Ak dat limit 17 Me pase a, deklare enpo ou kounya pou ou jwenn ranbousman oswa redui sanksyon yo ak enterè yo

IR-2021-117, May 20, 2021

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn nan ap raple kontribyab ki te kite dènye dat limit pou deklarasyon enpo a pase epi yo dwe yon ranbousman, p ap genyen sanksyon pou deklarasyon anreta. Sila yo ki dwe e ki te kite dat limit la pase san yo pa t mande yon pwolongasyon ta dwe deklare rapid pou limite sanksyon yo ak enterè yo.

Tan anplis pou deklare ak peye tout enpo ki gen pou peye san pa genyen sanksyon ak enterè disponib pou kèk kontribyab. Sa ki ladan se:

Men kèk ti konsèy pou moun ki deklare anreta yo:

Deklare pou jwenn yon ranbousman fiskal

Sèl mwayen pou jwenn yon ranbousman se fè yon deklarasyon enpo. Pa gen sanksyon pou deklarasyon apre dat limit la lè yo dwe w yon ranbousman. Itilize opsyon deklare sou entènèt ki gen ladan Deklarasyon Gratis IRS la ki disponib sou IRS.gov jiska 15 Oktòb pou prepare epi deklare sou entènèt.

COVID-19 kontinye lakoz reta nan kèk sèvis IRS. Si yon kontribyab te fè yon deklarasyon enpo sou papye, IRS ap trete li nan lòd li te resevwa li a. Kontribyab yo pa ta dwe fè yon dezyèm deklarasyon enpo ni rele IRS. IRS la bay plis pase nèf sou 10 ranbousman nan mwens pase 21 jou. Sepandan, li posib pou yon deklarasyon enpo mande ekzamine apwofondi e ka pran plis tan.

Kontribyab yo ka itilize zouti Kote Ranbousman Mwen an? sou IRS.gov, IRS2Go epi pa mwayen telefòn nan 800-829-1954 pou swiv yon ranbousman. Kontribyab yo bezwen premye nimewo Sekirite Sosyal la sou deklarasyon enpo a, kondisyon fiskal la ak montan ranbousman l ap tann nan. Zouti yo aktyalize yon fwa nan jounen an, dabitid lannwit, kidonk, pa gen nesesite pou verifye pi souvan. Zouti Kote Ranbousman Mwen an? pa ka sèvi pou swiv Peman Enpak Ekonomik yo.

Deklare pou redwi sanksyon yo ak enterè yo

Nòmalman, kontribyab yo ta dwe fè deklarasyon enpo yo, oswa mande yon pwolongasyon, epi peye tout enpo yo dwe nan dat limit la pou evite sanksyon ak enterè. Yon pwolongasyon pou deklare pa yon pwolongasyon pou peye. Sanksyon yo ak enterè yo ap aplike sou enpo yo dwe apre 17 Me.

Menmsi yon kontribyab pa kapab peye enpo li dwe yo touswit, ou ta dwe fè yon deklarasyon enpo kanmenm osito posib pou redui sanksyon ki ka genyen yo. IRS genyen plis enfòmasyon pou kontribyab ki dwe IRS la, men ki pa ka peye (an anglè).

Òdinèman, sanksyon pou deklarasyon ki pa rive fèt yo 5% enpo ki dwe a pou chak mwa oswa yon pati nan yon mwa kote deklarasyon enpo a anreta, jiska senk (5) mwa, redui pa montan sanksyon an ki pa peye a pou mwa a kote toude (2) sanksyon yo aplike. Si yon deklarasyon fèt nan plis pase 60 jou apre dat li te dwe fèt la, sanksyon minimòm nan se oswa $435 oswa 100% enpo ki pa peye a, pipiti posib. Deklare epi peye toutotan li posib enpòtan, paske sanksyon pou deklarasyon anreta ak peman anreta a ap ogmante rapid. Jeneralman, sanksyon pou pa peye an se 0.5% enpo ki pa peye a pou chak mwa oswa yon pati nan yon mwa jiskaske enpoa fin peye oswa jiskaske li rive nan 25%. Tarif la ka chanje. Pou plis enfòmasyon, gade IRS.gov/penalties.

Kontribyab ki abitye deklare ak peye alè yo souvan kalifye pou alèjman sanksyon. dabitid yon kontribyab ap kalifye si yo te deklare epi peye alè nan twa (3) dènye ki sot pase yo epi ranpli lòt kondisyon. Pou plis enfòmasyon, gade paj rediksyon sanksyon pou premye fwa a (an anglè) sou IRS.gov.

Yo pran enterè a sou enpo ak sanksyon yo jiskaske balans lan fin peye nèt.

Peye enpo ou dwe yo sou entènèt

Sila yoo ki dwe enpo yo ka peye ak Peman Dirèk IRS la, pa mwayen kat debi oswa kat kredi oswa aplike anliy pou yon plan peman (k ap gen ladan yon akò vèsman). Pou plis opsyon peman elektwonik, vizite IRS.gov/payments. Yo san danje e yo fasil pou itilize. Kontribyab ki peye sou entènèt yo resevwa konfimasyon touswit apre yo fin soumèt peman yo a. Avèk Peman Dirèk epi Sistèm Peman Enpo Federal Elektwonik la (Electronic Federal Tax Payment System, EFTPS), kontribyab yo ka chwazi resevwa avi nan imèl yo apwopo peman yo.

Chwazi yon pwofesyonèl enpo

IRS ofri konsèy pou ede kontribyab yo chwazi yon moun pou prepare deklarasyon enpo ak pridans. Paj Chwazi yon Pwofesyonèl Enpo a gen enfòmasyon konsènan moun pou prepare deklarasyon enpo a, diplòm ak kalifikasyon (an anglè) epi konsèy pou evite moun pou prepare deklarasyon enpo ki manke rigè

Repètwa Moun pou Prepare Deklarasyon Enpo Federal yo ak Diplòm ak Meyè Kalifikasyon yo (an anglè) ka ede kontribyab yo jwenn moun pou prepare deklarasyon enpo ki gen yon diplòm pwofesyonèl IRS la rekonèt oswa ki ranpli tout kondisyon pou Pwogram Sezon Deklarasyon Anyèl la (an anglè).

Deklarasyon Dwa Kontribyab la

Kontribyab gen dwa fondamantal nan lwa ki pwoteje kontribyab yo nan relasyon yo ak IRS. Deklarasyon Dwa Kontribyab la prezante dwa sa yo nan 10 kategori. Piblikasyon 1, Dwa Ou antanke yon Kontribyab (an anglè), mete aksan sou dwa sa yo ak obligasyon ajans lan pou l pwoteje yo.