Kesyon yo Poze Souvan sou Tranzaksyon Monnen Vityèl yo

An 2014, IRS te pibliye Avi 2014-21, 2014-16 I.R.B. 938 (an anglè), ki fè konnen monnen vityèl yo trete tankou byen, nan sa ki gen pou wè ak taks federal sou revni, epi li bay egzanp sou kijan prensip ansyen taks ki aplikab nan ka tranzaksyon ki enplike byen yo aplikap pou lajan vityèl. Kesyon yo poze souvan ("FAQs") ki pi ba yo ajoute sou egzanp ki bay nan Avi 2014-21 an e aplike menm prensip ansyen taks yo nan kèk lòt sitiyasyon.

Remak: Si tout fwa nou pa di gen eksepsyon, kesyon yo poze souvan sa yo aplikab sèlman pou kontribyab ki posede lajan vityèl antanke byen kapital. Pou plis enfòmasyon sou definisyon byen kapital, egzanp sou sa ki se yon byen kapital, sa ki pa yon byen kapital, ak tretman taks sou tranzaksyon byen an jeneral, gade Piblikasyon 544, Vant ak Lòt Fòm Pasasyon Byen (an anglè).

R1. Monnen vityèl se yon reprezantasyon valè sou fòm dijital, sa ki diferan de reprezantasyon dola ameriken an oswa lajan yon peyi etranje ("lajan reyèl"), ki fonksyone antanke yon inite kont, yon rezèv valè, ak yon mwayen echanj. Gen kèk nan monnen vityèl yo ki konvètib, sa vle di yo gen yon valè ekivalan nan monnen reyèl oswa sèvi tankou sibtiti monnen reyèl. IRS itilize tèm "monnen vityèl" nan kesyon yo poze souvan sa yo pou pale de divès kalite monnen vityèl konvètib ki itilize antanke mwayen echanj, tankou lajan dijital ak kriptomonnen. Kèlkeswa jan yo ta ka rele yo a, si yon byen patikilye gen karakteristik monnen vityèl, l ap trete tankou monnen vityèl nan sa ki gen pou wè ak taks sou revni federal.

R2. Monnen vityèl yo trete tankou byen epi prensip jeneral taks ki aplikab nan kad tranzaksyon byen yo aplikab tou nan kad tranzaksyon ki fèt ak monnen vityèl yo. Pou plis enfòmasyon sou fason yo tretman taks sou monnen vityèl, gade Avi 2014-21. Pou plis enfòmasyon sou tretman taks sou tranzaksyon byen yo, gade Piblikasyon 544, Vant ak lòt fòm pasasyon byen (an anglè).

R3. Kriptomonnen se yon fòm monnen vityèl ki itilize kriptografi pou sekirize tranzaksyon yo ki anrejistre nan yon rejis dijital ki pataje, tankou yon blòkchèn (blockchain). Yo di tranzaksyon an chèn ("on-chain") pou pale de yon tranzaksyon ki enplike kriptomonnen epi ki anrejistre nan yon rejis pataje. Yo di tranzaksyon òchèn (off-chain) pou pale de yon tranzaksyon ki pa anrejistre nan rejis pataje a.

R4. Wi. Lè ou vann monnen vityèl, ou dwe rekonèt nenpòt pwofi oswa pèt kapital sou vant lan, ki sijè a nenpòt limit sou dediksyon ki gen pou wè ak pèt kapital. Pou jwenn plis enfòmasyon sou byen kapital, pwofi kapital, ak pèt kapital, gade Piblikasyon 544, vant ak lòt fòm pasasyon byen (an anglè) .

R6. Si ou posede monnen vityèl la pandan yon ane oswa pi piti tan anvan ou vann li oswa echanje li, alòs, w ap fè yon pwofi oswa pèt kapital akoutèm. Men si ou posede monnen vityèl la pou plis pase yon ane anvan ou vann li oswa echanje li, alòs, w ap fè yon pwofi oswa pèt kapital alontèm. Peryòd ou posede monnen vityèl la rele ("peryòd detansyon" (holding period)). Li kòmanse nan jou ki vini apre jou ou te resevwa monnen vityèl la epi li fini nan menm jou ou vann oswa echanje lajan vityèl la. Pou jwenn plis enfòmasyon sou pwofi ak pèt kapital akoutèm ak alontèm, gade Piblikasyon 544, vant ak lòt fòm pasasyon byen (an anglè).

