Penalite pou Deklarasyon Enfòmasyon Entènasyonal

Yon Penalite pou Deklarasyon Enfòmasyon Entènasyonal ka aplike si ou genyen aktivite finansye apati sous ki aletranje epi ou pa respekte règleman, prensip ak lwa fiskal yo.

N ap voye yon avi ba ou pa lapòs epi w ap genyen enterè pou w peye jiskaske ou peye tout montan an.

Sou Paj Sa a

Sa pou Ou Fè si Ou Resevwa yon Avi IRS

Verifye si enfòmasyon ki sou avi a kòrèk. Avi a gen enfòmasyon konsènan penalite a, rezon ki fè yo chaje w ak kisa pou ou fè annapre. Swiv enstriksyon yo.

Si ou ka rezoud yon pwoblèm nan avi a, ka pa genyen penalite. Si enfòmasyon yo pa kòrèk oswa ou pa dakò, ou ka anmezi pou w diskite penalite a.

Gade Konprann Avi Oswa Lèt IRS Ou a.

Kòman Nou kalkile Penalite a

Nou kalkile Penalite sou Deklarasyon Enfòmasyon Entènasyonal la yon lòt fason toudepann de deklarasyon ou soumèt la.

Penalite sou Pwolongasyon ka aplike e ogmante jiskaske ou soumèt yon deklarasyon ki konplè epi ki kòrèk oswa rive nan montan penalite maksimòm nan.

Fòm ak Règleman

Ou ka bezwen soumèt yon seri fòm deklarasyon enfòmasyon si w ap fè biznis nan yon peyi ki pa Etazini oswa ou genyen:

  • Aktif finansye nan yon peyi aletranje
  • Pwopriyete nan yon biznis aletranje
  • Aktivite finansye ki soti nan yon sous aletranje

Jwenn detay konsènan Penalite sou Deklarasyon Enfòmasyon Entènasyonal ak lwa fiskal la nan Tit 26 Kòd Etazini nan Kòd Revni Entèn nan (IRC) (an anglè)

Gen yon seri antite nasyonal ak endividi ki dwe deklare aktif finansye espesifik aletranje yo si valè a depase yon sèten montan. Gade Fòm 8938, Deklarasyon Aktif Finansye Espesifik Aletranje (an anglè)

Lwa fiskal: Seksyon 6038D IRC (an anglè)

Ajan, direktè, ak aksyonè nan yon seri sosyete etranje dwe deklare enterè sou pwopriyete yo ak aktivite finansye yo. Gade Fòm 5471, Deklarasyon Enfòmasyon Moun Ozetazini Konsènan yon Seri Sosyete Etranje (an anglè)

Lwa fiskal: Seksyon 6038 IRC (an anglè), Seksyon 6046 IRC (an anglè) Seksyon 6679 IRC (an anglè)

Moun Ozetazini (an anglè) ak ekzekitè testaman moun ki mouri ozetazini dwe deklare: 

  • Kontribisyon, ak distribisyon ki soti nan fidisi aletranje yo
  • Pwopriyete nan yon fidisi aletranje dapre règleman moun ki bay fidisi a
  • Resi yon seri gwo don moun aletranje bay

Gade Fòm 3520, Deklarasyon Anyèl pou Deklare Tranzaksyon avèk Fidisi Aletranje yo ak Resi yon Seri Don Aletranje (an anglè)

Lwa fiskal: Seksyon 6039 IRC (an anglè), Seksyon 6048 IRC (an anglè)Seksyon 6677 IRC (an anglè)

Fidisi aletranje ki gen omwen yon pwopriyetè dapre règleman moun ki bay fidisi a, dwe deklare enfòmasyon sou fidisi a, benefisyè ozetazini li yo ak tout moun ozetazini ki trete antanke yon pwopriyetè pou nenpòt pòsyon nan fidisi aletranje a. Si fidisi aletranje a pa deklare Fòm 3520-A, pwopriyetè ozetazini an dwe soumèt yon Fòm 3520-A ranplasman pou deklare enfòmasyon an. Gade Fòm 3520-A, Deklarasyon Enfòmasyon Anyèl yon Fidisi Aletranje Avèk yon Pwopriyetè Ozetazini (an anglè)

Lwa fiskal: Seksyon 6048 IRC (an anglè) ak Seksyon 6677 IRC (an anglè)

Deklare aktivite sosyete etranje ki kontwole yo tankou transfè, akizisyon, dispozisyon, ak chanjman nan enterè sosyete yo. Gade Fòm 8865, Deklarasyon Moun Ozetazini Konsènan yon Seri Sosyete Etranje (an anglè)

Lwa fiskal: Seksyon 6038 IRC (an anglè), Seksyon 6038B IRC (an anglè), ak Seksyon 6679 IRC (an anglè)

Enterè sou yon Penalite

Gen enterè pou peye sou penalite yo.

Dat nou kòmanse chaje enterè yo varye selon kalite ak montan penalite a. Enterè yo ap ogmante montan ou dwe a jiskaske ou fin peye tout balans ou. Pou plis enfòmasyon konsènan enterè nou chaje sou penalite yo, gade Enterè sou Mank Pèman ak sou Pèman ki Depase.

Peye yon Penalite

Ou kapab peye anliy oswa pa lapòs avèk yon chèk.

Peye tout penalite w la pou w anpeche penalite ak enterè kontinye ogmante. 

Aplike pou yon Plan Pèman

Si ou pa ka peye tout montan enpo ou yo alè, peye sa ou kapab la kounye a epi aplike pou yon plan pèman. Ou ka redui penalite yo ak enterè yo alavni lè ou chwazi yon plan pèman.

Retire oswa Redui yon Penalite

Nou ka anmezi pou nou retire oswa redui kèk penalite si ou ta aji ak bòn fwa epi ou kapab bay koz rezonab. Ou ka gen koz rezonab si ou:

  • Te aji ak responsabilite anvan ak apre echèk la epi
  • genyen bon rezon oswa echèk la se te akoz sikonstans ki pat depann de ou

Se pa tout Penalite pou Deklarasyon Enfòmasyon Entènasyonal ki kalifye pou koz rezonab.

Dapre lalwa, nou pa kapab retire oswa redui enterè yo, sof si yo retire oswa redui penalite a.

Pou plis enfòmasyon, gade alèjman penalite.

Diskite yon Penalite

Si ou pa dakò avèk montan ou dwe a, ou ka diskite penalite a.

Rele nou nan nimewo gratis ki nan kwen adwat anlè avi oswa lèt ou a oswa ekri yon lèt voye ba nou pou w di nou pou ki rezon nou ta dwe retounen konsidere penalite a. Siyen epi voye lèt ou a avèk tout dokiman k ap itil nan adrès ki sou avi w la.

Mete enfòmasyon sa yo pre ou lè ou rele oswa voye lèt ou a:

  • Avi oswa lèt nou te voye ba ou
  • Penalite ou vle pou nou retounen konsidere a (ekzanp, penalite pou yon Fòm 1099-NEC ki deklare anreta)
  • Pou chak penalite, yon eksplikasyon sou ki rezon ki fè ou panse nou ta dwe retire li

Si yon avi oswa yon lèt nou te voye ba ou genyen enstriksyon oswa dat limit pou diskite penalite a, prete anpil atansyon ak sa. Ou dwe swiv enstriksyon yo pou w diskite penalite a.

Si ou pat resevwa yon avi oswa yon lèt, mande asistans nan telefòn.

Fè Demann yon Ranbousman

Si ou te peye penalite a, ou ka soumèt Fòm 843, Reklamasyon pou Ranbousman ak Demann pou Rediksyon (an anglè), epi emete avèk li:

  • Yon lèt ki eksplike rezon ki fè ou kwè penalite a pa nesesè
  • Yon kopi avi nou te voye ba ou a
  • Kopi tout lòt dokiman k ap itil

Evite yon Penalite

Ou kapab evite yon penalite lè ou:

  • Soumèt Deklarasyon Enfòmasyon Entènasyonal epi bay deklarasyon benefisyè yo anvan dat limit la
  • Prepare deklarasyon yo ak deklarasyon benefisyè yo avèk enfòmasyon ki kòrèk

Aplike pou yon Pwolongasyon Tan

Si ou bezwen plis tan pou w prepare deklarasyon taks ou a, aplike pou yon pwolongasyon tan pou deklare. Sa ba ou yon pwolongasyon tan pou peye. Yon plan pèman kapab ede ou peye aladire.

Jwenn Èd