Paj sa bay yon rezime jeneral responsabilite taks sou revni federal yo, pwosedi yo, epi dwa ki an rapò ak rezidan Ozetazini yo, ak lyen pou plis enfòmasyon an detay. Rezidans Dapre Lwa Fiskal Ameriken Takse yon sitwayen ki pa yon sitwayen Ameriken oswa yon Sitwayen ameriken ki depandan nan estati rezidans sitwayen sa a. Jeneralman, prensip k ap gouvène a sèke rezidan fiskal yo takse menm jan ak sitwayen ameriken yon nan revni yo jenere nan kat kwen mond lan, pandan sitwayen ki pa rezidan yo takse selon règleman espesyal nan kèk pati nan Kòd Revni Entèn nan (Pi devan n ap sèlman di IRC oswa Kòd la pou nou pale de li) Yo trete yon sitwayen ki resevwa yon green card (an anglè) tankou yon rezidan pèman epi antanke yon rezidan fiskal Etazini pou sa ki gen pou wè ak taks. Pou asistans pou kapab detèmine si ou se yon rezidan fiskal ameriken oswa yon moun ki pa rezidan, tanpri, ale nan Detèmine Estati Etranje ou (an anglè). An jeneral, le ou kòmanase pwosesis pou resevwa green card ou, dat kòmansman rezidans ou se premye jou kalandè kote ou te prezan fizikman ozetazini antanke yon rezidan pèmanan legal (dat kote Sèvitwayènte Etazini ak Sèvis Imigrasyon yo (USCIS) te apwouve ofisyèlman demann ou pou ou te vini yon imigran) Si ou resevwa yon green card pandan ou aletranje, alòs dat kòmansman rezidans ou se premye jou kote ou te prezan fizikman Ozetazini aprè ou fin resevwa green card la. Pou plis enfòmasyon, ale nan Dat Kòmansman ak Fen Rezidans (an anglè). Pou ane fiskal kote ou se ni yon rezidan fiskal ameriken epi yon moun ki pa rezidan, tanpri ale nan Taks pou Etranje ki gen Doub Estati yo (an anglè). Takse Rezidan Fiskal yo Ozetazini Si ou se yon etranje rezidan Ozetazini, jeneralman règleman pou ou fè deklarasyon revni, byen imobilye ak don deklarasyon taks epi peye enpo estime yo pa chanje, menm delè ou ta Ozetazini oswa ou aletranje. Revni ou jenere nan kat kwen mond lan sijè ak enpo sou revni Ozetazini kèlkeswa kote w ap viv la. Pou plis detay konsènan responsablite fiskal pou rezidan fiskal yo, tanpri ale nanTakse Etranje Rezidan Ozetazini ak Piblikasyon 519, Gid Fiskal Ameriken pou Etranje (an anglè). Pou plis detay konsènan responsablite fiskal pou Rezidan fiskal ameriken ak sitwayen ameriken yo k ap travay oswa viv aletranje oswa ki gen revni ki jenere nan yon peyi etranje, tanpri, ale nan Kontribyab k ap viv Aletranje (an anglè) ak Piblikasyon 54, Gid Fiskal pou Sitwayen Ameriken ak Rezidan ki Aletranje (an anglè). Yon sitwayen ki gen yon revni ki jenere nan Gwam, Commonwealth Zile Maryana Nò yo (CNMI), Samoa Ameriken oswa Etazini. Il vyèj oswa Pòtoriko, li posib pou ou ta fè yon deklarasyon taks ak depatman fiskal youn nan teritwa sa yo. Li posib pou sitwayen an ta gen obligasyon pou li fè de deklarasyons taks chak ane: youn avèk depatman fiskal teritwa a epi lòt la ak Sèvis Revni Entèn Etazini. Pou plis enfòmasyon, gade Moun k ap viv oswa k ap travay sou Teritwa/Posesyon Etazini (an anglè). Egzijans Deklarasyon Adisyonèl, ansanm ak Deklarasyon Aktif Aletranje Lalwa mande pou rezidan fiskal ak sitwayen ameriken yo pou you deklare nenpòt ki revni yo jenere nan kat kwen mond lan, sa ki gen ladan revni ki soti nan fidisi ak bank etranje ak kont sekirite yo. Nan pifò ka, kontribyab yo ap gen pou yon ranpli epi atache Barèm B (an anglè)a nan deklarasyon taks yo. Pati II Anèks B a mande pou si gen kont etranje, tankou kont bankè ak kont sekire yo, epi jeneralman li mande pou sitwayen yo deklare nan ki peyi chak kont yo ye. Yon Ameriken tankou, yon sitwayen ameriken, rezidan fiskal, kòporasyon domestik, patenarya, sosyete ki gen responsabilite limite, fidisi ak imobilye, sipoze deklare kèk kont finasye etranje tou, tankou kont bankè, kont koutaj yo ak fon mityèl yo, bay Depatman Trezò, lè yo fè Deklarasyon Bank Etranjè ak Kont Finansye yo (FBAR) nan FinCEN Fòm 114 la. Pou plis enfòmasyon konsènan egzijans pou deklarasyon FBAR la gade Deklare Kont Bank ak Finans Aletranje (FBAR) (an anglè). Anplis de sa, gen kèk kontribyab ki gendwa gen obligasyon pou yo atache nan deklarasyon yo Fòm 8938, Deklarasyon Aktif Finansye Aletranje yo (an anglè). Jeneralman, rezidan fiskal ameriken yo, sitwayen ameriken yo ak kèk sitwayen ki pa rezidan sipoze deklare Aktif Finansye Espesifik Aletranje nan fòm sa a si valè global Aktif sa yo depase yon sèten nivo de baz. Gade Enstriksyon pou Fòm 8938 an pou detay. Etazini. Ameriken yo gendwa gen obligasyon pou yo fè deklarasyon adisyonèl sa yo: Fòm 3520, Deklarasyon Anyèl pou Deklare Tranzaksyon avèk Fidisi Aletranje yo ak Resi yon Seri Don Aletranje (an anglè) Fòm 3520-A, Deklarasyon Enfòmasyon Anyèl yon Fidisi Aletranje avèk yon Pwopriyetè Ameriken (an anglè) Fòm 5471, Deklarasyon Enfòmasyon Moun Ozetazini Konsènan yon Seri Sosyete Etranje (an anglè) Fòm 8865, Deklarasyon Moun Ozetazini Konsènan yon Seri Patenarya Etranje (an anglè) Fòm 926, Deklarasyon Moun Ozetazini Transfere yon Byen bay yon Sosyete Etranje (an anglè). Deklarasyon Ekspatriye Etranje ki abandone sitwayènte ameriken yo oswa ki vin pa yon rezidan pèmanan legal Ozetazini ankò sipoze fè yon deklarasyon antanke etranje ki gen Doub estati, epi atache Fòm 8854, Deklarasyon Ekspatriyasyon Inisyal ak Anyèl la (an anglè). Yon kopi Fòm 8854 la sipoze ranpli ak Sèvis revni entèn nan 3651 S IH 35, MS 4301 AUSC, Austin, TX 78741, nan dat limit deklarasyon taks la (sa ki gen ladan li ekstansyon yo). Gade Ekspatriyasyon Fiskal (an anglè), nan Enstriksyon Fòm 8854, ak Avi 2009-85, Gid pou Ekspatriye nan Seksyon 877A (an anglè), pou plis detay. Deklarasyon Dwa Kontribyab la Chak kontribyab gen yon ansanm dwa fondmantal ke yo dwe okouran de yo lè yo an afè ak Sèvis Revni Entèn Etazini. Tanpri ale nan Deklarasyon Dwa Kontribyab yo pou ou kapab eksplore dwa w yo ak obligasyon yo pou pwoteje yo. Kontak IRS la ap fè fas ak anpil apèl, sa lakoz ou ka pran ant 15 a 30 minit an mwayèn oswa pi plis avan ou jwenn sèvis. Tanpri, dirije ou nan Kite Nou Ede ou pou zouti anliy ak resous yo, menm jan ak nimewo telefòn pa tip asistans w ap bezwen yo. Si w ap viv andeyò de Etazini epi ou gen kesyon espesifik ki gen pou wè ak kont taks pou patikilye oswa pou biznis, ou sipoze kontakte Sèvis Sant Apèl Entènasyonal pou kontribyab yo pa telefòn oswa pa faks. Tanpri ale nan Kontakte Biwo Lokal Mwen Depi Aletranje. Pou fè demann asistans Sèvis Defans Kontribyab, tanpri ale nan Kontakte Sèvis Defans Kontribyab la (an anglè). Referans / Sijè ki an rapò Enfòmasyon pou Patikilye yo Etranje Lòt Peyi yo Piblikasyon 17, Enpo sou Revni Federal Ou (Pou Patikilye yo) (an anglè) Piblikasyon 54, Gid Fiskal pou Sitwayen Ameriken ak Rezidan Aletranje Piblikasyon 519, Gid Fiskal Ameriken pou Etranje (an angle)