Prepare ou kounye a pou ou fè deklarasyon enpo sou revni federal 2022 ou

IR-2022-203, 22 novanm 2022

WASHINGTON - Jodi a, Sèvis Revni Entèn ap ankouraje kontribyab yo pou yo swiv etap senp sa yo avan ane a fini pou yo kapab fè deklarasyon enpo sou revni federal 2022 yo byen fasil. Avèk yon ti preparasyon alavans, ak yon apèsi sou chanjman fiskal yo ak zouti pratik anliy yo, kontribyab yo kapab abòde sezon fiskal la ak konfyans.

Kontribyab yo kapab vizite paj wèb Prepare Nou pou yo kapab jenn oryantasyon sou ki sa ki nouvo ak ki sa pou yo konsidere lè y ap fè deklarasyon enpo 2022 yo. Yo kapab jwenn bon jan enfòmasyon sou fason pou yo òganize dosye fiskal yo ak yon lis ki gen zouti anliy yo ak resous yo.

Prepare ou, rasanble dosye fiskal yo

Lè yon kontribyab rasanble epi òganize tout dosye fiskal li yo, l ap byen plase pou li kapab fè yon deklarasyon ak done ki egzak epi evite reta ki gen pou wè ak tretman oswa ranbousman, oswa reta ki gen pou wè ak resepsyon lèt IRS yo. Kounye a se yon bon moman pou kontribyab yo konsidere tranzaksyon finansyè yo te fè nan 2022 yo, si yo sijè ak taks epi fason yo sipoze rapòte yo.

IRS la ap ankouraje kontribyab yo pou yo devlope yon sistèm achiv elektwonik oswa sou papye, yon fason pou yo kapab konsève enfòmasyon ki gen pou wè ak taks yo yon sèl kote. Kontribyab yo sipoze konsève kopi deklarasyon taks yo te fè yo ak dokiman sipò yo pandan twa zan pou pi piti.

Avan janvye, kontribyab yo sipoze konfime si anplwayè, bank ak lòt peyè yo gen aktyèl adrès postal yo ak imèl yo yon fason pou yo kapab asire yo y ap resevwa relve finansye fendane yo. Jeneralman, fòm fendane yo kòmanse rive pa lapòs oswa disponib anliy nan mitan jis ka fen janvye. Kontribyab yo sipoze verifye chak kont rezilta yo pou tcheke si yo kòrèk epi kontakte moun ki prepare yo a pou korije enfòmasyon ki mande korije.

Prepare ou pou sa ki nouvo yo pou ane fiskal 2022 a

Pandan fen ane a ap pwoche, prèske pa gen tan ankò pou ou pwofite de Estimatè Prelèvman Enpo a. Gid anliy sa a fèt pou ede kontribyab yo detèmine montan egzat taks ki sipoze prelve sou chèk peman yo. Gendwa gen moun ki te viv kèk chanjman nan lavi yo tankou maryaj oswa divòs, arive yon timoun oswa fè yon dezyèm djòb. Gen kèk lòt kontribyab ki gendwa bezwen konsidere taks estime pou revni non salaryal yo touche de alokasyon chomaj, travay endepandan, rant yo e menm aktif dijital yo. Pèman dènye trimès 2022 an sipoze fèt 17 janvye 2023. Estimatè Prelèvman Enpo a gendwa ede salarye yo detèmine si gen nesesite pou yo ajiste prelèvman yo, lè yo konsidere peman taks adiysonèl yo, oswa soumèt yon nouvo Fòm W-4 (an anglè) bay anplwayè yo pou kapab evite fakti enpo yo pat panse lè y ap fè deklarasyon.

Panda kontribyab yo ap rasanble dosye fiskal yo, yo sopoze sonje pifò revni yo taksab. Sa gen ladan li alokasyon chomaj, ranbousman enterè ak revni ki soti nan ekonomi ti travay ak Aktif nimerik yo.

Kontribyab yo sipoze deklare revni yo touche yo, tankou sa ki soti nan travay bout jounen, travay sou kote oswa lavant pwodui. Lwa Plan Sovtaj Ameriken (ARPA) 2021 an te bese sèy deklarasyon pou rezo tyès ki trete pèman pou sila yo k ap fè biznis yo. Anvan 2022, yo te bay Fòmilè 1099-K pou tranzaksyon rezo pèman tyès yo sèlman si kantite total tranzaksyon yo te depase 200 pou ane a epi montan agreje tranzaksyon sa yo te depase $20,000. Kounye a yon grenn tranzaksyon ki depase $600 kapab bezwen yon 1099-K. Bès sèy deklarasyon ransèyman an ak rezime revni yo sou Fòmilè 1099-K a pèmèt kontribyab yo gen kontwòl montan yo resevwa yo pi fasil. Sonje sa, lajan moun resevwa atravè aplikasyon pèman tyès ki soti nan men zanmi ak fanmi antanke kado pèsonèl oswa ranbousman pou depans pèsonèl pa gen enpo sou yo. Sila yo ki resevwa 1099-K ki gen revni yo pa t resevwa ladan sipoze rele moun ki ba yo li a. IRS la pap kapab korije li.

Montan kredi yo chanje tou chak ane menm jan ak Kredi Enpo pou timoun (CTC), Kredi Enpo sou Revni ki Rantre (EITC) ak Kredi pou Swen Depandan. Kontribyab la kapab itilize Asistans Taks Entèraktif (an anglè) la ki sou sit IRS.gov la pou li detèmine si li kalifye pou kredi enpo. Gen kèk kontribyab ki gendwa kalifye ane sa a pou ekspansyon kalifikasyon pou Kredi Enpo Sou Prim (an anglè), Pandan lòt yo gendwa kalifye pou yon Kredi pou Machin Pwòp (an anglè) gras ak Lwa Rediksyon Enflasyon 2022 a (an anglè).

Ranbousman yo gendwa pi piti an 2023. Kontribyab yo pap resevwa peman estimilis adisyonèl pou yon ranbousman taks 2023 paske pat gen Peman Enpak Ekonomik 2022. Anplis de sa, kontribyab yo ki pat detaye epi chwazi dediksyon estanda yo, pap kapab dedwi Kontribisyon Charite yo.

IRS la avèti kontribyab yo pou yo pa konte sou resepsyon ranbousman enpo federal 2022 yo apati de yon sèten dat, espesyalman, lè y ap fè gwo depans yo oswa peye fakti yo. Gen kèk deklarasyon ki gendwa mande revizyon adisyonèl sa ki gendwa fè yo pran plis tan. Pa egzanp, IRS la ak patnè li yo nan endistri fiskal la, ap kontinye ranfòse mezi sekirite yo pou pwoteje kont vòl idantite. Anplis de sa, ranbousman pou moun kap reklame Kredi Enpo sou Revni ou Rantre (EITC) oswa Kredi Enpo Siplemantè pou Timoun (ACTC) pap kapab fèt avan mitan mwa fevriye a. Lalwa mande pou IRS la kenbe tout ranbousman an, se pa sèlman pati ki gen rapò ak EITC oswa ACTC a. Lwa sa a pèmèt kontribyab yo resevwa ranbousman yo merite a epi sa bay IRS la tan tou pou li detekte epi anpeche fwod.

Nou apresye pasyans kontribyab yo ki toujou ap tann tretman deklarasyon enpo ane pase yo, oswa tretman ranbousman enpo 2021 oswa peman relans yo. Jiska 11 novanm 2022 a, IRS la te gen 3.7 milyon deklarasyon taks endividyèl li te resevwa nan ane sa a ki pa trete. Sa yo enkli deklarasyon ane fiskal 2021 yo ak deklarasyon ki te fèt an reta yo. Pami yo 1.7 milyon gen pwoblèm koreksyon oswa mande lòt tretman espesyal, epi 2 milyon nan yo se deklarasyon sou papye ki an atant revizyon ak tretman. Yo gen 900,000 Fòm 1040-X pou deklarasyon taks amande ki poko trete tou. IRS la ap trete deklarasyon amande sa yo nan lòd li te resevwa yo a epi entèval tan an gendwa pi plis pase 20 semèn. Kontribyab yo sipoze kontinye tcheke Kote Deklarasyon Amande Mwen an? pou kapab jwenn estati ajou ki disponib lan.

Renouvle nimewo idantifikasyon enpo ki ekspire

Kontribyab yo sipoze asire yo Nimewo Idantifikasyon Enpo Pèsonèl (ITIN) yo pa ekspire avan yo fè deklarasyon enpo 2022 yo. Sila yo ki bezwe fè yon deklarasyon enpo, sipoze soumèt yon Fòm W-7, Aplikasyon pou Nimewo Idantifikasyon Pèsonèl Kontribyab kounyea pou kapab renouvle ITIN yo. Kontribyab ki pa arive renouvle ITIN yo avan yo fè deklarasyon taks yo gendwa sibi reta nan ranbousman yo e yo gendwa vin pa elijib pou kèk kredi taks. Fè aplikasyon an kounye a gendwa evite mache prese menm jan an tou ak reta nan tretman yo an 2023.

Make resous sa yo sou paj IRS.gov la

Zouti anliy yo fasil pou itilize epi yo disponib pou kontribyab yo 24 sou 24. Yo bay enfòmasyon ki enpòtan anpil sou kont taks yo ak sou fason ki pratik pou peye taks yo. Sit IRS.gov la bay enfòmasyon yo nan plizyè lang epi li amelyore sèvis pou moun ki gen andikap, sa ki gen nan li sèvis èd pou aksesiblite. Kontribyab ki beswen asistans yo kapab sone 833-690-0598. Kontribyab yo sipoze itilize sit IRS.gov la antanke premye epi resous primè yo pou yo kapab jwenn enfòmasyon ki egzat ki gen pou wè ak taks.

