Kesyon yo Souvan Poze sou Fòmilė 1099-K a: Patikilye yo

Yo te rann mizajou Kesyon yo Poze Souvan sa yo piblik nan Fich Teknik 2022-41PDF, 28 desanm 2022.

A. Fòmilè 1099-K, Tranzaksyon Kat Pèman ak Tranzaksyon Rezo Tyès (an anglè) se yon deklarasyon ransèyman. Itilize deklarasyon ransèyman sa ansanm avèk lòt dokiman fiskal ou yo pou w detèmine bon enpo ou. Pou w jwenn plis enfòmasyon sou kijan pou w konsève dosye w, al gade Piblikasyon 583, Kòmanse yon Biznis epi Konsève Dosye yo (an anglè)

A. Si ou kwè enfòmasyon sou Fòmilè 1099-K, Tranzaksyon Kat Pèman ak Rezo Tyès (an anglè) pa kòrèk, yo te livre fòmilè a pa erè, oswa ou gen yon kesyon konsènan fòmilè a, kontakte anplwaye biwo a, ki gen non li ak enfòmasyon pou kontakte li ki parèt nan tèt fòmilè a nan kwen agoch.

Ou ka kontakte tou antite règleman pèman (PSE) ki gen non li ak nimewo telefòn li ki anba fòmilè a sou kote goch.

Si ou pa kapab fè korije fòmilè a, ou ta dwe deklare erè a sou Fòm 1040, Anèks 1, Revni Anplis ak Ajisteman sou Revni (an anglè)PDF, Pati 1 an, Revni anplis, liy 8z, Lòt Revni, ansanm ak yon antre ki konpanse nan Pati 2 a, Ajisteman nan Revni an, liy 24z, Lòt Ajisteman yo.

Pa ekzanp, ou te fè yon vwayaj ak yon zanmi w epi ou te peye pou tikè avyon yo. Si zanmi ou remèt ou $2500 ou te depanse pou tikè avyon yo a, epi ou resevwa yon Fòm 1099-K ki deklare $2500 kòm lajan sèvis brit, Anèks 1 ou ta dwe montre bagay sa yo:

Fòm 1040, Anèks 1, Revni Anplis ak Ajisteman sou Revni

Pati 1 – Liy 8z, Lòt revni. Montre kalite ak montan: “Fòm 1099-K ou te resevwa pa erè .... $2,500” pou montre lajan ki deklare sou Fòm 1099-K a.

epi

Pati 2 – Liy 24z, Lòt Ajisteman yo. Montre kalite ak montan: “Fòm 1099-K ou te resevwa pa erè .... $2,500” pou konpanse lajan ki deklare ba ou pa erè a.

A.  Ou ka resevwa yon Fòm 1099-K tou depann de kalite tranzaksyon yo.

Si ou aksepte kat peman (pa ekzanp kat kredi oswa kat debi) kòm yon fòm peman pou yon machandiz ke ou vann oswa yon sèvis ke ou te bay, ou ap resevwa yon Fòm 1099-K (an anglè) pou montan peman brit yo te fè ba ou pou ane sivil la atravè kat peman sa a. Ekzijans deklarasyon sa yo pa chanje, epi pa gen yon limit deklarasyon minimòm pou peman sa yo ekzije yon deklarasyon.

Deplis, pou ane sivil apre ane 2021 an, si ou aksepte yon peman nan men yon òganis règleman tyès, ou ka resevwa yon Fòm 1099-K (an anglè) nan men òganis sa a. Yon òganis règleman tyès konekte moun yo antre yo (pa ekzanp, yon sit entènèt ki ap vann).

Ou ap resevwa yon Fòm 1099-K si ou aksepte peman nan men yon òganis règleman tyès kote ke,

  • Kantite total tranzaksyon ou yo depase 200, epi
  • Sòm kòb peman ou resevwa yo, konpare a tout lòt benefisyè yo depase $20,000 nan ane sivil la.

    Remak: TLwa Plan Sekou Ameriken an te bese limit ki pou deklanche yon ekzijans pou yon deklarasyon sou yon Fòm 1099-K soti nan plis pase $20,000 a plis ke $600 dola (kelkeswa kantite tranzaksyon an). IRS la te soti yon Avi 2023-10 ki bay yon reta tanporè nan aplikasyon ki bese limit deklarasyon an. Sepandan, ou ka resevwa yon Fòm 1099-K pa erè nan limit ki pi ba a, malgre Avi 2023-10.