Gid Peryòd Fiskal: Opsyon pèman elektwonik ak akò disponib pou kontribyab ki dwe yo

IR-2022-63, 22 mas 2022

WACHINTONN ― Jodi a Sèvis Revni Entèn raple kontribyab ki dwe taks yo gen plizyè fason yo kapab peye epi gen opsyon pou anpil moun ki pa ka peye tout taks yo dwe yo okonplè avan dat limit taks avril la.

Ane sa a, dat limit pou soumèt deklarasyon taks 2021 oswa ekstansyon pou fè deklarasyon epi peye taks ou dwe yo tonbe 18 avril, olye de 15 avril, akòz jou fèt Emansipasyon an (Emancipation Day holiday) nan Distri Kolonbya (District of Columbia). Kontribyab yo nan Mèn (Maine) oswa Masatchousèts (Massachusetts) gen jiska 19 avril 2022, pou fè deklarasyon yo akòz fèt Patriyòt yo (Patriots' Day holiday) nan eta sa yo. Gen kèk kontribyab ki te viktim de yon katastwòf natirèl, yo men yo gen plis tan toujou pou fè deklarasyon yo.

IRS raple kontribyab yo pou yo fè deklarasyon taks yo alè epi peye tout sa yo kapab avan dat limit lan, konsa y a evite deklarasyon tadif ak peye enterè penalite yo.

Konekte pou peye epi gade istorisite peman

Kontribyab yo ka itilize Kont Anliy yo pou tcheke enfòmasyon enpòtan yo an tout sekirite lè y ap prepare pou fè deklarasyon taks yo oswa fè swivi sou balans oswa avi yo. Kontribyab yo ka fè yon pèman k ap efektif nan menm jou a pou yon balans deklarasyon taks 2021, yon ekstansyon pou deklarasyon, oswa estimasyon taks. Tout sa yo se dèt ki sipoze peye avan dat limit avril la pou pifò kontribyab. Yo ka tcheke tou:

  • Revni Brit Ajiste yo, montan Peman Enpak Ekonomik yo ak montan avans peman Kredi Taks pou Timoun yo, sa y ap gen bezwen pou fè deklarasyon 2021 yo,
  • Istorisite peman ak nenpòt peman ki pwograme oswa annatant,
  • Detay plan peman ak
  • Kopi dijital kèk avi ki soti nan IRS.

Fason pou peye

  • Retrè Lajan Elektwonikman (EFW) (an anglè): Opsyon sa a pèmèt kontribyab yo fè deklarasyon epi peye elektwonikman apati de kont bankè yo lè yo itilize lojisyèl preparasyon taks oswa yon pwofesyonèl taks. Opsyon sa a gratis epi li disponib sèlman lè w ap fè yon deklarasyon taks elektwonik.
     
  • Pèman Dirèk: Peman Dirèk la gratis epi li pèmèt kontribyab yo peye taks federal yo an tout sekirite dirèkteman apati de kont chèk yo oswa kont epay yo san yo pa peye okenn frè ni fè okenn enskripsyon alavans. Kontribyab yo ka pwograme peman jiska 365 jou alavans. Apre yo fin soumèt yon peman atravè Peman Dirèk, kontribyab yo pral resevwa konfimasyon tou suit.
     
  • Sistèm Elektwonik pou Pèman Taks Federal: Sèvis gratis sa a bay kontribyab yo yon fason ki san danje epi pratik pou yo peye taks endividyèl ak biznis yo sou telefòn oswa sou Entènèt. Pou enskripsyon ak pou plis enfòmasyon, kontribyab yo ka rele nan 800-555-4477, oswa vizite sit eftps.gov (an anglè) la.
     
  • Kat kredi, kat debi oswa bous dijital: Kontribyab yo ka peye sou entènèt, pa telefòn oswa ak yon aparèy mobil atravè nenpòt nan pwosesè peman otorize yo. Pwosesè sa yo fè ou peye yon frè. IRS pa resevwa okenn frè pou peman sa yo. Pwosesè kat otorize yo ak nimewo telefòn yo disponib sou paj IRS.gov/payments an.
     
