Dirty Dozen: Pran prekosyon nou ak pwomotè agresif ki twonpe kontribyab yo pou yo fè reklamasyon Kredi pou Retansyon Anplwaye ki kesyonab; kontinye gen risk pou ti biznis yo, pwogram retrè espesyal rete disponib

IR-2024-85, 29 mas 2024

WASHINGTON — Nan kad Dirty Dozen (an anglè) ane sa a, Internal Revenue Service kontinye avèti biznis yo ak lòt moun pou yo rete lwen pwomotè malonèt e agresif reklamasyon kesyonab pou Kredi Retansyon Anplwaye (ERC).

Souvan, Reklamasyon ERC kesyonab sa yo mete biznis ki pa vijian, ak lòt antite an danje penalite, enterè ak potansyèl pouswit kriminèl akoz yo reklame ERC a lè yo pa kalifye epi yo pa gen dwa pou li.

Nan dezyèm jou nan seri Dirty Dozen nan, dènye avètisman sa a vini pandan IRS kontinye pran mezi espesyal pou kontrekare maketing agresif konsènan ERC a, pafwa yo rele l Kredi Enpo pou Retansyon Anplwaye oswa ERTC. Depi IRS te anonse yon moratwa sou pwosesis nouvo reklamasyon ki te depoze apre 14 septanm 2023 a, efò konfòmite ajans lan sou reklamasyon ERC yo te depase plis pase $1 milya (an anglè) jiskaprezan, depi otòn pase a, travay la ap kontinye avèk efò pou kontrekare reklamasyon kesyonab yo.

Avèk travay konfòmite sou reklamasyon ERC k ap kontinye ogmante atravè odit ak envestigasyon kriminèl, IRS te raple biznis yo yo toujou gen opsyon pou retire nenpòt reklamasyon ki poko trete. Biznis yo ta dwe pwofite pran avantaj nan pwosesis retrè reklamasyon an (an anglè) byen vit si yo bezwen mande IRS pou li pa trete yon reklamasyon ERC pou nenpòt peryòd enpo ki poko peye.

Pandan travay sa a ap kontinye, IRS kontinye ankouraje biznis yo pou yo konsidere avèk anpil atansyon direktiv konplèks ERC yo (an anglè) anvan yo soumèt yon reklamasyon. IRS rete konsène kèk biznis ki pa elijib, jwenn ankourajman, nan men maketè yo, pou yo soumèt reklamasyon ERC ki pa kòrèk; yon moun ta dwe toudabò kontakte yon pwofesyonèl enpo ou fè konfyans pou evite potansyèl aksyon konfòmite IRS alavni.

Komisyonè IRS la, Danny Werfel te di, “Nou enkyete n pwomotè malonèt ak anpil mit sou kalifikasyon pou kredi sa a ka mete an danje biznis ki ge bon entansyon. Avan nenpòt moun depoze yon reklamasyon Kredi Retansyon Anplwaye, yo ta dwe byen gade kondisyon kalifikasyon yo epi pale ak yon pwofesyonèl enpo ou fè konfyans. Konte sou yon maketè k ap chèche pran yon pousantaj kòm frè nan reklamasyon potansyèl la, sa ajoute risk pou biznis ki gen bon entansyon yo nan travay konfòmite IRS ap kontinya fè a.”

IRS te pran mezi konfòmite enpòtan konsènan pwogram ERC a apre pwogram epòk pandemi sa a ki te byen entansyone a te vin sibi yon maketing agresif, ki twonpe moun lè l te twò senplifye oswa defòme règ kalifikasyon yo. Pwomotè yo te pouse plis aplikan nan pwogram nan, souvan yo pran yon pousantaj nan peman an.

Lè yo byen reklame l, ERC a se yon kredi enpo ranbousab (an anglè) ki fèt pou biznis ki te kontinye peye anplwaye yo pandan pandemi COVID-19 la, alòske operasyon biznis lan te swa totalman oswa pasyèlman sispann poutèt lòd gouvènman an, oswa te gen yon bès oswa yon bès enpòtan nan resi brit yo nan peryòd kalifikasyon yo.

Depi ane 2002, kanpay anyèl Dirty Dozen IRS la bay lis 12 fwod ak konplo ki mete kontribyab, biznis ak kominote pwofesyonèl enpo a nan risk pou yo pèdi lajan, enfòmasyon pèsonèl, done ak plis ankò. Byenke Dirty Dozen lan se pa yon dokiman legal oswa yon lis fòmèl nan priyorite ranfòsman ajans lan, efò edikasyon sa a fèt pou ogmante konsyantizasyon epi pwoteje kontribyab ak pwofesyonèl enpo yo kont èskrokri fiskal komen ak konplo.

Pwogram retrè ERC

IRS ap kontinye aksepte epi trete demann pou retire tout reklamasyon ERC yon anplwayè (an anglè), nan yon pwosesis retrè espesyal. IRS te deja resevwa plis pase $250 milyon an retrè pandan ajans lan ap kontinye entansifye odit ak travay ankèt kriminèl nan domèn sa a.