R7. Pou jwenn pwofi ou oswa pèt ou fè yo, w ap fè kalkil diferans ant baz ajiste ou nan monnen vityèl la ak montan ou te resevwa lèw chanje monnen vityèl la, sa ou sipoze rapòte nan deklarasyon taks sou revni federal ou an dola ameriken. Pou plis enfòmasyon sou pwofi oswa pèt ki gen pou wè ak lavant oswa echanj, gade Piblikasyon 544, vant ak lòt fòm pasasyon byen (an anglè).

R8. Baz ou (sa yo rele tou "baz pri") se kantite lajan ou te depanse pou w ka posede monnen vityèl la, sa ki gen ladan frè, komisyon ak lòt depans nan kad akizisyon an, sa ki fèt an dola ameriken. Baz ajiste ou se baz ou nan ka kote kèk depans lakoz li ogmante epi kèk dediksyon oswa kredi an dola ameriken lakoz li diminye. Pou plis enfòmasyon sou baz, gade Piblikasyon 551, Baz Byen yo (an anglè).

R9. Wi. Lè ou resevwa byen, ki gen ladan monnen vityèl, an echanj de sèvis ou bay, menm si se ta wi oswa non ou pa bay sèvis yo antanke yon anplwaye, w ap rekonèt sa tankou yon revni òdinè. Pou plis enfòmasyon sou konpansasyon pou sèvis yo, gade Piblikasyon 525, Revni ki gen taks ak sa ki pa gen taks sou li (an anglè).

R10. Wi. Anjeneral, revni travay endepandan gen ladan tout revni brit yon moun ki sòti nan nenpòt komès oswa biznis moun nan fè endividyèlman menm si se pa ta antanke yon anplwaye. Sa nou konsidere pou revni travay endepandan nan ka sa a se jis valè machan lajan vityèl la, an dola ameriken, nan dat kontraktè endepandan an te resevwa li a pou sèvis li te bay yo. Montan sa a sijè a taks sou travay endepandan.

R11. Wi. Anjeneral, mwayen ki itilize pou peye salè pou sèvis yo pa gen twòp enpòtans nan sa ki gen pou wè ak detèmine si wi oswa non salè a sijè a taks sou travay. Se sa ki fè se jis valè machann monnen vityèl ki peye antanke salè a, evalye an dola ameriken nan dat li te peye a , ki sijè a taks federal sou revni, taks lwa federal kontribisyon asirans (FICA), ak taks lwa federal chomaj (FUTA), yo sipoze rapòte nan Fòm W-2, Deklarasyon salè ak taks (an anglè). Gade Piblikasyon 15 (Sikilè E), Gid taks anplwayè an (an anglè)PDF, pou enfòmasyon sou prelèvman, depoze, rapòte, ak peye taks sou travay.

R12. Montan revni ou dwe rekonèt la se jis valè machann monnen vityèl la, an dola ameriken, nan moman te touche l la. Nan kad yon tranzaksyon an chèn (on-chain), dat ou resevwa lajan vityèl la se dat tranzaksyon sa a anrejistre nan rejis distribiye a.

R13. Si nan kad yon tranzaksyon ki pa gen okenn lyen depandans, ou bay yon moun yon sèvis epi ou te touche nan monnen vityèl, baz ou a nan monnen vityèl sa a se valè machan lajan vityèl la, an dola ameriken, nan dat ou resevwa lajan vityèl la. Pou plis enfòmasyon sou baz, gade Piblikasyon 551, Baz Byen yo (an anglè).

R14. Wi. Si ou itilize monnen vityèl ou posede antanke byen kapital pou peye yon moun pou sèvis li ba ou, alòs, ou echanje byen kapital pou jwenn sèvis sa a, kidonk, w ap fè pwofi oswa pèt kapital. Pou jwenn plis enfòmasyon sou pwofi ak pèt kapital, gade Piblikasyon 544, vant ak lòt pasasyon byen (an anglè).