  • Lajan Likid: Pou kontribyab ki prefere peye an lajan likid yo, IRS ofri yon fason pou peye taks nan youn nan Konpayi Ki resevwa Lajan likid pou li yo nan magazen k ap patisipe yo. IRS ankouraje kontribyab ki chwazi opsyon sa a pou yo kòmanse bonè paske li egzije yon pwosesis ki gen kat etap. Detay yo, tankou repons pou kesyon yo poze souvan yo disponib sou paj IRS.gov/paywithcash.
     
  • Chèk oswa Manda postal: Peman ki fèt ak chèk oswa madan postal yo sipoze fèt sou non "United States Treasury". Pou ede nou asire n peman an ap rive jwenn nou san pèdi tan, kontribyab yo sipoze mete yon bon peman Fòm 1040-V (an anglè)PDF epi enprime sou devan chèk la oswa manda postal la "Form 1040 ane 2021 an"; non; adrès; nimewo telefòn; ak nimewo Sekirite Sosyal.

Pifò kontribyab gen obligasyon pou fè deklarasyon anvan 18 avril 2022

Sa ki pi enpòtan, pifò kontribyab ki dwe yo sipoze fè yon deklarasyon taks avan dat limit 18 avril la (menm delè yo pa ka peye tout dèt yo). Kontribyab yo ka mande tou yon ekstansyon sis (6) mwa pou otorize yo fè deklarasyon yo anvan 17 oktòb 2022, konsa y ap evite peye penalite ak enterè ki fèt pou kontribyab ki fè deklarasyon an reta yo.

Malgre ekstansyon otomatik pou fè deklarasyon taks yo disponib pou nenpòt moun ki vle youn, ekstansyon sa yo pa chanje dat limit peman an. Se pa yon ekstansyon pou peye li ye. Vizite paj IRS.gov/extensions la pou plis detay.

Anjeneral, nenpòt moun ki dwe taks epi ki al fè deklarasyon li jis apre dat sa a ap gen pou peye yon penalite 5% pa mwa pou deklarasyon an reta. Kidonk, si yon deklarasyon taks konplè, fè li anvan 18 avril toujou koute mwens kòb, menmdelè ou pa ka peye tout lajan ou dwe okonplè alè.

Deklarasyon gratis IRS la se yon fason fasil, rapid pou fè deklarasyon taks. Li disponib pou moun ak fanmi ki elijib ki te touche $73,000 oswa mwens an 2021. Deklarasyon gratis IRS disponib sou sit IRS.gov la.

Peye sa ou kapab

Enterè, ak penalite pou peman an reta ap aplike sou nenpòt peman ki fèt apre 18 avril. Fè yon peman, menm yon peman pasyèl, ap ede limite penalite ak pwa enterè yo. Fason ki pi rapid ak pi fasil pou peye yon dèt taks pèsonèl se avèk Pèman Dirèk, ki disponib sèlman sou sit IRS.gov la. Pou yon rezime sou lòt opsyon peman yo, vizite paj IRS.gov/payments an.

IRS ankouraje kontribyab yo pou yo tcheke dabò si pa gen lòt opsyon pou peye, tankou jwenn yon prè pou peye dèt la. Nan pifò ka, enterè prè yo gendwa pi ba pase konbinezon enterè ak penalite IRS ap gen pou fè ou peye chak mwa daprè Lalwa federal. Nòmalman, penalite pou peman an reta a se mwatye yon pousan (0.5%) pa mwa. Pousantaj enterè a ajiste chak trimès, kounye a li 3% pa ane, lap ogmate chak jou.

Si yon prè pa posib, IRS ka touje ede.

Plan peman sou entènèt

Pifò kontribyab endividyèl kalifye pou mete sou pye yon plan peman sou entènèt ak IRS, epi sa pran sèlman kèk minit pou aplike. Yo notifye aplikan yo imedyatman si demann yo a apwouve. Pa gen okenn nesesite pou rele oswa ekri IRS. IRS fè remake Plan Pèman sou Entènèt yo trete pi vit pase demann yo soumèt ak deklarasyon taks elektwonik yo. Si yon kontribyab jis fè deklarasyon li epi li konnen l ap gen pou li dwe yon balans, li kapab mete sou pye yon plan peman sou entènèt anvan menm li resevwa yon avi oswa yon bòdwo.