Opsyon retrè sa a pèmèt sèten anplwayè, ki te depoze yon reklamasyon ERC men ki poko resevwa yon ranbousman, pou yo retire demann yo te soumèt yo epi evite responsablite remèt ranbousman an alavni, avèk enterè ak penalite. Anplwayè ki te soumèt yon reklamasyon ERC, ki poko resevwa ranbousman yo, ka retire reklamasyon yo epi evite posiblite pou yo jwenn yon ranbousman yo pa kalifye pou yo. Yo ka retire reklamasyon yo tou si yo te resevwa yon chèk, men yo poko depoze oswa kach li.

IRS te kreye opsyon retrè a pou ede pwopriyetè ti biznis yo, ak lòt moun maketè oswa pwomotè ERC yo te fè presyon oswa twonpe yo, pou yo fè reklamasyon yo pa kalifye pou sa. Reklamasyon yo retire yo pral trete kòmsi yo pa t janm ranpli yo. IRS pa pral enpoze penalite oswa enterè.

IRS kontinye ankouraje anplwayè ki te soumèt reklamasyon yo konsidere kondisyon ERC yo, epi pale ak yon pwofesyonèl enpo ou fè konfyans sou kalifikasyon yo nan mitan fo maketing k ap twonpe moun konsènan kredi a.

Pou plis enfòmasyon sou elijiblite ERC, kontribyab yo ka wè kesyon ERC yo poze souvan (an anglè) ak Lis Verifikasyon Elijibilite ERC, ki disponib kòm yon zouti entèaktif (an anglè) oswa kòm yon gid pou enprime (an anglè)PDF.

Siy yon reklamasyon ERC ta ka pa kòrèk

Dènyèman, IRS mete aksan sou siy avètisman espesyal ki siyale yon reklamasyon ERC ka kesyonab, pou ede ti biznis ki ka bezwen rezoud reklamasyon ki pa kòrèk.

Ajans la te pataje siy avètisman sispèk ki ka siyale pwoblèm avèk IRS alavni, ki gen rapò avèk reklamasyon ERC. Grasa fidbak nan kominote pwofesyonèl enpo a ak pèsonèl konfòmite IRS, siy avètisman yo santre sou move enfòmasyon kèk pwomotè ERC malonèt yo itilize.

Men siy alam komen IRS wè konsènan reklamasyon ERC yo:

  • Yo reklame twòp trimès. Gen kèk pwomotè ki te mande patwon yo pou yo reklame ERC pou tout trimès kredi a te disponib. Kalifye pou tout trimès pa rive souvan epi sa ta ka yon siy yon reklamasyon pa kòrèk.
    • Lòd gouvènman ki pa kalifye. Kèk pwomotè te fè manti lè yo di patwon yo yo ka reklame ERC a si nenpòt lòd gouvènman an te an plas nan zòn yo a, menm si operasyon yo a pa t afekte oswa si yo te chwazi sispann operasyon biznis yo volontèman.
    • Twòp anplwaye ak move kalkil. Anplwayè yo ta dwe pran prekosyon pou reklame ERC a pou tout salè yo peye pou chak anplwaye sou pewòl yo. Lwa a chanje pandan tout ane 2020 ak 2021. Gen limit dola ak diferan kantite kredi, epi patwon yo bezwen satisfè sèten règ pou salè yo konsidere kòm salè kalifye, selon peryòd enpo a.
  • Biznis ki site pwoblèm jwenn founiti. Kalifye pou ERC sou baz yon mankman nan founiti se yon bagay estraòdinè. Yon dezòd nan disponiblite founiti pou kont li pa kalifye yon anplwayè pou ERC a.
  • Biznis reklame twòp ERC nan yon peryòd enpo. Li pa komen pou yon anplwayè kalifye pou ERC pou tout trimès kalandriye a si operasyon biznis yo te sispann totalman oswa pasyèlman akoz yon lòd gouvènman an pandan yon pati nan yon trimès ane sivi la.
  • Biznis pa t peye salè oswa pa t egziste pandan peryòd kalifikasyon. Anplwayè yo ka sèlman reklame ERC a pou peryòd enpo yo te peye salè anplwaye yo.
  • Pwomotè a di pa gen anyen pou pèdi. Biznis yo ta dwe sou gwo alèt lè nenpòt pwomotè ERC ta ankouraje yo pou yo reklame ERC a paske yo "pa gen anyen pou yo pèdi." Biznis ki mal reklame ERC gen risk pou yo remèt ranbousman an, ak penalite, enterè, yo ka odit yo ak depans potansyèl pou anboche yon moun pou ede rezoud reklamasyon ki pa kòrèk la.

Èd pou biznis yo ka te twonpe sou ERC a

Gen kèk pwomotè ki te di kontribyab yo tout patwon kalifye pou ERC a. IRS ak kominote pwofesyonèl enpo a fè konnen se pa vre. Elijiblite depann de reyalite espesifik ak sikonstans yo. IRS gen plizyè douzèn resous pou ede moun aprann epi tcheke elijiblite ERC, epi biznis yo ka konsilte pwofesyonèl enpo yo fè konfyans tou. Zouti kle IRS yo enkli: