Lis “Douzèn Delwayal” IRS avèti moun yo pou veye anak sou taks ki gen ladan yo fo charite, preparatè zonbi ak lòt manigans

Ajans lan raple pèsonaj yo ak imigran yo pou yo veye predatè yo

IR-2021-141, June 30, 2021

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn nan (IRS) te kontinye anak fiskal “Douzèn Delwayal” (Dirty Dozen) avèk yon avètisman pou moun yo veye predatè k ap fè manigans nan enpo yo, soti nan fo charite pou ale nan anak, pou sible pèsonaj yo ak imigran yo. IRS la kontinye ap obsève riz yon seri moun malonèt ap fè pou yo pyeje moun yo nan fè bagay ki pa legal oswa k ap lakoz yo domaj alafen. Yon lòt kote, predatè yo ankouraje moun yo pou yo fè bagay yo pa reyalize ki ilegal oswa fè yo pran yon bagay nan men yo ak pwòp volonte yo.

Pami fòm manigans yo, genyen anakè ki sible gwoup moun tankou pèsonaj yo ak imigran yo, pretann yo se fo charite pandan y ap fè tèt yo pase pou otorite IRS yo, ap mande gwo frè pou Òf nan Konpwomi, fè fwod nan zafè asirans chomaj ak prepare deklarasyon enpo ki malonèt.
Men senk (5) pami anak “Douzèn Delwayal” ane sa a.

Fo charite

IRS la konseye kontribyab yo pou yo rete vijilan ak anakè k ap mete kanpe fo òganizasyon pou pwofite jenewozite piblik la. Yo pwofite espesyalman de trajedi yo ak dezas yo, tankou pandemi COVID-19 la.

Anak k ap mande don, nan efò pou ede nan moman dezas, fèt souvan nan telefòn. Kontribyab yo ta dwe toujou verifye yon charite anvan yo fè yon don, e yo pa ta dwe santi y ap pran presyon pou yo fè don an rapid.

Kontribyab ki bay lajan ak byen nan yon charite ka anmezi pou yo reklame yon dediksyon nan dekalrasyon enpo federal yo pandan y ap redui montan revni ki gen taks sou yo a. Men, kontribyab yo ta dwe sonje, pou yo resevwa yon dediksyon, fòk yo fè don nan yon charite ki kalifye. Pou verifye estati yon charite, itilize zouti Rechèch Òganizasyon ki Pa Peye Enpo (an anglè) IRS la. (Li enpòtan tou pou kontribyab yo sonje yo p ap ka dedui kado bay endividi yo oswa òganizasyon politik yo ak kandida yo.)

Men kèk astis pou sonje konsènan anak fo charite yo:

  • Endividi yo pa ta dwe janm kite okenn moun ki rele yo ba yo presyon. Yon òganizasyon charite ki lejitim ap kontan resevwa yon don nenpòt lè li fèt la, kidonk, pa gen presipite. Yo ankouraje moun k ap fè don yo pou yo pran tan yo pou fè rechèch la.
  • Gwo donatè yo ta dwe mande kolektè fon yo pou yo bay bon non charite a, sit entènèt li ak adrès imèl li, pou yo ka konfime si li se yon bon charite annapre. Kèk demachè nan telefòn itilize non ki sanble ak non gwo charite tout moun konnen pou konfonn moun yo.
  • Fè atansyon ak kijan w ap bay don w lan. Donatè yo ta dwe travay ak charite ki mande yo pou yo peye pandan y ap bay nimewo ki nan yon kat kado oswa viman lajan. Se konsa anakè yo mande moun yo pou yo peye. Li pi san danje pou peye ak kat kredi oswa chèk — men se sèlman apre kèk rechèch fin fèt sou charite a.

Pou plis enfòmasyon konsènan fo charite yo, gade enfòmasyon sou anak fo charite yo sou sit entènèt Komisyon Komès Federal la (an anglè).

fwod sou pèsonaj/imigran

Yo konnen moun k ap fè tèt yo pase pou IRS yo ak lòt anakè yo sible gwoup moun ki pa twò bon nan Anglè ansanm avèk sitwayen pèsonaj yo tou. Anak sa yo souvan se menas.
Menmsi li te diminye kèk nan yo dènyeman, anak k ap imite IRS la rete yon anak kouran. Sa se lè yon moun ki pretann li se yon anplwaye IRS rele yon kontribyab pou li menase li l ap ba li prizon, depòtasyon oswa revokasyon yon lisans pou kondwi. Souvan, se kontribyab ki fenk imigre yo ki pi vilnerab e yo ta dwe inyore menas sa yo epi pou yo pa atire atansyon anakè yo.
IRS la ap raple kontribyab yo, premye kontak IRS se atravè lapòs dabitid, se pa nan telefòn. Yon anplwaye lejitim IRS p ap menase w l ap revoke lisans oswa fè yo depòte yon moun. Sa yo se taktik pou fè pè.

