Kesyon yo Poze Souvan sou Kredi Enpo pou Timoun 2021 an ak Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo - Sijè H: Rekonsilyasyon Pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo sou Deklarasyon Enpo 2021 w lan

Yo te pibliye Kesyon yo Poze Souvan sa yo nan Fich Enfòmasyon 2032-32PDF, 14 Jiyè 2022.

A1. Lè w ap fè deklarasyon enpo 2021 w lan, w ap bezwen konpare:

  1. Montan total peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo ou te resevwa nan 2021 an; avèk
  2. Montan Kredi Enpo pou Timoun ou kapab reklame kòmsadwa nan deklarasyon enpo 2021 w lan.

Montan Aleksè Kredi Enpo pou Timoun: Si montan Kredi Enpo pou Timoun nan depase montan total peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo, ou ka reklame montan Kredi Enpo pou Timoun ki rete a sou deklarasyon enpo 2021 w lan.

Montan Aleksè Peman Avans Kredi Enpo pou Timoun nan: Si ou resevwa yon montan total peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo ki depase montan Kredi Enpo pou Timoun nan ke ou ka reklame kòmsadwa nan ane fiskal 2021 w lan, ou ka bezwen ranbouse IRS la kèk oswa tout eksè peman sa.

An Janvye 2022, IRS la te voye Lèt 6419 pou ba ou montan total peman avans Kredi Enpo pou Timoun ki te vèse ba ou nan 2021 an. Tanpri konsève lèt sa konsènan peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo avèk dosye fiskal ou yo. Ou ka bezwen refere lèt sa lè w ap fè deklarasyon enpo 2021 w lan.

A2. Montan pèman avans Kredi enpo pou Timoun yo ou te resevwa nan 2021 an baze sou estimasyon IRS sou montan Kredi Enpo pou Timoun yo t ap ba ou pou ane fiskal 2021 an. Lwa a ekzije pou estimasyon sa baze sou:

  1. Deklarasyon enpo 2020 w lan oswa, si deklarasyon sa pa disponib, deklarasyon ane fiskal 2019 ou a (ansanm avèk yon deklarasyon enpo 2019 ki te depoze atravè Zouti Non Deklaran an pou Pèman Enpak Ekonomik yo sou IRS.gov, oswa yon deklarasyon enpo 2020 ki depoze atravè Zouti Enskripsyon Non Deklaran Kredi Enpo pou Timoun nan).
  2. Tout enfòmasyon aktyalize ou te bay IRS la nan 2021 an, sa gen ladan enfòmasyon ou bay atravè Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan (CTC UP). (Pòtal la pa disponib ankò.)

Fanmi ak sitiyasyon lavi a kapab soup nan yon ane. Lis sa ki annapre a bay kèk ekzanp chanjman ki te ka lakoz peman aleksè avans Kredi Enpo pou Timoun yo.

  • Yon timoun kalifye ki rezide avèk ou te ka chanje kay pandan ane 2021 an epi te rezide pandan plis pase mwatye ane fiskal 2021 an avèk yon endividi diferan.
  • Revni ou te ogmante an 2021.
  • Estati deklarasyon ou te chanje pou 2021 an.
  • Kay prensipal ou a te deyò Etazini pandan plis pase mwatye ane 2021 an.

Apre kalite chanjman òdinè sa yo nan fanmi ak nan lavi a, ou te ka resevwa yon montan total pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo ki depase montan Kredi Enpo pou Timoun yo t ap ba ou sou deklarasyon enpo 2021 w lan.

Pou plis enfòmasyon konsènan kalifikasyon pou peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo, ansanm ak definisyon kay prensipal ou a, gade Sijè B: Kalifikasyon pou Peman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo ak Kredi Enpo pou Timoun 2021 an.​​​​​

A3. Petèt. Si ou kalifye pou pwoteksyon ranbousman ki dekri nan Sijè H sa a, ou p ap genyen pou ou ranbouse kèk oswa tout montan aleksè a. Si ou pa kalifye pou pwoteksyon ranbousman an, w ap bezwen sinyale tout montan aleksè a nan deklarasyon enpo 2021 w lan kòm enpo sou revni adisyonèl. Enpo sou revni adisyonèl sa ap redui montan ranbousman fiskal ou a oswa enpo total ou dwe pou 2021 an.

A4. Ou p ap kalifye pou okenn pwoteksyon ranbousman si revni an gwo ajiste (AGI) modifye w la nan montan sa yo pi wo a oswa pi plis dapre kondisyon fiskal nan deklarasyon enpo 2021 w lan.

  • $120 000 si ou marye epi fè yon deklarasyon konjwen oswa si w ap deklare antanke yon vèf oswa vèv ki kalife;
  • $100 000 si w ap deklare antanke chèf fwaye; epi
  • $80 000 si ou se yon deklaran selibatè oswa marye epi fè yon deklarasyon separe.

Pou enfòmasyon sou definisyon AGI modifye a, gade Sijè C: Kalkil Kredi Enpo pou Timoun 2021 an.

A5. Ou kalifye pou pwoteksyon ranbousman total la epi ou p ap bezwen ranbouse okenn montan aleksè pèman avans Kredi Enpo pou Timoun yo si kay prensipal ou te Ozetazini pandan plis pase mwatye ane 2021 an ak revni brit ajiste ki modifye pou 2021 an nan montan annapre a oswa pi ba, dapre estati deklarasyon an nan deklarasyon enpo 2021 an:

  • $60 000 si ou marye epi fè yon deklarasyon konjwen oswa si w ap deklare antanke yon vèf oswa vèv ki kalife;
  • $50 000 si w ap deklare antanke chèf fwaye; epi
  • $40 000 si ou se yon deklaran selibatè oswa marye epi fè yon deklarasyon separe.

Pwoteksyon ranbousman w lan ka limite si AGI modifye w la depase montan sa yo oswa si kay prensipal ou a pa t Ozetazini pandan plis pase mwatye nan ane 2021 an.

Pou plis apwopo definisyon kay prensipal ou a, gade Sijè B: Kalifikasyon pou Peman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo ak Kredi Enpo pou Timoun 2021 an. Pou enfòmasyon sou definisyon AGI modifye a, gade Sijè C: Kalkil Kredi Enpo pou Timoun 2021 an.

A6. Si ou kalifye pou pwoteksyon ranbousman an, montan taks ou dwe peye akoz peman avans aleksè Kredi Enpo pou Timoun nan ap redui jiska montan pwoteksyon ranbousman total la. Montan pwoteksyon ranbousman total la egal $2 000 miltipliye pa sa ki annapre a:

  • Kantite timoun kalifye IRS la konsidere pou detèminen estimasyon inisyal IRS pou peman Kredi Enpo pou Timoun yo, mwens
  • Kantite timoun kalifye yo konsidere kòmsadwa pou detèminen montan Kredi Enpo pou Timoun y ap bay nan deklarasyon enpo 2021 w lan.

Ekzanp: Ou deklare twa (3) timoun kalifye nan deklarasyon enpo 2020 w lan men ou deklare sèlman yon timoun kalifye nan deklarasyon enpo 2021 w lan. Ou ka resevwa jiska $4 000 nan pwoteksyon ranbousman (sa vle di, $2 000 pou chak timoun kalifye aleksè) si ou kalifye.

W ap kapab aplike pou montan pwoteksyon ranbousman total $2 000 pou chak timoun kalifye aleksè si revni brit ajiste (AGI) modifye w la nan nivo montan a yo annapre a oswa pi ba ki baze sou estati deklarasyon nan deklarasyon enpo 2021 w lan:

  • $60 000 si ou marye epi fè yon deklarasyon konjwen oswa si w ap deklare antanke yon vèf oswa vèv ki kalife;
  • $50 000 si w ap deklare antanke chèf fwaye; epi
  • $40 000 si ou se yon deklaran selibatè oswa marye epi fè yon deklarasyon separe.

