Nouvèl ak Mizajou Fiskal ki Soti nan IRS la

Jwenn mizajou enpòtan ki ka afekte deklarasyon enpo ou ak dènye nouvèl IRS yo.

Sou Paj Sa a

Dènye Mizajou yo

Plan Operasyon Estratejik pou Lwa sou Rediksyon Enflasyon an — IRS la te devwale Plan Operasyon Estratejik (an anglè) li a, yon efò anbisye pou transfòme ajans fiskal la epi amelyore dramatikman sèvis li ap ofri kontribyab yo ak nasyon an pandan dis (10) pwochen lane yo. Rapò a esplike plan ajans lan gen depi lontan pou fè chanjman fondamantal apre finansman Lwa sou Rediksyon Enflasyon ane pase a.

Ajisteman nan enflasyon enpo 2023 yo — IRS la te anonse ajisteman enflasyon anyèl ane fiskal 2023 a pou plis pase 60 dispozisyon fiskal, pami yo barèm to enpo yo ak lòt chanjman fiskal. Pwosedi Revni 2022-38 (an anglè) bay detay sou ajisteman anyèl sa yo.

To mileyaj estanda pou 2023 a – Apati 1ye janvye 2023, to mileyaj estanda yo itilize pou kalkile depans dediktib pou opere yon machin (tankou mini bis, pickup oswa kamyon ki gen pano) se 65.5 santim pou chak mil kilomèt pou itilizasyon biznis. Gade IRS pibliye to mileyaj estanda pou 2023 a; itilizasyon komèsyal la ogmante a 3 santim pou chak mil (an anglè) a pou plis detay.

Deklare Enpo Ou yo Ane sa a 

Rate dat limit pou deklare a – IRS la ankouraje kontribyab yo ki te rate dat limit 18 avril la (an anglè) pou yo deklare a pou yo fè sa pi vit ke posib. Kontribyab yo ki dwe epi ki te rate dat limit lan san yo pat mande yon pwolongasyon ta dwe deklare byen vit pou limite penalite ak enterè yo. Pou kontribyab ki gen difikilte ki pa kapab peye bòdwo enpo yo, IRS la gen plizyè opsyon ki disponib (an anglè) pou ede.

Alèjman Fiskal pou Katastwòf – Kontribyab yo ki nan prèske tout Kalifòni ak kèk pati nan Alabama ak Georgia ap gen kounya jiska 16 oktòb 2023 (an anglè), pou ranpli divès deklarasyon enpo epi fè peman pou patikilye ak pou biznis. Avan sa, yo te ranvwaye dat limit lan pou 15 me pou zòn sa yo.

Viktim tanpèt Arkansas (an anglè), Indiana (an anglè), Mississippi (an anglè) ak Tennessee (an anglè) gen kounye a jiska 31 jiyè 2023 pou ranpli plizyè deklarasyon enpo federal pou patikilye ak biznis epi fè peman enpo yo. Alèjman fiskal la ranvwaye dat limit pou plizyè deklarasyon ak peman enpo ki te fèt apati 24 mas 2023 (Mississippi) ak 31 mas 2023 (Arkansas, Indiana, ak Tennessee).

Viktim tanpèt New York yo gen kounye a jiska 15 me 2023, pou yo ranpli plizyè deklarasyon enpo federal patikilye ak biznis epi fè peman enpo yo. Alèjman fiskal la ranvwaye dat limit pou plizyè deklarasyon ak peman enpo ki te fèt apati 23 desanm 2022.

Lis lokalite aktyèl ki elijib yo ak lòt detay pou chak katastwòf toujou disponib sou paj Alèjman Fiskal nan Sitiyasyon Katastwòf yo.

Peman Eta yo – IRS la te bay detay ki retire konfizyon nan estati enpo federal ki enplike peman espesyal 21 eta te fè an 2022 (an anglè). Pandan yon revizyon, IRS la te detèmine ke kontribyab nan anpil eta p ap bezwen rapòte peman sa yo sou deklarasyon enpo 2022 yo a.

Fanmi ki pa dwe enpo yo ka toujou reklame kredi enpo enpòtan yo – Fanmi ak patikilye ki kalifye yo ka toujou ranpli deklarasyon enpo 2021 yo epi reklame san okenn penalite kèk oswa tout kredi ranbousman pou rekiperasyon, kredi enpo pou timoun nan, kredi enpo sou revni ou touche ak lòt kredi enpo ane 2021 an. IRS la te voye yon lèt bay 9 milyon patikilye ak fanmi ki sanble kalifye pou yon divès avantaj fiskal 2021 ki enpòtan men ki poko reklame yo.

Fanmi Pòtoriko yo ka reklame Kredi Enpo pou Timoun nan – Fanmi ki gen timoun nan Pòtoriko ki pa dwe IRS la enpo ka toujou ranpli deklarasyon enpo ane 2021 yo a nenpòt ki lè jiska 15 avril 2025, epi reklame san okenn penalite, $3,600 Kredi Enpo pou Timoun nan pou chak timoun (an anglè).

Fanmi ki gen kredi enpo ki retounen nan nivo 2019 – ou sanse pral resevwa yon ranbousman ki vrèman pi piti konpare ak ane pase a paske Kredi Enpo pou Timoun nan (CTC)Kredi Enpo sou Revni ou Rantre (EITC) ak montan Kredi Swen Timoun ak Depandan yo retounen nan nivo anvan COVID la yo:

  • CTC a vo $2,000 pou chak timoun ki kalifye pou ane 2022 a. Yon timoun dwe gen mwens pase 17 lane nan fen ane 2022 a pou li kapab yon timoun ki kalifye.
  • Pou EITC a, kontribyab ki kalifye yo ki pa gen timoun e ki te resevwa apeprè $1500 an 2021 ap vin resevwa $560 pou ane fiskal 2022 a.
  • Kredi Swen pou Timoun ak Depandan yo ap tounen a yon maksimòm $2100 an 2022 olye de $8000 an 2021 an.