R15. Pwofi oswa pèt ou fè se diferans ki genyen ant jis valè machann sèvis ou resevwa yo ak baz ajiste ou nan monnen vityèl echanj lan. Pou plis enfòmasyon sou pwofi oswa pèt nan lavant oswa echanj, gade Piblikasyon 544, vant ak lòt pasasyon byen (an anglè).

R16. Wi. Si ou echanje monnen vityèl ou posede antanke byen kapital kont lòt byen, tankou machandiz oswa kont yon lòt monnen vityèl, w ap gen pou rekonèt pwofi oswa pèt kapital. Pou jwenn plis enfòmasyon sou pwofi ak pèt kapital, gade Piblikasyon 544, vant ak lòt pasasyon byen (an anglè).

R17. Pwofi oswa pèt ou fè, se diferans ki genyen ant jis valè machan byen ou resevwa a ak baz ajiste ou nan monnen vityèl echanj lan. Pou plis enfòmasyon sou pwofi oswa pèt nan lavant oswa echanj, gade Piblikasyon 544, vant ak lòt fòm pasasyon byen (an anglè) .

R18. Si nan kad yon tranzaksyon ki pa gen okenn lyen depandans, ou transfere monnen vityèl bay yon moun epi ou resevwa monnen vityèl an echan, baz ou pou byen sa a se jis valè machan li nan moman echanj lan. Pou plis enfòmasyon sou baz, gade Piblikasyon 551, Baz byen yo (an anglè).

R19. Wi. Si ou transfere byen ou posede antanke byen kapital an echanj de monnen vityèl, w ap gen pou rekonèt pwofi oswa pèt kapital. Si ou transfere byen ki pa byen kapital an echanj de monnen vityèl, w ap gen pou rekonèt pwofi oswa pèt òdinè. Pou plis enfòmasyon sou pwofi ak pèt, gade Piblikasyon 544, Vant ak lòt fòm pasasyon byen (an anglè).

R20. Pwofi oswa pèt ou fè se diferans ki genyen ant jis valè machann monnen vityèl la lè ou resevwa li a (an jeneral, lè tranzaksyon an anrejistre rejis distribiye a) ak baz ajiste ou nan byen ki echanje a. Pou plis enfòmasyon sou pwofi oswa pèt nan lavant oswa echanj, gade Piblikasyon 544, Vant ak lòt fòm pasasyon byen (an anglè).

R21. Si nan kad yon tranzaksyon ki pa gen okenn lyen depandans, ou transfere byen bay yon moun epi ou resevwa lajan vityèl an echanj, baz ou nan lajan vityèl se jis valè machan lajan vityèl la, an dola ameriken, nan dat ou resevwa lajan vityèl la. Pou plis enfòmasyon sou baz, gade Piblikasyon 551, Baz Byen yo (an anglè).

R22. Yon hadfòk (hard fork) se lè yon kriptomonnen sibi yon chanjman pwotokòl ki lakòz yon detounman pèmanan apati de eritaj rejis distribiye a. Sa gendwa lakòz kreyasyon yon nouvo kriptomonnen ak nouvo rejis distribye anplis de eritaj kriptomonnen a nan eritaj rejis distribye a. Si kriptomonè ou a te sibi yon hadfòk, men ou pa resevwa okenn nouvo kriptomonè, kit se atravè yon "èdjwòp" (airdrop) (ki se yon distribisyon kriptomonè nan adrès rejis distribye bay yon valè kontribyab) oswa kèk lòt fòm transfè, ou pa gen revni ki gen taks sou li.

R23. Si gen èdjwòp (airdrop) aprè yon hadfòk (hard fork) epi ou resevwa nouvo kriptomonnen w ap gen revni ki gen taks sou li nan ane fiskal ou resevwa kriptomonnen sa a.

R24. Lè ou resevwa kriptomonnen apati de èdjwòp (airdrop) apre yon hadfòk (hard fork), w ap gen revni òdinè ki egal ak jis valè machan nouvo kriptomonnen an nan dat ou resevwa li a, sa ki koresponn ak dat tranzaksyon an anrejistre nan rejis ki distribye a, si tout fwa ou gen dwa sou kriptomonè sa a, sa vle di ou gen dwa pou ou transfere l, vann li, echanje li, oswa debarase w de li yon lòt fason.