Pou enfòmasyon sou definisyon AGI modifye a, gade Sijè C: Kalkil Kredi Enpo pou Timoun 2021 an.

A7. Wi. Montan pwoteksyon ranbousman ap diminye dapre konbyen revni brit ajiste modifye w la pi gwo pase montan sa yo dapre kondisyon fiskal nan deklarasyon enpo 2021 w lan:

  • $60 000 si ou marye epi fè yon deklarasyon konjwen oswa si w ap deklare antanke yon vèf oswa vèv ki kalife;
  • $50 000 si w ap deklare antanke chèf fwaye; epi
  • $40 000 si ou se yon deklaran selibatè oswa marye epi fè yon deklarasyon separe.

Montan pwoteksyon ranbousman sa a diminye – oswa redui – paske AGI modifye w la depase montan ki anlè a.  Montan pwoteksyon ranbousman w lan ap egal $0 e montan ranbousman w lan p ap redui lè AGI modifye w la nan pi gwo montan sa a oswa pi plis, dapre kondisyon fiskal la nan deklarasyon enpo 2021 w lan:

  • $120 000 si ou marye epi fè yon deklarasyon konjwen oswa si w ap deklare antanke yon vèf oswa vèv ki kalifye;
  • $100 000 si w ap deklare antanke chèf fwaye; oswa
  • $80 000 si ou se yon deklaran selibatè oswa marye epi fè yon deklarasyon separe.

Ekzanp: Ou te fè yon deklarasyon konjwen avèk konjwen w lan pou ane fiskal 2020 e ou te reklame kòmsadwa, Kredi Enpo pou Timoun nan pou twa (3) timoun kalifye. IRS la te kalkile montan total peman avans Kredi Enpo pou Timoun ou dapre timoun kalifye sa yo. Sepandan, lè ou fè deklarasyon enpo konjwen 2021 w lan avèk AGI modifye $75 000, ou reklame Kredi Enpo pou Timoun nan pou yon timoun kalifye sèlman – e kòm konsekans genyen de (2) timoun kalifye aleksè. AGI modifye $75 000 w la depase sèy AGI modifye $60 000 aplikab ou a pa 25 pousan. Gwo montan pwoteksyon ranbousman total $4 000 w la (sa vle di, $2 000 pou chak timoun kalifye aleksè) redui pa 25 pousan jiska $3 000.

A8. Majorite endividi ki bezwen ranbouse eksè peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo ap peye balans sa atravè yon rediksyon nan ranbousman enpo sou revni federal y ap tann nan. Sepandan si ou dwe yon balans ki plis pase ranbousman w lan, IRS la ap travay regilyèman avèk kontribyab ki dwe montan yo pa ka peye yo.  Pwosesis pou fè aranjman peman pou balans ou dwe se menm ak pwosesis pou lòt balans fiskal yo. Pou plis enfòmasyon sou kòman pou peye enpo sou revni federal ou dwe ou poko peye yo, gade Peye Enpo Ou yo.

A9. Wi. An Janvye 2022, IRS la te voye Lèt 6419 pou ba ou montan total peman avans Kredi Enpo pou Timoun ki te vèse ba ou nan 2021 an.
Enpòtan: Tanpri konsève lèt sa konsènan peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo avèk dosye fiskal ou yo. Ou ka bezwen refere lèt sa lè w ap fè deklarasyon enpo 2021 w lan.

Y ap voye lèt sa nan adrès ki nan dosye w la nan dat ranvwa lèt la. Jeneralman, se ap adrès ki nan deklarasyon enpo w ki pi resan an.

Si ou pa gen lèt sa a, ou kapab verifye kont anliy ou pou montan pèman w yo.