Eskwokri Fiskal/Avètisman pou Konsomatè

Gen plizyè milyon moun ki gentan pèdi plizyè milyon dola ansanm ak done pèsonèl yo akoz eskwokri fiskal. Eskanmòtè sèvi ak lèt yo voye pa lapòs, telefòn, ak imèl pou pyeje patikilye, biznis, responsab pewòl, ak pwofesyonèl fiskal yo.

IRS la pa antre an kontak ak kontribyab yo pou mande yo bay done pèsonèl oubyen finansyè yo pa mwayen imèl, mesaj tèks ni rezo medya sosyal yo. Rekonèt siy ki revele yon eskwokri ak Kòman ou ka konnen si se reyèlman IRS la ki rele w oubyen ki frape pòt ou (an anglè).

Eskwokri ki Sible Kontribyab yo

IRS la avèti kontribyab yo pou yo rete vijilan pou yon nouvo eskwokri atravè kourye (an anglè) lapòs ki eseye twonpe moun yo pou yo kwè yo dwe yo yon ranbousman.

Nouvo trichri a enplike yon kourye ki vini nan yon anvlòp katon ki soti nan yon sèvis livrezon. Lèt ki nan anvlòp la gen antèt IRS la ladann ak enfòmasyon pou kontakte ak yon nimewo telefòn ki pa pou IRS la epi li di avi a "konsène ranbousman ou pa reklame a."

IRS la te raple biznis yo ak gwoup ki gen egzansyon fiskal yo, pou yo veye siy ki devwale deklarasyon ki ap twonpe yo konsènan Kredi Retansyon Anplwaye yo (ERC), yo rele yo kèk fwa Kredi Enpo pou Retansyon Anplwaye oswa ERTC. IRS la ak pwofesyonèl fiskal yo kontinye wè piblisite agresif, demann dirèk pa lapòs ak pwomosyon anliy ki enplike ERC a. Pandan ke kredi a reyèl, pwomotè agresif yo ap defòme epi egzajere ki moun ki ka kalifye pou kredi a.

IRS la te bay anpil avètisman konsènan konplo ERC (an anglè) yo ki soti nan men pwomotè tyès yo ki ap fè moun peye gwo frè davans oswa yon frè ki depann de montan ranbousman an. Epi pwomotè yo ka pa di kontribyab yo si montan kredi a dwe redui dediksyon salè yo reklame sou deklarasyon enpo sou revni federal biznis lan.

Biznis yo, òganizasyon ki gen egzansyon fiskal yo ak lòt moun k ap panse pou aplike pou ERC a, bezwen revize kondisyon ofisyèl yo (an anglè) pou kredi sa a ak anpil atansyon anvan yo reklame li.

IRS la avèti kontribyab yo sou nouvo eskwokri (an anglè) ki ankouraje moun yo pou yo sèvi ak enfòmasyon salè yo nan yon deklarasyon enpo pou reklame fo kredi nan lespwa yo ap jwenn yon gwo ranbousman.

IRS, ajans fiskal Eta yo ak sektè fiskalite a mete pwofesyonèl taks yo an gad kont eskwokri k ap fèt yo k ap pran pandemi an pou pretèks pou yo vòlè done kliyan yo (an anglè).

Pandan nouvèl sezon fiskal la ap kòmanse, IRS la te raple kontribyab yo pou yo reveye konsyans yo sou kriminèl k ap kontinye rele nan telefòn pou agrese moun, fè yo pase pou ajan IRS yo, nan lespwa pou yo vòlè lajan oswa enfòmasyon pèsonèl kontribyab yo.

Konsèy Fiskal 2022-15, Kontribyab yo atansyon: Sezon fiskal se moman ki gen plis eskwokri nan telefòn

Pandan Mwa Sibèsekirite Nasyonal la, Sèvis Revni Entèn nan ap raple fanmi yo, adolesan yo ak pèsonaj yo jan li enpòtan pou yo kontinye pwoteje enfòmasyon pèsonèl ak finansyè yo sou entènèt la (an anglè). Paran yo, fanmi yo ak lòt moun yo dwe veye pyèj yo ka rankontre nan pataje aparèy elektwonik yo nan kay la, fè acha anliy epi nan navige sou plizyè platfòm medya sosyal yo.

