Yo te rann mizajou Kesyon yo Poze Souvan sa yo piblik nan Fich Teknik 2023-06PDF, 22 Mas 2023. Kisa ki ekzije deklarasyon pèman pa mwayen Kat pèman ak rezo tyès yo? (ajoute 21 Oktòb, 2022) A. IRC 6050W, Deklarasyon Konsènan Pèman ki Fèt Pou Regle Tranzaksyon Kat Pèman ak Rezo Tyès (an anglè), ekzije antite règleman pèman yo (antite akeran komèsan ak òganis règleman tyès) deklare tranzaksyon kat pèman ak tranzaksyon rezo tyès yo. Kòman pou mwen deklare Fòmilè 1099-K a sou deklarasyon enpo mwen an? (ajoute 21 Oktòb, 2022) A. Enfòmasyon ki nan Fòmilè 1099-K w la ka sèvi pou kalkile resèt brit oswa vant ou yo. Ou ta dwe swiv enstriksyon deklarasyon ki sou fòmilè w ap ranpli a pou w deklare resèt brit oswa vant ou yo. Kòman pou nou deklare tranzaksyon ki dwe deklare yo bay IRS la? (ajoute 21 Oktòb, 2022) A. Montan brit tranzaksyon kat pèman yo ak rezo tyès yo deklare bay IRS la sou Fòmilè 1099-K (an anglè), Tranzaksyon Kat Pèman ak Rezo Tyès. Kilè deklarasyon Fòmilè 1099-K yo dwe fèt? (ajoute 21 Oktòb, 2022) A. Ransèyman Fòmilè 1099-K (an anglè) a dwe depoze nan IRS la anvan 28 fevriye nan ane ki swiv tranzaksyon yo si se deklarasyon sou papye. Si se deklarasyon elektwonik, li dwe fèt anvan dènye jou mwa mas nan ane ki swiv tranzaksyon yo. Kisa relve benefisyè yo ye e kilè yo dwe deklare? (ajoute 21 Oktòb, 2022) A. Antite ki gen ekzijans pou yo depoze Fòmilè 1099-K, Tranzaksyon Kat Pèman ak Rezo Tyès (an anglè) yo dwe bay benefisyè a yon relve tou, k ap genyen menm enfòmasyon yo deklare bay IRS la. Yo dwe bay relve sou fòma papye (sa vle di, Kopi B Fòmilè 1099-K, Tranzaksyon Kat Pèman ak Rezo Tyès) oswa pa vwa elektwonik avèk konsantman benefisyè a selon Règleman 1.6050W-2 Trezò a. Benefisyè a dwe jwenn relve yo anvan 31 janvye nan ane ki swiv tranzaksyon yo. Ki enfòmasyon antite règleman pèman an dwe deklare sou Fòmilè 1099-K a? (ajoute 21 Oktòb, 2022) A. Deklarasyon montan brit tranzaksyon pèman ki dwe deklare pa mwa ak ane sivil la dwe fèt pou chak benefisyè patisipan. Non, adrès ak nimewo idantifikasyon kontribyab chak benefisyè patisipan dwe deklare sou fòmilè a tou. Èske antite règleman pèman yo ajiste montan brit yo pou konsiderasyon frè, ranbousman, lajan yo retounen sou kat debi oswa kat kredi oswa lòt depans ak montan ranbousman yo? (ajoute 21 Oktòb, 2022) A. Non. Montan brit la se total montan dola tranzaksyon pèman ki pa ajiste, pou yon benefisyè patisipan. Li pa ajiste pou konsiderasyon okenn frè, ranbousman, oswa okenn lòt montan. Poukisa antite akeran komèsan yo deklare montan brit tranzaksyon yo olye montan nèt la san frè, lajan yo retounen sou kat debi oswa kredi, elatriye? (ajoute 21 Oktòb, 2022) A. IRC 6050W(a)(2) ekzije antite yo deklare montan brit tranzaksyon pèman ki dwe deklare yo. Sijè ki an rapò Konprann Fòmilè 1099-K Ou a Jeneral Definisyon Patikilye Deklarasyon Depo Fòmilè 1099-K Mizajou FAQ anvan yo Fich Teknik 2022-41PDF, 28 desanm 2022