R25. Si w resevwa kriptomonnen apati de yon èdjwòp (airdrop) apre yon hadfòk (hard fork), baz ou a nan kriptomonnen sa a egal a kantite lajan ou enkli nan revni ou nan deklarasyon taks sou revni federal ou a. Kantite lajan ki enkli nan revni a se jis valè machan kriptomonè a nan dat ou resevwa li a. Ou resevwa yon kriptomonè se lè ou gen dwa pou transfere li, vann li, echanje li, oswa debarase w de li yon lòt fason, sa ki koresponn jeneralman ak dat ak lè èdjròp (airdrop) la anrejistre nan rejis distribye a. Gade Rev. Rul. 2019-24 (an anglè) . Pou plis enfòmasyon sou baz, gade Piblikasyon 551, Baz Byen yo (an anglè).

R26. Si w resevwa kriptomonnen nan kad yon tranzaksyon echanj kriptomonnen, valè kriptomonnen an se montan ki anrejistre nan kad ke echanj kriptomonnen pou tranzaksyon sa a an dola ameriken. Si se ta yon echanj kriptomonnen santralize oswa desantralize ki ta fasilite echanj sa a, men li pa ta anrejistre nan yon rejis distribye, oswa li se yon tranzaksyon òchèn (off-chain), alòs, jis valè machan an ap montan kriptomonnen an te echanje a nan dat ak lè tranzaksyon an te anrejistre nan rejis la si tout fwa li te yon tranzanksyon an chèn (on-chain) yon lè.

R27. Si ou resevwa kriptomonnen nan kad yon tranzaksyon ant pwopriyetè kriptomonnen ak pwopriyetè kriptomonnen oswa yon lòt fòm tranzaksyon ki pat enplike konvèsyon kriptomonnen, jis valè machan kriptomonnen an ap detèmine apati dat ak lè tranzaksyon an te anrejistre nan rejis distribye a, oswa ta dwe rejistre nan rejis la sizoka se te yon tranzaksyon an chèn (on-chain). IRS ap aksepte kòm prèv jis valè machan, valè eksploratè blòkchèn oswa kriptomonnen yo ki evalye endis yo nan kat kwen mond lan nan yon dat ak lè ki byen presi. Si ou pa sèvi ak yon eksploratè valè, ou sipoze asire ou valè ou itilize a se yon reprezantasyon egzat jis valè machan kriptomonnen an.

R28. Lè ou resevwa kriptomonnen an echanj de byen oswa sèvis, epi komès kriptomonnen sa a pa fèt sou okenn platfòm echanj kriptomonnen, epi li pa gen yon valè ki pibliye pou li, nan ka sa a, jis valè machan kriptomonè ou resevwa a egal jis valè machan byen a oswa sèvis ki echanje kont kriptomonnen a la lè tranzaksyon an fèt la.

R29. Peryòd detansyon ou a kòmanse jou ki vini apre jou ou resevwa kriptomonè a. Pou plis enfòmasyon sou peryòd detansyon, gade Piblikasyon 544, Vant ak Lòt fòm pasasyon byen (an anglè).

R30. Non. Yon sòffòk (soft fork) rive se lè yon rejis distribye sibi yon chanjman pwotokòl ki pa lakòz yon detounman nan rejis la, kidonk, sa pa lakòz kreyasyon yon nouvo kriptomonnen. Pliske sòffòk (soft fork) la pa pemèt ou resevwa nouvo kriptomonè, w ap toujou rete nan menm pozisyon ou te ye avan sòffòk la, ki pa jenere okenn revni pou ou.

R31. Non. Si w resevwa lajan vityèl kòm yon kado bònfwa, ou p ap gen pou rekonèt revni jiskaske ou ta vann li, echanje li, oswa debarase w de li yon lòt fason. Pou plis enfòmasyon sou kado, gade Piblikasyon 559, Sivivan, Egzekitè, ak Administratè (an anglè).

