Gid peryòd fiskal: Chanjman nan plan sekou gouvènman ameriken an ka ranfòse ranbousman yo pou anpil fanmi; sitwayen yo sipoze fè deklarasyon taks yo menm si yo pa t konn fè sa depi plizyè ane

IR-2022-29, 8 fevriye 2022

WACHINTONN (WASHINGTON) — Jodia, sèvis revni entèn ankouraje sitwayen ameriken yo pou yo fè yon deklarasyon taks sou revni federal pou ane 2021an pou yo kapab benefisye bon jan avantaj taks ki nan plan sekou gouvènman ameriken an ak lòt lejislasyon resan yo.

Nan majorite ka, patikilye ak fanmi yo ka jwenn avantaj taks elaji sa yo (an anglè) , menm si yo ta rantre yon tikal lajan oswa yo pa ta rantre lajan ditou nan travay yo, nan biznis yo oswa nan lòt sous. Sa vle di, anpil moun ki nòmalman pa gen obligasyon pou fè yon deklarasyon taks ta sipoze fè sa ane sa a. Paske reklamasyon avantaj sa yo ka pemèt anpil moun benefisye ranbousman taks. Kontribyab yo sipoze fè yon deklarasyon taks elektwonik ak done ki egzat epi chwazi depo dirèk pou evite reta nan pwosesis la epi pemèt ou resevwa ranbousman yo pi rapid.

Avantaj taks elaji

Gen yon nouvo paj enfòmasyon, FS-2022-10 (an anglè) , ki disponib kounye a sou sit IRS.gov la, ki bay anpil sou avantaj taks elaji sa yo. Men, IRS ensiste sou sa, avantaj sa yo disponib sèlman pou moun ki fè yon deklarasyon taks sou revni federal pou ane 2021. Avantaj sa yo gen nan yo:

  • Yon Kredi taks elaji pou timoun: Fanmi yo ka reklame kredi sa a, menm si yo te resevwa avans peman yo chak mwa pandan dènye mwatye ane 2021 an.
  • Yon ogmantasyon kredi pou swen timoun ak depandan (an anglè): Fanmi ki peye gadri pou timoun yo yon fason pou yo ka al travay oswa chèche travay ka jwenn yon kredi taks ki ekivalan a jiska $4,000 pou yon moun ki kalifye oswa $8,000 pou de oswa plis moun ki kalifye.
  • Yon kredi taks sou revni ki pi jenere: Plan sekou gouvènman ameriken an te ranfòse EITC pou travayè ki pa gen pitit yo. Genyen chanjman tou ki ka ede fanmi ki gen timoun k ap viv ak yon revni ki ba oswa revni modere.
  • Kredi ranbousman rekiperasyon an: Moun ki te rate twazyèm tranch peman enpak ekonomik (EIP3) ane pase a, sa yo rele tou peman estimilis yo, gendwa elijib pou reklame kredi rabè pou rekiperasyon. Kredi sa a ka ede moun ki elijib yo epi twazyèm tranch peman enpak ekonomik yo te pi piti pase kantite lajan konplè a tou. Sa ki gen ladan moun ki te akeyi yon timoun nan ane 2021 an.
  • Yon dediksyon pou kado ou bay pou fè charite: Majorite kontribyab ki pran dediksyon estanda a ka dedwi kontribisyon elijib lajan kach yo te fè pandan ane 2021 an. Koup marye ki fè deklarasyon ansanm gendwa dedwi jiska $600 nan don lajan kach epi kontribyab endividyèl yo ka dedwi jiska $300 nan don yo. Anplis de sa, elema ki fè gwo don lajan kach souvan kalifye pou dedwi kantite lajan an o konplè an 2021.

Gade paj enfòmasyon an pou plis detay.

IRS raple moun ki fè deklarasyon bonè yo, daprè lalwa, ajans lan pa p ka fè ranbousman kredi taks sou revni yo anvan mitan mwa fevriye. Menm règ la aplikab tou pou ranbousman ki gen ladann kredi taks adisyonèl pou timoun (ACTC). Ane sa a, se tipikman sitwayen ameriken k ap viv aletranje epi ki pa t gen yon rezidans prensipal ozetazini pou plis pase mwatye nan ane 2021 an k ap reklame kredi taks adisyonèl pou timoun. Nòmalman, restriksyon nan mitan mwa fevriye a pa aplikab pou kredi taks ranbousab pou timoun(RCTC), kote se sitwayen ki te gen yon rezidans prensipal Ozetazini ki fè reklamasyon an, sof si yo ta reklame kredi taks sou revni tou.

Rapèl itil

IRS ankouraje tout kontribyab pou yo asire yo, yo gen tout deklarasyon fendane yo nan men yo, anvan menm yo reyalize deklarasyon taks yo pou ane 2021 an. Anplis de tout W-2 ak 1099s yo, sa ki gen ladan de (2) deklarasyon IRS pibliye -- Lèt 6419 (an anglè) , ki montre total avans peman kredi taks pou timoun yo, ak Lèt 6475 (an anglè) , ki montre total peman twazyèm tranch peman enpak ekonomik yo. Sitwayen yo ka itilize Kont Anliy IRS yo tou pou yo ka wè kantite total twazyèm tranch peman enpak ekonomik yo oswa avans peman kredi taks pou timoun yo. Konjwen ki marye epi ki te resevwa peman ansanm yo ap gen pou yo siyen separeman nan pwòp kont pa yo pou ka rekipere kantite lajan separeman.

Pou pifò sitwayen ameriken, dat limit pou fè deklarasyon taks la (an anglè) se 18 avril 2022. Pou moun ki abite nan Mèn (Maine) ak Masatchousèt (Massachusetts), dat limit la se 19 avril 2022. Pou sitwayen ameriken k ap viv ak travay aletranje yo, se 15 jen 2022. Nenpòt moun ki bezwen plis tan pou reyalize deklarasyon yo ka benefisye yon pwolongasyon otomatik jiska 17 oktòb 2022.

Kontribyab yo ka jwenn repons kesyon yo, fòm yo ak enstriksyon ak zouti ki byen fasil pou itilize sou entènèt sou paj IRS.gov la. Yo ka itilize resous sa yo pou ka jwenn èd lè sa nesesè pandan yo chita lakay yo, nan travay yo oswa lè yo nan vwayaj.

Enfòmasyon sa a fè pati yon seri ki rele Gid peryòd fiskal (an anglè) , yon resous pou ede kontribyab yo byen reyalize yon deklarasyon taks taks ak done ki egzat. Gen plis èd ki disponib toujou nan Piblikasyon 17, Taks Federal sou Revni Ou (an anglè) .