun 2021 an ak Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo
- Sijè A: Enfòmasyon Jeneral
- Sijè B: Kalifikasyon pou Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo ak Kredi Enpo pou Timoun 2021
- Sijè C: Kalkil Kredi Enpo pou Timoun 2021 an
- Sijè D: Kalkil Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo
- Sijè E: Pwosesis Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun nan
- Sijè F: Aktyalize Enfòmasyon sou Kredi Enpo pou Timoun ou an nan 2021 an
- Sijè G: Resevwa Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo
- Sijè H: Rekonsilyasyon Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo sou Deklarasyon Enpo 2021 w lan
- Sijè I: Rezidan sou Tèritwa Etazini ak Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo
- Sijè J: Anile Enskripsyon nan Pèman Avans yo
- Sijè K: Verifikasyon Idantite ou pou Ou Wè Kont Anliy Ou
- Sijè L: Kesyon Anpil moun poze sou Gad Pataje (Shared Custody)
- Sijè M: Kesyon Anpil moun poze sou Imigrasyon
- Sijè N: Retounen yon peman