Tretman Taks sou Alokasyon Chomaj 2020 yo

Anjeneral, tout alokasyon chomaj yo genyen taks sou yo, nan ane fiskal yo resevwa yo a. Ou ta dwe resevwa yon Fòm 1099-G k ap montre nan bwat 1, total alokasyon chomaj yo peye ou. Ale sou Kòman pou Deklare (an anglè) pou opsyon yo.

Pou enfòmasyon jeneral sou alokasyon chomaj, gade Èske Pèman Mwen Resevwa pou Chomaj yo Gen Taks sou yo? (an anglè) epi Sijè Taks No. 418, Alokasyon Chomaj (an anglè).

Règleman espesyal pou alokasyon chomaj yo resevwa nan ane fiskal 2020 sèlman

Lwa Plan Sovtaj Ameriken 2021 an otorize endividi kontribyab yo fè esklizyon jiska $10 200 alokasyon chomaj yo te resevwa nan ane fiskal 2020 an sèlman. Nan ka patikilye ki marye k ap depoze yon Fòm 1040 oswa 1040-SR konjwen, esklizyon sa a ap jiska $10 200 pou chak konjwen. Si ou te deklare antanke marye k ap fè deklarasyon konjwen epi w ap viv nan yon rejim kominotè, chak konjwen kapab eskli jiska $10,200 menm si se yon sèl nan nou ki te resevwa revni chomaj la. Pou ou kalifye pou esklizyon sa a, revni brit ajiste w la (Adjusted Gross Income, AGI) pou ane fiskal 2020 an dwe pipiti pase $150 000. Sèy sa a aplike pou tout kondisyon fiskal yo e li pa double a $300 000 si ou marye epi depoze yon deklarasyon konjwen. Tout alokasyon chomaj ki depase $10 200 ($10 200 pou chak konjwen si ou marye epi fè depo konjwen) se revni ki gen taks sou li ki dwe nan deklarasyon taks 2020 w lan.

Te deja depoze yon deklarasyon taks pou ane fiskal 2020 an?

IRS la pap detèmine otomatikman ankò montan taks kòrèk sou alokasyon chomaj ou ak taks kòrèk esklizyon revni sa a afekte a.

Gade Sijè D: Deklarasyon Amande (Fòm 1040-X) (an anglè) pou enfòmasyon sou depo yon deklarasyon amande.

W ap prepare deklarasyon taks ou pou ane fiskal 2020 kounya?

Ou kapab toujou deklare esklizyon espesyal sou alokasyon chomaj ou te resevwa nan ane fiskal 2020 an si ou pa t depoze deklarasyon taks 2020 w lan epi AGI w la pipiti pase $150 000. Se sèlman pwofesyonèl deklarasyon taks (an anglè) yo peye oswa moun k ap fè benevòl ki ka depoze deklarasyon pou ane fiskal 2020 yo pa vwa elektwonik. Si w ap prepare yon deklarasyon taks pou yon ane ki pase poukont ou, ou dwe enprime, siyen, epi voye deklarasyon w lan lapòs. Genyen plizyè kalite pwofesyonèl deklarasyon taks, tankou kontab piblik sètifye yo, ajan yo rekrite, avoka, ak lòt ki kapab asiste ou nan depo deklarasyon w lan. Pou plis enfòmasyon sou sa yo ak lòt pwofesyonèl deklarasyon ki ka bon pou ou a, ale sou Ou bezwen yon moun pou prepare deklarasyon taks ou a? Nou kapab jwenn enstriksyon yo ak yon fèy travay ki ajou sou esklizyon an nan enstriksyon Fòm 1040 ak 1040-SR 2020 yo (an anglè)PDF. Enstriksyon sa yo ka ede kontribyab ki poko depoze yo prepare deklarasyon taks yo kòrèkteman.

Pou plis enfòmasyon ak ekzanp, gade Kesyon yo Poze Souvan sou Esklizyon Alokasyon Chomaj yo (an anglè).

Ou viktim fwod chomaj?

Kriminèl yo ap itilize idantite yo vòlè pou fè demann alokasyon chomaj sou non lòt moun. Akoz alokasyon chomaj yo gen taks sou yo, ajans etatik pou chomaj yo soumèt Fòm 1099-G yo bay patikilye alokasyon chomaj la te peye sou non yo ak nimewo Sekirite Sosyal yo epi bay IRS la. Viktim fwod ki benefisye montan alokasyon chomaj ki pa kòrèk nan Kazye 1, dwe avèti ajans etatik yo sou montan ki pa kòrèk yo epi mande Fòm 1099-G ki kòrèk la. Depatman Travay la bay detay sou kòman pou rapòte fwod ak pwoteje tèt ou (an anglè).

Kontribyab yo dwe rapòte sou deklarasyon taks yo sèlman alokasyon chomaj yo benefisye nan ane fiskal sa. Pa rapòte alokasyon chomaj ou pa t benefisye. IRS ofri viktim yo èd sou zafè taks nan Vòl Idantite ak Alokasyon Chomaj yo.

Plis Enfòmasyon