Kredi Enpo Prim elaji – Ou ka petèt kalifye pou ane fiskal 2022 a dapre kalifikasyon elaji tanporèman pou Kredi Enpo Prim lan (an anglè). Ou dwe ranpli kondisyon revni yo ak lòt kritè kalifikasyon yo (an anglè).

Liy limit rapò Fòm 1099-K a toujou $20,000 – Pou ane 2022 a, òganizasyon règleman tyès ki bay Fòm 1099-K yo oblije sèlman rapòte tranzaksyon pou peman brit ki depase $20,000 (pa $600) epi lè gen plis pase 200 tranzaksyon. Pou plis enfòmasyon, gade kominike nouvèl (an anglè) IRS la ak mizajou kesyon yo poze souvan yo nan Fich Teknik 2023-06 (an anglè)PDF.

Peman estimilis – Pa te gen okenn nouvo peman estimilis pou ane 2022 a, kontrèman ak 2020 ak 2021.

Pa gen okenn dediksyon charitab nan revni brit – Pandan COVID, kontribyab yo te kapab pran jiska $600 dediksyon enpo sou don charitab sou deklarasyon enpo yo. Sepandan, pou ane fiskal 2022 a, kontribyab ki pa detaye epi ki pran dediksyon estanda a, yo p ap kapab dedwi kontribisyon charitab yo a.

Prè Pwogram Pwoteksyon Chèk (PPP) ki pa byen anile yo gen enpo sou yo  Si yo te mal anile yon prè PPP pou ou, nou ankouraje w pou w ranpli yon deklarasyon amande ki gen ladan montan prè ki anile a nan revni. IRS te bay enstriksyon (an anglè)PDF ki konfime ke si yo anile prè PPP ou a sou baz fo deklarasyon oswa omisyon, ou pa ka eskli anilasyon an nan revni ou. Ou dwe mete nan revni ou, pòsyon lajan prè a ki te anile sou baz defòmasyon oswa omisyon yo.

Kredi Enèji ak Veyikil Pwòp yo

Kredi pou Nouvo Veyikil Pwòp Komèsyal, sa ki dezyèm men epi ki kalifye  Lwa 2022 sou Rediksyon Enflasyon an (IRA) te fè plizyè chanjman nan kredi nouvo veyikil pwòp yo pou machin elektrik ki kalifye ki ka rechaje yo, epi li ajoute tou machin ak pil konbistib. IRA a te ajoute tou yon nouvo kredi pou veyikil pwòp dezyèm men ak komèsyal yo. Jwenn repons pou kesyon yo poze souvan yo sou kredi pou nouvo ak veyikil pwòp komèsyal dezyèm men ki kalifye yo (an anglè).

Kredi enèji lakay - Lwa sou Rediksyon Enflasyon 2022 a (IRA) te amande kredi pou amelyorasyon kay ki fè bon jesyon nan enèji ak pwopriyete enèji rezidansyèl yo. Jwenn detay sou depans ki elijib yo ak fason limit kredi yo fonksyone nan kesyon yo poze souvan konsènan amelyorasyon kay ki fè bon jesyon nan enèji ak kredi pwopriyete rezidansyèl enèji pwòp yo (an anglè).

Kredi gaz altènatif – Jwenn règ pou fè yon reklamasyon yon sèl fwa pou kredi ak peman yo pèmèt pou vant gaz altènatif la oswa yo itilize pandan premye, dezyèm ak twazyèm trimès sivil 2022 yo nan Avi 2022-39 (an anglè). Jwenn enstriksyon tou sou kijan obligasyon yon kontribyab pou enpo endirèk la ka redwi lè kontribyab la reklame kredi melanj gaz altènatif ki otorize pou premye ak dezyèm trimès 2022 la yo. Kredi gaz altènatif yo fè pati de Lwa sou Rediksyon Enflasyon an.

Gade Kredi ak dediksyon yo anba Lwa sou Rediksyon Enflasyon an (an anglè).

Operasyon IRS yo

Estati envantè deklarasyon enpo IRS pou ane anvan yo – Vizite paj Operasyon IRS yo: Estati fonksyon ki esansyèl pou Misyon yo ap kontinye (an anglè) nou an pou w jwenn estati aktyèl kèk deklarasyon enpo ak deklarasyon amande IRS la ap trete pou ane anvan yo .

IRS sispann plizyè douzèn avi otomatik, pami yo edisyon lakòlèk yo – Jan nou te anonse sa nan dat 14 fevriye 2022, nan kad efò kontinyèl pou bay èd adisyonèl pou moun pandan peryòd sa a, IRS la te sispann avi lakòlèk otomatik yo (an anglè) te pibliye nòmalman lè yon kontribyab dwe plis enpo oswa pa gen okenn dosye ki di li te fè yon deklarasyon enpo. Remake byen ke lalwa ekzije pou anpil lòt avi IRS yo soti nan yon sèten espas tan pou yo valab legalman. IRS la ankouraje sila yo ki gen yon ekzijans pou fè deklarasyon epi ki poko fè yon deklarasyon enpo nan ane anvan an oswa pou peye nenpòt enpo yo dwe, pou yo fè sa san pèdi tan paske enterè yo ak penalite yo ap kontinye akimile. Vizite Fè yon peman pou opsyon pèman yo. Pou plis enfòmasyon sou avi yo sispann yo, gade IR-2022-31, IRS ap kontinye travay pou ede kontribyab yo; sispann voye lèt adisyonèl yo (an anglè).