  • paj Kite N Ede W. Paj Kite N Ede W la sou sit IRS.gov la gen lyen ki mennen nan enfòmasyon ak resous sou divès kalite sijè.
  • Kont Anliy. Yon kont IRS anliy pèmèt kontribyab yo aksede ak enfòmasyon pèsonèl ki gen pou wè ak enpo yo nan yon manyè ki sekirize, sa ki gen ladan transkripsyon deklarasyon taks yo, istwa peman yo, kèk avi, revni brit ajiste ane avan an ak enfòmasyon manda. Kontribyab yo kapab konekte pou yo verifye si non yo ak adrès yo kòrèk. Yo sipoze fè IRS la konnen si yo chanje adrès (an anglè). Yo sipoze enfòme Administrasyon Sekirite Sosyal la (an anglè) de chanjman non legal, yon fason pou yo kapab evite reta nan tretman deklarasyon enpo yo.
  • Deklarasyon Gratis IRS. Prèske nenpòt moun ka fè deklarasyon elektwonik gratis sou paj IRS.gov/freefile la oswa sou aplikasyon IRS2Go. Pwogram deklarasyon gratis IRS la disponib sèlman sou sit IRS.gov la, li ofri pakè lojisyèl preparasyon taks gratis. Lojisyèl la fè tout travay ki gen pou wè ak jwenn dediksyon yo, kredi yo ak egzanpsyon yo kontribyab la kalifye pou li benefisye yo. Li gratis pou moun ki kalifye yo. Gen nan yo ki menm ofri preparasyon deklarasyon taks leta gratis. Sila yo ki konfòtab pou yo prepare pwòp deklarsyon taks pa yo kapab itilize Fòm ki ka Ranpli pou Deklarasyon Gratis yo (an anglè), sa pa gen anyen pou wè ak revni yo, pou yo kapab fè deklarasyon taks yo anliy oswa pa lapòs.
  • Jwenn yon Pwofesyonèl Taks Paj Chwazi yon Pwofesyonèl Taks sou sit IRS.gov gen yon enfòmasyon ki presye pou ede kontribyab yo chwazi yon pwofesyonèl taks. Anplis de sa Repètwa Moun pou Prepare Deklarasyon Enpo Federal yo ak Diplòm ak Meyè Kalifikasyon yo (an anglè) kapab ede kontribyab yo jwenn moun pou prepare deklarasyon enpo ki gen yon diplòm pwofesyonèl IRS la rekonèt oswa ki ranpli tout kondisyon IRS yo pou Pwogram Sezon Deklarasyon Anyèl la.
  • Asistan Taks EntèraktifAsistan Taks Entèraktif (an anglè)  la se yon zouti ki bay repons pou plizyè kesyon. Li kapab detèmine si yon tip revni sijè ak taks e kalifye pou reklame yon sèten kredi oswa dekiksyon. Li bay repons tou sou kesyon jeneral yo, tankou detèmine egzijans ki gen pou fè deklarasyon an, estati deklarasyon an oswa si ou kalifye pou ou reklame yon depandan.
  • Kote Ranbousman Mwen an? Kontribyab yo kapab itilize zouti Kote Ranbousman Mwen an? pou kapab verifye estati deklarasyon yo a. Jeneralman, enfòmasyon ranbousman ane ki ankou an disponib 24 è aprè IRS la fin resevwa yon deklarasyon taks elektwonik. Yon deklarasyon ki fèt sou papye gendwa pran jis ka 4 semèn aprè dat yo te fin poste li an, avan menm li afiche. Mizajou fèt nan zouti Kote ranbousman mwen an? yon fwa aprè chak 24 è, jeneralman se lannwit sa fèt, se poutèt sa, w ap gen pou ou tcheke yon sèl fwa pa jou.
  • Pwogram Volontè pou Asistans pou Enpo sou Revni. Pwogram Volontè pou Asistans pou Taks sou Revni (VITA) ak Konsèy sou Taks pou Pèsonaj yo (TCE) ofri preparasyon deklarasyon taks bazik gratis pou moun ki kalifye yo.

Resevwa ranbousman yo byen rapid gras ak depo dirèk

Kontribyab yo sipoze prepare yo pou yo fè deklarasyon elektwonik epi chwazi Depo Dirèk pou deklarasyon enpo yo - se mwayen ki pi fasil e ki pi sèten pou yo kapab resevwa yon ranbousman. Menm lè w ap fè yon deklarasyon sou papye, si ou chwazi depo dirèk, sa kapab fè ou ekonomize tan. Pou sila yo ki pa gen kont bankè, paj wèb FDIC (an anglè) ofri enfòmasyon ki kapab ede moun yo ouvri yon kont anliy.

Kontribyab yo kapab telechaje Piblikasyon 5349, Preparasyon Enpo pou Tout Moun nan (an anglè)PDF, pou plis enfòmasyon pou kapab ede yo fè deklarasyon.