Prepare nou pou enpo yo: Kisa ki nouvo epi kisa pou konsidere lè w ap fè depo an 2022

IR-2021-243, 7 Desanm, 2021

WACHINTONN — Administrasyon Fiskal Ameriken an jodi a ankouraje kontribyab yo pou yo pran gwo mezi mwa sa pou ede yo depoze deklarasyon enpo federal yo pou ane 2022 a, sa ki gen ladan l yon ansanm etap espesyal ki lye ak Pèman Enpak Ekonomik yo ak pèman antisipe Kredi Enpo pou Timoun yo.

Sa se dezyèm pami yon seri rapèl pou ede kontribyab yo prepare yo pou sezon deklarasyon enpo ki ap vini la. Yon paj espesyal, ki ajou epi disponib sou IRS.gov, souliye ansanm mezi kontribyab yo ka pran kounya pou rann deklarasyon enpo pi fasil pou ane 2022 a.

Men kèk nan eleman kle pou kontribyab yo konsidere avan yo fè depo ane k ap vini an. Here are some key items for taxpayers to consider before they file next year.

Verifye pèman antisipe Kredi Enpo pou Timoun yo

Fanmi ki te resevwa pèman antisipe yo ap bezwen pou yo konpare pèman antisipe Kredi Enpo pou Timoun ke yo te resevwa an 2021 avèk montan Kredi Enpo pou Timoun ke yo kapab reklame kòrèkteman nan deklarasyon enpo 2021 yo a.

Kontribyab ki te resevwa mwens pase montan yo elijib pou yo a ap reklame yon kredi pou rès montan Kredi Enpo Timoun yo nan deklarasyon enpo y ap fè pou ane 2021 an. Kontribyab ki resevwa plis pase montan yo elijib pou yo kapab gen bezwen ranbouse kèk oubyen tout eksedan pèman yo te resevwa a lè y ap fè depo.

An janvye 2022, IRS ap voye yon lèt 64 19 avèk montan total ansanm pèman antisipe Kredi Enpo pou Timoun kontribyab yo te resevwa pou ane 2021 an. Moun yo dwe konsève lèt sa ak tout lòt lèt IRS ki konsène ansanm pèman antisipe Kredi Enpo pou Timoun yo ak dosye fiskal yo.

Konsilte Rapwochman ansanm Pèman Antisipe Kredi Enpo pou Timoun ou an nan Deklarasyon Enpo 2021 w lan pou plis enfòmasyon.

Fanmi ki elijib ki pa t jwenn pèman antisipe chak mwa pou ane 2021 an ka toujou jwenn yon pèman global lè yo reklame Kredi Enpo pou Timoun nan lè yo fè depo yon deklarasyon federal enpo sou revni 2021 ane ki ap vini an. Sa gen ladan l ansanm fanmi ki pa nòmalman bezwen pou depoze yon deklarasyon.

Pèman Enpak Ekonomik yo ak reklamasyon Kredi Ranbousman Rekiperasyon

Moun ki pa t kalifye pou twazyèm Pèman Enpak Ekonomik (an anglè) la oubyen ki pa t resvwa montan total la kapab gen chans pou yo elijib pou Kredi Ranbousman Rekiperasyon an selon ransèyman enpo ane 2021 yo a. Y ap bezwen depoze yon deklarasyon enpo 2021, menm si yo pa gen abitid fè depo, pou reklame kredi a.

Patikilye yo ap bezwen montan twazyèm Pèman Enpak Ekonomik yo a tou ak tout Pèman Plus-Up ou te resevwa pou w kalkile montan pèman Kredi Ransbousman Rekiperasyon kòrèk pou ane 2021 an lè yo depoze deklarasyon enpo yo a. Asire ke yo itilize ansanm montan pèman kòrèk la ap ede yo evite yon reta tretman ki kapab ralanti ranbousman yo a.

Nan kòmansman ane 2022 a, IRS ap voye Lèt 6475 ki gen montan total twazyèm Pèman Enpak Ekonomik ak Pèman Siplemantè yo te resevwa received. Moun yo dwe konsève lèt sila ak tout lòt lèt IRS sou pèman relans avèk tout lòt dosye fiskal yo. Moun yo kapab konekte tou avèk Kont Anliy IRS.gov yo a pou yo aksede ansanm montan Pèman Enpak Ekonomik yo a nan tout sekirite.

Konsilte IRS.gov/rrc pou plis enfòmasyon.

Chanjman dediksyon charite yo

Kontribyab ki pa detaye dediksyon yo kapab kalifye pou pran yon dediksyon charite jiska $600 pou kontribyab ki amrye ki ap fè deklarasyon ansanm epi jiska $300 pou tout lòt moun ki ap fè deklarasyon pou kontribisyon lajan kach ki fèt an 2021 pou òganizasyon ki kalifye yo (an anglè). Pou plis enfòmasyon, li Piblikasyon 526, Kontribisyon Charite yo (an anglè).

Ouvri yon kont labank pou prepare w pou depo dirèk

Depo dirèk bay kontribyab yo aksè a ranbousman yo pi vit pase papye chèk. Sila yo ki pa gen yon kont labank kapab aprann kòman pou yo ouvri yon kont nan yon bank ki asire nan FDIC (an anglè) oubyen atravè Zouti Lokalizasyon Kredi Koperativ Nasyonal la (an anglè). Veteran yo dwe konsilte Pwogram Benefis Bankè pou Veteran yo (an anglè) pou aksede sèvis finansye nan bank ki ap patisipe yo.

Ansanm lyen pou zouti anliy yo, piblikasyon yo ak lòt resous itil yo disponib sou IRS.gov/prepareou.