R32. Baz ou nan monnen vityèl ou resevwa kòm yon kado bònfwa diferan an fonksyon de si wi oswa non w ap fè pwofi oswa pèt lè ou vann oswa debarase w de li. Pou sa ki gen pou wè ak kalkile si ou fè pwofi, baz ou a egal ak baz donatè a, plis nenpòt taks sou kado donatè a te peye pou kado a. Pou kalkile si ou fè yon pèt, baz ou a egal ak pi piti nan baz donatè a oswa jis valè machann monnen vityèl la nan moman ou resevwa kado a. Si ou pa gen okenn dokiman pou pwouve baz donatè a, lè sa a, baz ou a se zewo. Pou plis enfòmasyon sou Baz byen yon moun resevwa kòm kado, gade Piblikasyon 551, Baz Byen yo (an anglè).

R33. Peryòd detansyon nan monnen vityèl ou resevwa kòm kado gen ladan tan monnen vityèl la pase nan men moun ki ba ou li kòm kado a. Sepandan, nan ka kote ou pa gen dokiman pou pwouve peryòd detansyon moun sa a, peryòd detansyon ou ap kòmanse jou ki vini apre jou ou resevwa kado a. Pou plis enfòmasyon sou peryòd detansyon, gade Piblikasyon 544, Vant ak lòt fòm pasasyon byen (an anglè).

R34. Si w bay yon òganizasyon oswa misyon charite ki dekri nan kòd revni entèn nan, nan seksyon 170(c) yon don an monnen vityèl, ou p ap gen pou rekonèt revni, pwofi oswa pèt pou don an. Pou plis enfòmasyon sou kontribisyon pou fè charite, gade Piblikasyon 526, Kontribisyon pou fè charite (an anglè).

R35. Jeneralman, dediksyon kontribisyon pou fè charite ou an egal a jis valè machan monnen vityèl la nan moman don an fèt la nan ka kote ou te posede monnen vityèl la pou plis pase yon ane. Si ou te posede monnen vityèl la pou yon ane oswa mwens nan moman donasyon an, dediksyon ou se pi piti nan baz ou nan monnen vityèl la oswa jis valè machann monnen vityèl la nan moman kontribisyon an. Pou plis enfòmasyon sou dediksyon kontribisyon pou fè charite, gade Piblikasyon 526, kontribisyon pou fè charite (an anglè).

R36. Yon òganizasyon charitab ka ede yon donatè lè li ba li yon rekonesans alekri. Donatè a dwe gen rekonesans sa a nan men li sizoka li ta vle reklame yon dediksyon $250 oswa plis pou don monnen vityèl la. Gade Piblikasyon 1771, jistifikasyon kontribisyon pou fè charite ak Koudisyon pou Divilgasyon (an anglèPDF), pou plis enfòmasyon.

Anjeneral, yon òganizasyon charite oblije siyen Fòm 8283 donatè a pou Kontribisyon pou Charite ki pa Lajan Likid, k ap akize resepsyon byen dediksyon charite a, sizoka donatè a ap reklame yon dediksyon plis pase $5,000 epi si donatè a prezante Fòm 8283 a bay òganizasyon an pou siyati, yon fason pou ka jistifye dediksyon fiskal la. Siyati moun ki resevwa don an ki nan Fòm 8283 la pa reprezante valè estimasyon byen kontribisyon an. Siyati a jis reprezante li rekon li resevwa byen an jan sa dekri nan Fòm 8283 nan dat ki espesifye a epi sa vle di tou moun ki resevwa byen an konprann kondisyon pou rapòte enfòmasyon seksyon 6050L enpoze yo sou fason pou debarase de byen yo resevwa kòm don (gade diskisyon sou Fòm 8282 nan kesyon yo poze souvan 37). Gade ​​​​​​enstriksyon Fòm 8283 (an anglè) pou plis enfòmasyon.