Gen de kalite plan peman prensipal sou entènèt:

  • Plan peman a koutèm – Peryòd peman an se 180 jou oswa mwens epi montan total ou dwe a pi piti pase $100,000 nan taks konbine, penalite ak enterè. Pa gen okenn frè pou mete youn sou pye, malgre enterè ak penalite pou peman an reta yo ap kontinye akimile.
     
  • Plan peman alontèm – Peman yo fèt chak mwa, epi monta ou dwe a sipoze pi piti pase $50,000 nan taks konbine, penalite ak enterè. Si IRS apwouve yon plan peman alontèm, sa yo rele tou yon akò vèsman, yon frè konfigirasyon ap aplike kòmsadwa. Men, kontribyab ki gen ti revni yo ka kalifye pou yo anile frè a oswa pou yo ranbouse yo li. Anplis de sa, pou nenpòt moun ki fè deklarasyon yo alè, pousantaj penalite pou peman an reta yo redwi nan mwatye pandan yon akò vèsman an vigè. Sa vle di penalite a akimile nan yon pousantaj yon ka nan yon pousan (0.25%) pou chak mwa, olye de pousantaj abityèl la ki se yon mwatye nan yon pousan (0.5%) pou chak mwa.

Kontribyab yo ki pa kalifye pou yon akò peman sou entènèt ka toujou fè aranjman pou peye pa vèsman. Gade Lòt Enfòmasyon sou Plan Pèman pou plis enfòmasyon.

Lòt opsyon pèman yo

Kèk kontribyab ki gen difikilte yo gendwa anvizaje itilize lòt opsyon pèman sa yo tou:

Retade Lakòlèk la

Si IRS detèmine yon kontribyab pa kapab peye, li ka retade lakòlèk la (an anglè) an jiskaske kondisyon finansye li amelyore. Sepandan, montan total ki dwe a ap toujou ogmante paske se yon obligasyon pou peye penalite ak enterè yo jiskaske ou fin peye tout dèt la. Kontribyab yo ka mande yon repò lè yo rele nimewo telefòn ki nan avi yo oswa nan 800-829-1040.

Soulajman penalite

Gen kèk kontribyab ki kalifye pou yo redui oswa elimine penalite yo ta sipoze peye yo poutèt yo fè deklarasyon anreta oswa pou peman an reta yo. Sa daprè etid okapapa ki paze sou koz rezonab sa kapab fèt. Altènativman, lè yon kontribyab gen abitid respekte règleman yo, IRS gendwa jeneralman okòde yon soulajman nan kad pwogram Rabè pou la Premyè Fwa. Vizite sit IRS.gov/penaltyrelief pou plis detay.

Pwopozisyon konpwomi

Gen kèk kontribyab ki kalifye pou peye pi piti pase montan dèt taks total yo dwe yo atravè yon òf konpwomi. Malgre jeneralman gen yon frè aplikasyon $205 ki pa ranbousab, li anile jeneralman pou kontribyab ki pa ge gwo mwayen yo ak pou òf ki baze sou dout responsablite. Zouti Pre-Kalifikasyon Òf nan Konpwomi (an anglè) ka ede detèmine kalifikasyon pou nenpòt moun ki enterese aplike.

IRS raple kontribyab yo gen dwa ak pwoteksyon pandan pwosesis koleksyon an. Pou plis detay, gade Deklarasyon Dwa Kontribyab and Piblikasyon 1, Dwa ou antanke KontribyabPDF.

Pou plis enfòmasyon sou pèman yo, gade Sijè Nimewo 202, Opsyon Pèman Taks yo (an anglè), sou sit IRS.gov la.

Kontribyab yo sipoze konnen anvan yo dwe. IRS ankouraje tout kontribiyab yo pou yo tcheke prelèvman yo avèk zouti Estimatè Prelèvman Taks IRS la.

Enfòmasyon sa a fè pati yon seri ki rele Gid Peryòd Fiskal (an anglè), yon resous ki la pou ede kontribyab yo byen reyalize deklarasyon taks yo ak done ki egzat. Gen plis èd ki disponib toujou nan Piblikasyon 17, Taks Federal sou Revni Ou (an anglè).