Sèvis Revni Entèn nan te rejwenn òganizasyon entènasyonal yo ak lòt òganis regilatè yo pou mete aksan sou Semenn Sansibilizasyon sou Fwod nan Òganizasyon Charite yo (an anglè), nan peryòd ant 17 ak 21 oktòb 2022. Se yon patenarya ant òganizasyon charite, òganis regilatè, òganis pou aplikasyon lalwa, ak lòt pati benevòl patou nan mond lan pou sansibilize sou fwod ak krim sou entènèt yo k ap afekte òganizasyon charite yo.

IR-2022-180, IRS rejwenn efò k ap fèt pou batay kont fwod nan òganizasyon charite yo pandan semenn rekonesans entènasyonal la (an anglè)​​​

IRS la ap raple kontribyab yo pou yo pa fye pwomotè k ap di sèvis yo nesesè pou yon règleman avèk IRS, k ap di yo ka regle dèt yo pou “kèk santim sou dola” oswa gen yon tan limite pou regle dèt fiskal yo atravè pwogram Pwopozisyon Konpwomi an (Offer In Compromise). Souvan, yo rele pwomotè sa yo “OIC Mills”. Jwenn plis enfòmasyon sou Pwopozisyon Konpwomi Mills yo nan kominike laprès lis “Douzèn Delwayal” IRS la avèti moun yo pou yo veye anak fiskal yo ki enplike fo charite yo, preparatè zonbi yo ak lòt konplo.

Sèvis Revni Entèn nan te bay avètisman sou moun ki pran non IRS pou kontinye fè eskwokri, ki vize enstitisyon edikasyon yo an patikilye, ki gen ladan elèv yo ak anplwaye ki gen adrès imèl ".edu".

Nan dènye kout gidon nan eskwokri ki gen rapò ak nimewo Sekirite Sosyal, eskanmòtè yo deklare yo ka sispann oubyen anile SSN viktim nan (an anglè). Se yon lòt tantativ eskamòtè yo itilize pou menase moun yon fason pou yo reponn apèl mesaj vokal yo kite sou telefòn yo.

Akòz pandemi a, plizyè milyon ameriken te pèdi travay yo nèt oswa pou yon ti tan nan lane 2020 epi te resevwa alokasyon chomaj nan men ajans leta yo. Sepandan, nan kèk ka, kriminèl yo t ap chache eksplwate sitiyasyon an, yo te ranpli fo fòm pou jwenn alokasyon chomaj yo lè yo itilize idantite yo vòlè.

Poutèt alokasyon chomaj yo se revni fiskal yo ye, eta yo pibliye Fòm 1099-G, kèk Peman Gouvènman, bay benefisyè yo epi bay IRS pou rapòte kantite lajan konpansasyon taks ou te resevwa ak nenpòt konpansasyon ki poko fèt. Kazye 1 sou fòm nan montre "Konpansasyon Chomaj."
Kontribyab ki te resevwa yon Fòm 1099-G pou konpansasyon chomaj 2020 an yo pa t resevwa ta dwe swiv etap yo mansyone nan Vòl Idantite ak Alokasyon Chomaj yo.

IRS ap raple kontribyab yo ke kriminèl ak Eskamòtè ap eseye pwofite jenerozite kontribyab ki ta vle ede moun ki viktim anba gwo dezas natirèl yo.

Gade:

Pandan nouvèl ane a ap kòmanse, IRS ap raple kontribyab yo pou yo pwoteje enfòmasyon pèsonèl ak finansyè yo pandan tout ane a epi veye eskwokri k ap itilize idantite IRS, ansanm avèk lòt eskwokri, k ap eseye pyeje moun yo sou lajan yo fè nan travay di.

IRS avèti kontribyab yo pou evite moun ki nan fo biznis preparasyon taks, sa a tout moun rele chalatan (an anglè). Yon chalatan (an anglè) se yon moun ki pa siyen deklarasyon taks li prepare a. Pa siyen yon deklarasyon se yon siy ki montre moun yo peye pou prepare taks la ap pwofite fè yon kòb rapid pandan l ap pwomèt yon gwo ranbousman oswa chaje frè ki baze sou gwosè ranbousman an.

Yon manèv eskwokri sofistike nan telefòn ki sible Kontribyab tankou Imigran ki pa nan peyi a lontan, ap gaye tou patou nan peyi a. Moun ki rele yo pran pòz se ajan IRS yo ye, yo itilize fo non ak fo nimero kat idenfikasyon. Souvan yo gen anpil enfòmasyon sou kontribyab yo sible yo, eskanmòtè yo òdinèman chanje nimewo moun ki rele a pou bay enpresyon se IRS k ap rele.

Eskanmòtè yo di viktim yo ke yo dwe IRS lajan ke yo dwe peye rapidman atravè kat kado oubyen viman. Viktim yo resevwa menas arestasyon, depòtatsyon, oubyen sispansion pèmi pou fè biznis oubyen pou kondwi machin. Nan anpil ka, Moun ki rele a vinn fache e ka menm tonbe ap joure. Yo ka menm di viktim yo gen yon ranbousman jis pouka eseye entrene viktim yo pataje enfòmasyon pèsonel. Si pèsonn pa reponn apèl, eskamòtè yo konn souvan kite mesaj pou retounen apèl an "ijans".

Kèk vòlè itilize sèvis relè videyo (VRS) pou eseye twonpe moun ki soud oubyen ki tande di. IRS ankouraje kontribyab yo pou yo pa fè konfians ak apèl jis paske yo fèt atravè VRS (sèvis relè sou video), paske entèprèt yo pa verifye validite apèl yo. Pou plis detay, gade video IRSFwod Fiskal atravè Sèvis Relè  Videyo (an anglè).

Souvan, Eskanmòtè yo apwoche viktim ki pa alèz nan anglè nan lang manman yo, menase yo avèk depòtasyon, arestasyon Polis e revokasyon pèmi pou kondwi, pami lòt bagay. IRS enkouraje tout kontribyab pou pran prekosyon avan yo peye dèt taks ke yo resevwa sanzatann. Silvouplè gade: IRS anonse Kontribyab ki pa alèz nan anglè de manèv eskwokri nan telefòn (an anglè). Note sa byen, IRS pa konn:

  • Egzije pou ou sèvi ak yon metòd pèman byen patikilye tankou kat debi peye davans (prepaid debit card), kat kado (gift card) oswa viman bankè (wire transfer). Jeneralman, IRS ap voye yon lèt ki gen yon fakti ladan li si ou dwe lajan taks.
  • Ba ou presyon pou di ou yo ap voye lapolis oswa lòt otorite lalwa arete w si ou pa peye.
  • Egzije pou peye san yo pa ba ou yon chans pou entèwoje yo oswa konteste kantite lajan ou dwe a.
  • Mande pou nimewo kat debi oubyen kat kredi nan telefòn.

Eskwokri ki Sible Pwofesyonèl Taks yo

  • Deplizanplis, Eskanmòtè kap vòlè idantite moun yo sible pwofesyonèl ki prepare Taks. Kriminèl sa yo- anpil nan yo souvan sofistike, byen òganize - ap double efò yo pou kolekte enfòmasyon pèsonel moun pou yo prepare fo taks nan nivo Federal ak eta yo. Patnè Somè yo gen yon kanpay sensibilzasyon ki sible pwofesyonèl ki prepare taks: Pwoteje Kliyan W; Pwoteje Tèt Ou.

Eskwokri ki Sible Pwofesyonèl Fiskal yo

Deplizanplis, Eskanmòtè kap vòlè idantite moun yo sible pwofesyonèl ki prepare Enpo. Kriminèl sa yo- anpil nan yo souvan sofistike, byen òganize - ap double efò yo pou kolekte enfòmasyon pèsonel moun pou yo prepare enpo federal ak eta ki gen fwod. Patnè Somè yo gen yon kanpay sansibilzasyon ki sible pwofesyonèl ki prepare enpo yo: Pwoteje Kliyan W; Pwoteje Tèt Ou.

Kanpay “Pwoteje Kliyan Ou, Pwoteje Tèt Ou – Sezon Lete 2022” a mete aksan sou yon rapèl pou pwofesyonèl taks yo konsantre yo sou prensip fondamantal yo epi veye feblès yo ap obsève bò kote pwofesyonèl sa yo k ap itilize sèvis ki sou nyaj yo pou yo fè travay yo a.

IRS, ajans fiskal Eta yo ak sektè fiskalite a avèti pwofesyonèl taks yo sou nouvo eskwokri nan imèl yo k ap eseye vòlè enfòmasyon idantifikasyon lojisyèl taks yo (an anglè). Vòlè yo eseye pran done kliyan yo ak idantite pwofesyonèl taks yo pou yo eseye fè fo deklarasyon taks pou ranbousman.

IRS, ajans fiskal leta y oak endistri taks yo avèti pwofesyonèl taks yo sou yon nouvo imèl anak ki vle fè tèt li pase pou IRS epi ki ap eseye vòlè Nimewo Idantifikasyon Deklarasyon Elektwonik yo (EFIN yo) (an anglè). Vòlè sa yo eseye pran done kliyan an ak idantite pwofesyonèl taks yo ki pral pèmèt yo depoze fo deklarasyon taks pou ranbousman.

Pwofesyonèl taks yo dwe revize Piblikasyon 4557, ki sovgade done kontribyab taks yo, ki se yon Gid pou Biznis ou a (an anglè)PDF, epi ki bay yon lis ki ka ede sovgade enfòmasyon ak amelyore sekirite.

Gade tou: Enfòmasyon sou Vòl Idantite pou Pwofesyonèl Taks (an anglè).

Demann enfòmasyon sou Fòmilè W-2 nan men responsab pewòl ak resous imèn yo

IRS la etabli yon pwosesis k ap pèmèt antrepriz yo ak founisè sèvis pewòl yo pou yo rapòte byen vit tout done ki pèdi epi ki lye ak eskwokri W-2 a k ap bay traka jounen jodi a. Si IRS la jwenn nòt la atan, li ka pran mezi pou anpeche anplwaye yo tonbe viktim anba vòlè idantite sa yo k ap depoze deklarasyon fwod nan non yo. Gen enfòmasyon tou sou kòman ou ka sispann resevwa imèl eskwokri sa yo.

Anplwayè yo dwe chache mete pwotokòl anplas lè pou pataje enfòmasyon sansib sou anplwaye tankou Fòmilè W-2. Eskwokri W-2 a se sèlman youn nan plizyè varyasyon ki konsantre yo sou vòlò enfòmasyon fiskal ki sansib nan men konpayi preparatè taks, biznis ak pewòl yo.

Pwofesyonèl taks ki pran nan kou kote done yo pèdi dwe rapòte ensidan sa a byen vit bay IRS. Gade detay nan Enfòmasyon sou Vòl Idantite pou Pwofesyonèl Taks (an anglè).

Gade tou:

Gwo Ogmantasyon nan Imèl, Pyèj sou Entènèt ak Lojisyèl Malfezans

Eskwokri (an anglè) (tankou nan fè lapèch pou enfòmasyon) se yon anak kote anakè yo voye mesaj imèl pou pyeje viktim ki pa sispèk yo pou yo revele enfòmasyon pèsonèl ak finansye yo, ki ka sèvi pou vòlè idantite viktim nan.

IRS la bay plizyè avètisman sou fo itilizasyon non ak logo IRS la anakè yo ap fè pou yo jwenn aksè nan enfòmasyon finansyè kliyan yo pou yo ka vòlè idantite yo ak avantaj yo.

Yo voye imèl eskwokri yo pouf è kontribyab yo panse se kominikasyon ofisyèl ki soti nan IRS oswa nan lòt sektè fiskalite, tankou konpayi lojisyèl taks yo. Anak sa yo ka chèche enfòmasyon ki an rapò ak ranbousman, kondisyon fiskal, konfimasyon enfòmasyon pèsonèl, demann pou relve ak verifikasyon enfòmasyon PIN.

Veye fo imèl ki parèt tankou se pwofesyonèl taks ou ki voye l ba ou, k ap mande ou enfòmasyon pou yon fòm IRS. IRS pa mande kontribyab yo oswa pwofesyonèl taks yo mizajou sou Asirans Vi ak Aniyite.

Nou ka wè varyasyon nan mesaj tèks yo. IRS la okouran de anak nan imèl ki genyen lyen ki mennen sou fo sit entènèt ki sanble ak sitwèb ofisyèl IRS la. Imèl sa yo gen enstriksyon ki di “ou dwe aktyalize deklarasyon elektwonik IRS ou touswit.” Se pa IRS ki voye imèl sa yo.

Sit yo ka mande enfòmasyon pou fè fo deklarasyon taks oswa yo ka genyen lojisyèl malveyan ki ka domaje òdinatè ou epi pèmèt kriminèl yo jwenn aksè nan fichye ou oswa swiv sa w ap antre ak klavye òdinatè pou yo jwenn enfòmasyon yo.

Imèl ou pa t ap tann, ki pretann se nan IRS yo soti, oswa nan yon konpozan ki nan menm sektè a, tankou EFTPS, ou dwe sinyale yo bay IRS la nan phishing@irs.gov.

Pou plis enfòmasyon, vizite paj wèb Sinyale Eskwokri IRS la

Eskanmotè Fè Tèt yo Pase pou Gwoup Defans Kontribyab Taks yo

Kèk kontribyab taks resevwa imèl ki parèt kòm si se ranbousman taks Gwoup Defans Kontribyab Taks (TAP) voye pou yo. Imèl sa yo se eskwokri pyèj yo ye; y ap pran lòlòj viktim yo pou fè yo bay done pèsonèl ak done finans. Pa reponn ni pa klike sou okenn lyen. Si w resevwa yon eskwokri konsa, fè l rive jwenn phishing@irs.gov epi ekri nòt pou di sanble se nan eskwokri y ap pyeje w pou yo pran enfòmansyon w.
TAP se yon planche volontè ki avize IRS sou pwoblèm sistemik ki afekte kontribyab taks. Li pa janm mande, ni li pa genyen aksè ak okenn done pèsonèl ak finans kontribyab yo.

Eskanmotè Fè Tèt yo Pase pou Gwoup Defans Kontribyab yo

Kèk kontribyab resevwa imèl ki parèt kòm si se ranbousman enpo Gwoup Defans Kontribyab Enpo (TAP) voye pou yo. Imèl sa yo se eskwokri pyèj yo ye; y ap pran lòlòj viktim yo pou fè yo bay done pèsonèl ak done finansyè yo. Pa reponn ni pa klike sou okenn lyen. Si w resevwa yon eskwokri konsa, fè l rive jwenn phishing@irs.gov epi ekri nòt pou di sanble se nan eskwokri y ap pyeje w pou yo pran enfòmansyon w.

TAP se yon komite volontè ki avize IRS sou pwoblèm sistemik ki afekte kontribyab enpo. Li pa janm mande, ni li pa genyen aksè ak okenn done pèsonèl ak finans kontribyab yo.

Enfòmasyon ki gen rapò ak sa 

Yon mesaj James C. Lee, Chèf Rechèch Kriminèl

Rechèch Kriminèl IRS Make Semenn Sansibilizsyon Entènasyonal sou Fwod pou Soulinye Siksè yo nan Ane Fiskal 2020 an (an anglè)

An rekonesans ak Semenn Sansibilizasyon Entènasyonal sou Fwod la, IRS ap souliye siksè ki fèt nan batay kont fwod ak pwoteksyon kontribyab yo. Ane sa a te diferan paske nou te pase mwatye ane a ap fè fas ak nouvo reyalite COVID-19 pote pou nou an. Malgre tout difikilte COVID te lakoz yo, IRS la te anmezi jwenn anpil rezilta. Pa ekzanp, nou te mennen ouvri plis ankèt nan ane fiskal 2020 an pase 2019 la nan majorite zòn ki nan pwogram nou yo, to konviksyon nou pi wo pami sèvis federal pou aplikasyon lalwa yo, e nou se ajans referans nan mond lan pou ankèt finansye ki konplike yo.
Yon Mesaj Damon Rowe, Direktè Ekzekitif Biwo IRS pou Lit kont Fwod

Obsèvasyon Semenn Sansibilizasyon Entènasyonal sou Fwod

Nan kad atansyon konstan nou mete sou kesyon konfòmite fiskal la, IRS la kreye Biwo Lit kont Fwod la pou sipòte efò IRS la ap fè pou li detekte ak dekouraje fwod pandan l ap ranfòse pwogram fwod nasyonal.

Nan okazyon Semenn Sansibilizasyon Entènasyonal sou Fwod la, IRS la ap pwomouvwa gwo envestisman IRS la te fè nan kad lit kont fwod la. Semenn sa a, n ap patisipe nan yon kokennchenn efò pou minimize enpak fwod la, tankou fwod fiskal, pandan n ap pwomouvwa sansibilizasyon sou fwod ak edikasyon. Efò IRS la pou konbat fwod finansye ak fiskal ape de pwoteje kontribyab yo atravè lemond epi souliye enpòtans prevansyon kont fwod pou sosyete a.

Pou w rapòte aktivite ilegal ki lye ak taks, ale nan Anak Fiskal – Kòman Pou W Deklare yo (an anglè). Ou dwe rapòte tou ka tantativ pyèj elektwonik ak fwod ki lye ak IRS bay Enspektè Jeneral Ministè Finans pou Administrasyon Taks (an anglè) nan 800-366-4484.

Kontribyab Taks ki sibi vòl idantite ki lye ak taks ka ap poze tèt yo kesyon mande kilè pou yo depoze Fòmilè 14039, Afidavi Vòl Idantite a.