Kòm telefòn nan reprezante yon gwo menas pou moun ki pa gen mwayen jwenn enfòmasyon, tankou endividi ki pa fin alèz nan lang Anglè a, IRS ajoute yon seri nouvo fonksyonalite pou ede sila yo ki pi alèz nan yon lòt lang ki pa Anglè. Pwogam LEP (an anglè) pèmèt yon kontribyab chwazi nan ki lang li swete kominike. Depi yo fin konplete epi soumèt pwogram nan, y ap resevwa lòt kominikasyon ki gen pou fèt yo nan lang sa yo te prefere a.

Anplis,IRS la ap bay enfòmasyon sou taks, fòm ak piblikasyon nan plizyè lòt lang ki pa Anglè. Piblikasyon IRS 17 (an anglè), Enpo sou Revni Federal Ou, disponib kounya an Panyòl, Chinwa (senplifye ak tradisyonèl), Vyetnamyen, Koreyen ak Ris.

Pèsonaj yo pran gad nou

Pèsonaj yo ak sila yo ki sousye de yo bezwen veye anak fiskal ki sible Ameriken ki aje yo. IRS la rekonèt fwod ki sible Ameriken ki aje yo anpil, ansanm avèk Depatman Jistis la ak FBI (Biwo Federal Envestigasyon), Komisyon Komès Federal (Federal Trade Commission) la ak Biwo Pwoteksyon Finans Konsomatè a (Consumer Financial Protection Bureau - CFPB), ak lòt ankò.
Nan yon efò pou rann deklarasyon enpo yo pi fasil pou pèsonaj yo, IRS la ap raple pèsonaj ki fèt anvan 2 Janvye 1956 yo, IRS pase men nan Fòm 1040 la ak nan enstriksyon li yo, epi y ap ka itilize Fòm 1040SR la ak enstriksyon ki avèk li yo (an anglè).

IRS ap raple pèsonaj yo, pi bon sous enfòmasyon konsènan enpo federal yo se sit entènèt IRS la.

Pwopozisyon Konpwomi “mills

Pwopozisyon Konpwomi mills vire pwogram IRS pou li fè l vin yon bagay li pa ye – pandan l ap mennen moun yo yon kote yo p ap gen okenn chans ranpli kondisyon yo nan mande gwo frè, souvan plizyè milye dola.

Komisè IRS la, Chuck Rettig, te deklare, “sa ki pa sispann enkyete nou se moun ki gen difikilte pou peye enpo yo yon seri fo demann ap twonpe sou dèt fiskal yo pou ‘santim dola’.” “IRS la ankouraje moun yo pou yo pran kèk minit pou yo byen gade enfòmasyon ki sou IRS.gov yo pou yo wè si yo ka yon bon kandida pou pwogram nan – epi evite pwomotè k ap mande anpil kòb yo k ap fè piblisite nan radyo ak nan tele yo.”

IRS ap raple kontribyab yo pou yo pran gad yo ak pwomotè k ap di sèvis yo nesesè si yon moun vle regle ak IRS la, k ap di moun yo ka peye dèt ak “santim dola” oswa k ap di se yon ti kras tan ki rete pou peye dèt fiskal yo atravè pwogram Pwopozisyon Konpwomi a (OIC).
Yon “pwopozisyon,” oswa OIC, se yon akò ant yon kontribyab avèk IRS la ki rezoud pwoblèm dèt fiskal kontribyab la. IRS la gen pouvwa pou li regle, oswa “fè konpwomi” nan dèt enpo federal yo pandan li ka aksepte mwens pase pèman total la nan kèk sikonstans. Sepandan, kèk pwomotè, nan yon mannyè ki pa bon, ap konseye kontribyab yo pou yo soumèt yon demann OIC bay IRS la, menmsi pwomotè yo konnen moun nan p ap kalifye. Sa koute kontribyab onèt yo lajan ak tan.

Kontribyab yo pa ta dwe fye espesyalman pwomotè ki di yo ka jwenn règleman òf ki pi gwo pase lòt yo oswa k ap fè fo pwomès pou di IRS la ap aksepte yon òf pou yon ti pousantaj. Souvan, konpayi k ap fè piblisite nan tele ak nan radyo yo pa ka fè anyen pou kontribyab yo p ap ka fè pou tèt yo lè yo kontakte IRS la dirèk.

Kontribyab yo kapab ale sou IRS.gov epi gade ankò Zouti Kalifikasyon pou Pwopozisyon Konpwomi an (an anglè) pou yo wè si yo kalifye pou yon OIC. IRS la ap raple kontribyab yo dapre politik Rediksyon Sanksyon pou Pemye Fwa a (an anglè), kontribyab yo kapab ale dirèk nan IRS la pou yon alèjman administratif nan yon sanksyon ki t ap ogmante dèt fiskal yo otreman.

