Se yon klik sèlman kontribyab ki gen ekstansyon yo ap gen pou yo fè pou yo kapab jwenn èd sou sit IRS.gov la

Konsèy Fiskal KOVID 2022-64, 26 Avril 2022

Kontribyab ki gen ekstansyon yo kapab fè deklarasyon yo lè yo prè pou yo fè sa, men pifò nan yo sipoze fè sa 17 oktòb 2022. Gendwa gen dat limit espesyal ki aplikab pou kèk moun tankou viktim katastwòf yo (an anglè)kèk manm k ap bay sèvis nan fòs lame ak moun k ap bay sipò nan zòn konba (an anglè).

Lè yon kontribyab ki gen ekstansyon prè pou fè deklarasyon li, IRS gen yon latriye zouti ak resous ki la pou ede li fè deklarasyon yo byen fasil. Men kèk ladan yo:

Deklarasyon Elektwonik Gratis

Kontribyab ki prepare epi fè deklarasyon yo anliy ap fè mwens erè nan deklarasyon taks yo, opsyon pou fè deklarasyon elektwonik yo tankou Deklarasyon Gratis IRS oswa lojisyèl komèsyal preparasyon taks yo ede nan sa ki gen pou wè ak travay kalkil yo, erè yo rankontre pi souvan yo epi mande enfòmasyon ki manke yo. Kontribyab ki gen yon revni ki pi plis pase $73,000 ak sa ki alèz pou yo fè deklarasyon taks yo pou kont yo gendwa chwazi itilize Fòm pou Ranpli pou Fè Deklarasyon Gratis yo (an anglè).

Kominote militè yo kapab itilize MilTax (an anglè) pou yo fè deklarasyon taks yo. Se yon resous fiskal gratis ki disponib atravè Depatman Defans lan, Kontribyab ki Elijib yo (an anglè) kapab itilize MilTax pou kapab fè, elektwonikman epi gratis, deklarasyon taks federal ak jiska twa (3) deklarasyon taks eta.

Asistan Taks Entèraktif

 Zouti Anliy (an anglè) sa a bay repons kesyon ki gen pou wè ak lwa taks yo.

Repètwa Preparatè Deklarasyon Taks

Pou kontribyab ki bezwen èd pou kapab prepare deklarasyon taks yo, Repètwa Anliy (an anglè) lan kapab ede yo jwenn yon pwofesyonèl taks ki nan zòn yo.

Rekonsilye Avans Kredi Taks pou Timoun oswa Reklame Kredi Ranbousman Rekiperasyon an.

Moun ki bezwen rekonsilye avans pèman kredi taks pou timoun yo (an anglè) oswa reklame kredi ranbousman rekiperasyon an  ap gen bezwen enfòmasyon adisyonèl ki gen pou wè ak pèman 2021 yo pou kapab fè yon deklarasyon taks ak done ki egzat epi evite reta nan pwosesis la.

Moun sa yo sipoze gen total montan avans pèman kredi taks pou timoun yo pou kapab resevwa kredi taks pou timoun ki manke a ak twazyèm tranch pèman enpak ekonomik lan pou kapab reklame yon kredi ranbousman rekiperasyon. Kontribyab yo sipoze verifye kont anliy yo oswa lèt 6419, 2021 an, total avans peman kredi taks pou timoun, ak lèt 6475, peman enpak ekonomik 2021 yo, pou montan total peman yo. Sa ap ede yo fè yon deklarasyon taks ak done ki egzat. De moun ki marye ki te resevwa pèman konjwen ap gen pou ale nan kont an liy pèsonèl yo pou kapab verifye nan pwòp lèt pa yo, pòsyon ki revyen yo dedwa nan montan total la. Si yo ta fè yon deklarasyon 2021 ak estati moun ki marye ki fè deklarasyon konjwen, y ap adisyone pèman yo pou kapab jwenn montan total la.

Kote Ranbousman Mwen an?

Kontribyab yo kapab tcheke estati ranbousman yo a nan yon entèval 24 èdtan aprè IRS fin resevwa deklarasyon taks elektwonik yo an. Depi IRS fin apwouve ranbousman an, Kote Ranbousman Mwen an? ap bay kontribyab la dat pou li atann li l ap resevwa li a. IRS mete zouti sa a ajou yon fwa pa jou, jeneralman se lannuit sa fèt, alòs pa gen nesesite pou ou ap plede tcheke. Anplwaye Ajans lan ap kapab tcheke estati ranbousman kontribyab la sèlman aprè 21 jou aprè kontribyab la fin fè deklarasyon elektwonik li, oswa lè zouti Kote Ranbousman Mwen an? mande kontribyab la pou li rele IRS.

IRS voye pifò ranbousman yo nan pi piti pase 21 jou, bay kontribyab ki fè deklarasyon elektwonik yo epi ki chwazi depo dirèk. Sepandan, sa gendwa pran plis tan si deklarasyon an ta gen erè oswa ta gen nesesit pou revize li.

Sa ki kapab retade yon ranbousman: