Kèk kontribyab taks ap bezwen fè pèman estimasyon taks

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

Konsèy IRS sou Taks 2020-115, 8 Septanm 2020

Gen deseri lajan kontribyab taks la fè ki pa mande okenn prelèvman. Pou mèt ti antrepriz yo ak travayè endepandan yo, y ap bezwen fè pèman estimasyon takschak twa mwa.

Men kèk bagay enpòtan kontribyab taks yo dwe konnen sou pèman estimasyon taks:

Kontribyab taks ki pa peye ase taks pandan ane a ap gen pou l peye yon kontravansyon poutèt pèman ki twò piti (an anglè).

Kontribyab takks yo, ki genyen swa yon djòb oubyen pansyon epi ki gen prelèvman taks federal dwe konsilte prelèvman yo; pou sa y ap itilize Estimatè Prelèvman Taks la sou IRS.gov. Si estimatè a pwopoze yon chanjman, kontribyab taks la ka soumèt yon lòt Fòmilè W-4 voye bay anplwayè yo a. Estimatè a ap fè manèv ak anpil sous revni epi ak anpil djòb depi kontribyab taks la genyen yon revni W-2 oswa yon deklarasyon pèman pansyon/rant.

Plis enfòmasyon:

Abòne ak Konsèy Taks IRS (an anglè)