Tòp 5 bagay pou w sonje lè w ap ranpli deklarasyon taks sou revni an 2022

IR-2022-16, 20 Janvye, 2022

WACHINTONN — Lè sezon ranplisaj la kòmanse 24 Janvye, sèvis revni entèn nan ap fè kontribyab yo sonje plizyè pwen kle pou yo gen nan tèt yo nan ranpli taks federal revni ane sa a.

Lè nou konsidere sikonstans san presedan ki antoure pandemi an ak defi san parè peryòd taks la, IRS ofri yon chèklis 5-pwen k ap ede plizyè moun ale vit ak prosesis deklarasyon taks e livrezon ranbousman an pandan y ap evite reta.

1. Ranpli yon deklarasyon apwopriye epi itilize fichye elektwonik ak depo dirèk pou evite reta. Kontribyab yo dwe ranpli sou vèsyon elektwonik epi chwazi depo dirèk kou yo genyen tout sa yo bezwen pou ranpli yon deklarasyon apwopriye. Kontribiyab yo gen plizyè chwa, san konte yo ka itilize yon profesyonèl taks sètifye. Pou sila k ap itilize deklarasyon elektwonik, lojisyèl la ede endividi an evite erè nan fè kalkil matematik yo. Li gide moun atravè chak seksyon deklarasyon taks yo gras a yon fòma kesyon-repons.

2. Pou yon deklarasyon taks apropriye, kolekte tout dokiman yo anvan preparasyon yon deklarasyon taks; asire w pèman relans ak enfòmasyon avanseTaks Kredi Timoun apwopriye. Anplis kolekte W-2s, Fòmilè 1099s ak lòt deklarasyon an rapò ak revni, li enpòtan pou moun genyen Taks Kredi Timoun avanse ak enfòmasyon ekonomik sou enpak pèman yo sou lamen lè l ap ranpli.

  • CTC Lèt 6419 CTC avanse: Nan fen desanm 2021, kontinye Janvye, IRS kòmanse voye lèt bay moun ki resevwa pèman CTC avanse yo. Lèt la di, "2021 Total Advance Child Tax Credit (AdvCTC) Payments" pre antèt la epi, "Letter 6419" anba sou men dwat paj la. Men sa moun dwe konnen:
    • Lèt la genyen enfòmasyon enpòtan k ap ede asire yon deklarasyon taks apwopriye.
    • Moun ki resevwa pèman avans CTC a kapab verifye kantite pèman yo resevwa pandan y ap sèvi ak Pòtal Ajou CTC disponib sou IRS.gov.
    • Kontribyab elijib ki resevwa pèman avanse Taks Kredi Timoun dwe ranpli yon deklarasyon taks 2021 pou resevwa dezyèm mwatye kredi a. Kontribyab elijib ki pa resevwa pèman avanse Taks Kredi Timoun ka reklame kredi konplè ak ranpli yon deklarasyon taks.
  • Twazyèm Lèt Enpak Pèman Ekonomik 6475: Nan fen Janvye 2022, IRS ap kòmanse fè soti lèt pou moun ki resevwa yon twazyèm pèman nan fen Janvye 2021. Lèt la di, "Your Third Economic Impact Payment" pre antèt la epi, "Letter 6475" anba sou men dwat paj la. Men sa moun dwe konnen:
    • Pifò moun elijib deja resevwa pèman relans yo. Lèt sa a ap pèmèt endividi yo detèmine si li elijib pou l reklame Kredi Ranbousman Rekiperasyon (RRC) pou pèman relans li pa jwenn yo.
    • Moun ki elijib pou RRC dwe ranpli deklarasyon taks 2021 pou reklame kantite relans restan yo a.
    • Moun ka itilize kont anliy IRS tou pou kapab wè kantite enpak pèman ekonomik yo.

      Toulède lèt yo – 6419 ak 6475 – genyen enfòmasyon enpòtan ki kapab ede moun ranpli deklarasyon taks 2021 apwopriye. Si yon deklarasyon genyen erè oubyen l ta enkonplè, sa kapab mande revizyon apwofondi pandan IRS ap korije erè yo, sa ki kapab ralanti ranbousman taks la. Itilizasyon enfòmasyon sa a nan preparasyon deklarasyon taks elektwonik kapab redui erè epi evite reta nan fè l.

3. Evite reta pwolonje sou telefòn; itilize resous anliy anvan rele IRS. Demann apèl sou liy asistans IRS yo rete sou anrejistreman wo. Pou evite reta pwolonje, IRS egzòte moun sèvi ak IRS.gov pou jwenn repons pou kesyon sou taks yo (an anglè), verifye estati yon ranbousman oubyen peye taks yo. Pa gen rete tann epi randevou pa nesesè — zouti anliy yo ak resous yo disponib 24è chak jou.

Mete sou sa, IRS genyen plizyè fason pou kontribyab rete ajou sou enfòmasyon sou taks ki enpòtan:

4. Tann yon deklarasyon 2020 fèt? Astis espesyal k ap ede ak ranplisak elektwonik yon deklarasyon 2021: Nan lide pou valide epi soumèt avèk siksè yon deklarasyon taks elektwonik bay IRS la, kontribyab yo dwe ajiste prensipal revni yo, oubyen AGI, apati dènye deklarasyon taks yo. Sila yo ki ap tann deklarasyon taks 2020 yo finalize, men yon astis espesyal pou asire IRS aksepte finalize deklarasyon taks la.

Asire n nou antre $0 (zero dollars) pou dènye ane AGI a sou deklarasyon taks 2021 an. Pou sila yo ki te sèvi an 2021 ak yon zouti ranplisaj pou anrejistre yon Kredi Taks Timoun avanse ak twazyèm Enpak Pèman Ekonomik an 2021, yo dwe antre $1 pou premye ane AGI yo. Tout lòt moun yo dwe rantre premye ane AGI yo apati dènye ane deklarasyon an. Sonje, si w ap sèvi ak menm lojisyèl preparasyon taks la tankou ane pase, pati sa a ap jenere otomatikman.

5. Resous gratis disponib pou ede kontribyab yo ranpli. Pandan ane difisil sa a, IRS vle fè kontribyab yo sonje genyen plizyè opsyon èd gratis, ansanm ak divès resous sou IRS.gov. Pou sila ki ta swete evite reta ak yon papye deklarasyon taks, Deklarasyon Gratis IRS se yon opsyon. Ak fichye gratis, founisè prensipal lojisyè taks yo mete produi yo anliy disponib gratis ki fè pati yon patenarya 20 lane ak Sèvis revni Entèn. Ane sa a, genyen sis produi an anglè ak de an espanyòl. Fichye gratis IRS disponib pou tout moun oubyen fanmi k ap touche $73,000 oubyen pi an 2021. Kontribyab kalifye yo kapab jwenn èd sou preparasyon taks prive gratis tou nan peyi a atravè pwogram Asistan Taks sou Revni Volontè (VITA) ak Konsèy sou Taks pou Moun Aje yo (TCE).