R37. òganizasyon charitab ki resevwa monnen vityèl ta dwe trete don an kòm yon kontribisyon ki pa fèt an lajan likid. Gade Piblikasyon 526, kontribisyon pou fè charite (an anglè), pou plis enfòmasyon. Responsablite charite ki egzante taks gen ladan sa ki pi ba yo:

  • Òganizasyon charitab yo rapòte kontribisyon ki pa an lajan likid yo nan yon deklarasyon anyèl seri Fòm 990 (an anglè) ak kalandriye M ki avèk li, si sa aplikab. Al gade nan enstriksyon Fòm 990 ak kalandriye M yo pou plis enfòmasyon.
  • Òganizasyon charitab yo dwe ranpli Fòm 8282, deklarasyon enfòmasyon moun ki resevwa a (an anglè), si yo vann byen dediksyon charite a, si yo echanje li oswa debarase yo de li yon lòt fason (oswa nenpòt pòsyon ladan l) - tankou vann lajan vityèl pou lajan reyèl jan sa dekri nan kesyon yo poze souvan 4 - nan yon espas twa (3) zan apre dat yo te resevwa byen an, epi bay vrè donatè a yon kopi nan fòm nan. Gade enstriksyon yo nan Fòm 8282 (an anglè) pou plis enfòmasyon.

R38. Non. Si w transfere monnen vityèl soti nan yon bous, adrès, oswa kont ki pou ou, pou ale nan yon lòt bous, adrès, oswa kont ki pou ou, lè sa a transfè a se yon tranzaksyon ki pa sijè a taks, menm si ou ta resevwa yon deklarasyon ki gen enfòmasyon apati de yon echanj oswa platfòm kòm rezilta transfè a.

R39. Wi. Ou ka chwazi ki inite monnen vityèl w ap vann, echanje, oswa debarasew de li nan yon lòt fason, si tout fwa ou ka idantifye espesyalman ki inite oswa inite monnen vityèl ki enplike nan tranzaksyon an epi pwouve baz ou nan inite sa yo.

R40. Ou ka idantifye yon inite espesifik nan monnen vityèl swa lè w dokimante idantifyan dijital inik inite espesifik la tankou yon kle prive, kle piblik, ak adrès, oswa pa dosye ki montre enfòmasyon sou tranzaksyon an pou tout inite nan yon monnen vityèl espesifik, tankou Bitcoin, deteni nan yon sèl kont, bous, oswa adrès. Enfòmasyon sa a dwe montre (1) dat ak lè chak inite te achte, (2) baz ou ak jis valè machann chak inite nan moman akizisyon an te fèt la, (3) dat ak lè chak inite te vann, echanje chak inite, oswa debarase de yo otreman, epi (4) jis valè machan chak inite lè yo vann, echanje, oswa devarase de yo, ak kantite lajan oswa valè byen yo resevwa pou chak inite.

R41. Si ou pa idantifye inite espesifik nan monnen vityèl yo, nou konsidere inite ki vann, echanje, oswa ou voye ale yo a nan lòd kwonolojik sòti nan premye inite monnen vityèl ou te achte oswa akeri a; sa vle di, sou yon baz premye antre, premye soti (FIFO).

R42. Ou dwe rapòte revni, pwofi oswa pèt ki sòti nan tout tranzaksyon ki gen taks sou li ki enplike monnen vityèl nan deklarasyon taks sou revni federal ou pou ane fiskal tranzaksyon an, kèlkeswa kantite lajan an oswa si ou resevwa yon deklarasyon nan men benefisyè a oswa yon deklarasyon enfòmasyon.

R43. Ou dwe rapòte pifò vant ak lòt tranzaksyon kapital epi kalkile pwofi oswa pèt kapital an akò ak fòm ak enstriksyon IRS yo, tankou Fòm 8949, vant ak lòt fòm pasasyon byen kapital (an anglè), epi answit rezime pwofi kapital ak pèt kapital dediktib nan Fòm 1040, kalandriye. D, Pwofi ak Pèt Kapital (an anglè).

R45. Enfòmasyon sou monnen vityèl yo disponib sou IRS.gov/digitalassets. Nou ka jwenn repons pou anpil kesyon sou tretman taks sou monnen vityèl yo si nou ale nan Avi 2014-21 (an anglè) ak Rev. Rul. 2019-24 (an anglè).​​​​​​

R46. Kòd revni entèn ak règleman yo mande pou kontribyab yo kenbe dosye ki sifizan pou tabli pozisyon yo pran nan kad deklarasyon taks yo. Se poutèt sa, ou ta dwe konsève, pa egzanp, dosye ki dokimante resi, vant, echanj, oswa lòt mwayen ou debarase w de monnen vityèl ak jis valè machann monnen vityèl la.