Moun ki Prepare Deklarasyon Enpo ki Malonèt

Malgre majorite moun k ap prepare enpo yo gen etik epi diy pou fè konfyans, kontribyab yo pa dwe fye yon moun ki prepare enpo ki p ap siyen deklarasyon enpo yo fin prepare yo, yo souvan rele yo preparatè zonbi. Pou deklarasyon ki fèt sou entènèt yo, “zonbi” an ap prepare deklarasyon an, men l ap refize bay siyati nimerik li antanke yon preparatè yo peye.

Dapre lalwa, nenpòt moun yo peye pou prepare, oswa asiste nan preparasyon deklarasyon enpo yo, dwe genyen yon Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Preparatè (PTIN) (an anglè) valid. Moun k ap prepare enpo yo peye yo dwe siyen epi mete PTIN yo nan deklarasyon an. Lè yo pa siyen yon deklarasyon, se yon move siy ki montre preparatè yo peye a, ap chèche fè yon pwofi rapid pandan l ap pwomèt yon gwo ranbousman oswa mande frè ki varye ak dimansyon ranbousman.

Epitou moun ki prepare deklarasyon enpo ki malonèt yo ka:

  • Mande pou peye an likid sèlman epi yo p ap bay yon resi.
  • Envante revni pou kalifye kliyan pou kredi enpo yo.
  • Reklame fo dediksyon pou ogmante dimansyon ranbousman an.
  • Ranbousman dirèk nan kont labank yo, se pa nan kont kontribyab la.

Li enpòtan pou kontribyab yo byen chwazi preparatè deklarasyon enpo yo. Paj Chwazi yon Pwofesyonèl Enpo sou IRS.gov la genyen enfòmasyon konsènan konpetans ak kalifikasyon (an anglè) moun k ap prepare enpo a. Repètwa Moun k ap Prepare Enpo Federal ansanm ak Konpetans ak Meyè Kalifikasyon (an anglè) IRS la ka ede idantifye anpil preparatè dapre kalite konpetans oswa kalifikasyon.

Kontribyab yo dwe sonje se yo ki responsab sa ki nan deklarasyon enpo yo menmsi se yon lòt moun ki prepare li. Konsomatè yo ka ede pwoteje tèt yo lè yo chwazi yon preparatè enpo ki gen repitasyon.

Fwod nan asirans chomaj

Fwod chomaj la se lè yon seri moun ap aji ansanm avèk oswa kont anplwayè yo epi enstitisyon finans yo pou yo jwenn asistans lokal oswa leta yo pa gen dwa pou yo. Anak sa yo lakoz pwoblèm ki ka afekte kontribyab yo nan yon mannyè negatif pandan anpil tan.

Eta yo, anplwayè yo ak enstitisyon finans yo dwe okouran de anak sa yo nan asirans chomaj la:

  • Fwod nan Idantite: Deklaran yo itilize enfòmasyon sou idantite yo vòlè oswa ki pa bon pou fè demann pou alokasyon chomaj pou yo pran kontwòl yon kont.
  • Fwod Konivans Anplwayè-Anplwaye: Anplwaye a resevwa alokasyon asirans chomaj yo pandan anplwayè kontinye ap peye anplwaye a salè ki redui, ki pa deklare.
  • Fwod nan Fo Deklarasyon Revni: Yon endividi retounen travay san li pa deklare revni li pou li kontinye resevwa alokasyon asirans chomaj li, oswa nan yon efò pou resevwa yon pi gwo alokasyon chomaj, aplikan yo deklare yon salè ki plis pase sa yo rantre a.
  • Fwod anplwayè-anplwaye imajinè: Deklaran yo bay manti pou di y ap travay pou yon konpayi lejitim, oswa kreye yon konpayi imajinè, epi bay dosye anplwaye ak salè ki imajinè pou fè demann pou alokasyon asirans chomaj yo.
  • Fwod inisye: Anplwaye leta yo itilize enfòmasyon idantifikasyon pou yo rantre nan demann chomaj yo oswa chanje yo nan yon mannyè ki pa bon, sa ki pral lakoz demann ki pa kalifye yo apwouve, montan pemn ki pa kòrèk, oswa deplasman fon nan yon kont ki pa nan demann nan.

Anba a gen yon lis endikatè danje finansye fwod nan chomaj yo:

  • Alokasyon chomaj yo ap soti nan yon eta ki diferan parapò ak eta kliyan an di li rezide ladan an oswa eta kote li t ap travay anvan an.
  • Plizyè pèman alokasyon chomaj leta a fèt nan manm delè dekèsman.
  • Pèman alokasyon chomaj la fèt sou non yon moun ki pa pwopriyetè kont lan oswa nan non plizyè benefisyè alokasyon chomaj.
  • Plizyè depo oswa transfè fon lektwonik (EFTs - Electronic Funds Transfers) fèt ki di yo se alokasyon chomaj ki soti nan yonn oswa plizyè eta pou moun ki pa pwopriyetè kont lan (yo).
  • Gen yon pi gwo montan pèman alokasyon chomaj yo wè nan menm peryòd la, konpare ak menm kliyan yo ak montan yo te resevwa a.