Opsyon elektwonik pou ranpli deklarasyon ou

Ranpli elektwonikman se yon opsyon ki rapid, ki fasil e ki sekirize. Lojisyèl enpo a gide w nan pwosesis la. Si w dwe enpo, ou ka pwograme yon peman otomatik nan kont labank ou.

Si w ranpli elektwonikman epi w chwazi depo dirèk, w ap jwenn ranbousman w lan pi vit.

Opsyon pou ranpli elektwonikman :

Depoze ak yon patnè IRS Ranpli Gratis (Free File)

Opsyon A: Navige patnè IRS ou fè konfyans yo epi ranpli gratis lè w sèvi avèk lojisyèl enpo yo a si w:

  • Gen revni brit ajiste ki $79 000 oswa mwens
  • Satisfè lòt kritè

Opsyon B: Sèvi ak fòm IRS yo pou ranpli gratis

Ranpli elektwonikman lè w sèvi avèk fòm enpo ki sou entènèt. Ou ka itilize opsyon sa a kèlkeswa kantite lajan ou touche.

Eseye IRS Ranpli Gratis

Pwogram IRS Ranpli Dirèk

Ranpli deklarasyon enpo federal ane 2023 ou sou entènèt, gratis, dirèkteman grasa pwogram pilòt IRS Ranpli Dirèk si w:

  • Ap viv nan youn nan 12 eta pwogram pilòt la : Arizona, California, Florida, Massachusetts, Nevada, New Hampshire, New York, South Dakota, Tennessee, Texas, eta Washington oswa Wyoming.
  • Bezwen ranpli enpo ki senp epi ki gen sèten kalite revni, kredi ak dediksyon

Ale nan IRS Ranpli Dirèk

Jwenn èd IRS gratis

Pwogram Volontè pou Asistans nan Enpo sou Revni (VITA) ak Konseye Fiskal pou moun aje (TCE) ofri èd enpo gratis ak opsyon elektwonik pou kontribyab ki:

  • Touche $64 000 oswa mwens
  • Gen yon andikap
  • Bezwen sipò lang
  • Gen 60 an oswa plis

Jwenn èd atravè VITA ak TCE

Sèvi ak lojisyèl preparasyon enpo

Prepare epi ranpli enpo w yo elektwonikman avèk lojisyèl preparasyon enpo w chwazi a. Ou ka anmezi pou peye elektwonikman tou. Lojisyèl ou chwazi a soumèt rdeklarasyon ou an an sekirite bay IRS.

Ranpli elektwonikman avèk lojisyèl preparasyon enpo

Jwenn yon preparatè enpo ki otorize pou ranpli elektwonikman

Chèche nan done nou yo sou entènèt pou jwenn yon founisè otorize IRS e-file. Pou fè rechèch:

  • Antre kòd postal 5 chif ou oswa
  • Chwazi yon eta oswa yon teritwa ameriken

Jwenn yon founisè ki ranpli elektwonikman