Enfòmasyon Sou Taks Federal

 

Enfòmasyon sou taks ka difisil pou konprann nan kelkeswa lang. Sa ka menm pi difisil toujou si yo pa ofri enfòmasyon sa yo nan lang prefere ou.

Nou ap travay pou nou ka mete resous sou taks nou genyen yo nan plis lang toujou. Antretan, noukreye gid sa a pou ede ou jwenn enfòmasyon ou bezwen pou w peye taks ou dwe epi depoze deklarasyon revni pou taks federal ou.

Pifò lyen ki sou paj sa a ap mennen ou nan enfòmasyon ki an anglè.

Sou paj sa a, ou ap jwenn enfòmasyon sou sijè sa yo:

Dwa ou Genyen Kòm Kontribyab

Tout kontribyab gen yon seri dwa fondamantal ke yo dwe konnen lè yo an afè ak IRS. Pou ede kontribyab ki ap kominike ak IRS yo konprann dwa yo, ajans lan prezante gwo pwen sou dwa sa yo nan Piblikasyon 1, Dwa ou Genyen Kòm KontribyabPDF.

Kiyès Ki Pou Deklare Revni

Pifò sitwayen Ameriken ak pifò moun ki ap travay nan peyi Etazini dwe peye taks sou revni yo touche ki depase yon kantite minimòm fiks. Menm si ou fè mwens pase minimòm nan, li ap bon pou ou deklare revni pou taks ou kanmenm. Pou w ka konnen si ou dwe deklare revni pou taks oubyen si pou pa deklare li, ale sou Eske Mwen Dwe Fè Deklarasyon Revni pou Taks (an anglè).

Anplwaye Ki Resevwa Fòm W-2

Si ou antre kòb nan travay ou fè pou yon antrepriz, anplwayè a dwe ba ou yon Fòm W-2, ki vle di Atestasyon Salè ak Taks (Wage and Tax Statement), ki montre total kòb ou antre a avèk taks yo kenbe a. Si ou resevwa yon fòm W-2, li t ap bon pou ou deklare revni pou taks ou paske travay la te peye taks pou ou, kidonk petèt ou dwe mwens taks pase sa ou te peye a.

Travayè Ti Djòb Detanzantan Yo

Travayè ti djòb detanzantan yo fè lajan lè yo fè travay ki sou kòmand yo, lè yo bay sèvis oubyen vann pwodui, souvan atravè yon platfòm dijital tankou yon aplikasyon oswa sitwèb. Fòk ou peye taks sou lajan ou antre nan fòm travay sa a. Santral pou Taks pou Ti Djòb Detanzantan yo ap ba ou enfòmasyon ou bezwen pou respekte règleman taks yo.

Moun Ki Ap Travay Ak Tèt Yo

Ou ap travay ak tèt ou si nenpòt nan eleman sa yo aplikab pou ou:

  • Ou egzèse yon pwofesyon oubyen yon antrepriz kòm sèl pwopriyetè oubyen kontraktyèl endepandan
  • Ou fè pati yon sosyete patenarya ki egzèse yon pwofesyon oswa antrepriz.
  • Ou ap fè biznis pou tèt pa ou (tankou yon biznis ou fè a tan pasyèl)

Si ou ap travay ak tèt ou, ou dwe peye taks sou revni ou touche, kidonk jeneralman ou gen obligasyon pou deklare ranbousman taks ou chak ane epi peye taks ou prevwa ke ou dwe chak trimès.

Jeneralman tou ou dwe peye taks pou moun ki ap travay ak tèt yo. Sa a se taks sekirite sosyal ak Medicare prensipalman pou moun ki ap travay ak tèt yo. Taks ou peye paske ou ap travay ak tèt ou a kontribye nan pwoteksyon ou ap resevwa nan sistèm Sekirite Sosyal la (Social Security). Pwoteksyon Sekirite Sosyal ba ou avantaj pou retrèt, avantaj pou enfimite, avantaj pou moun ke yon defen kite dèyè, ansanm ak avantaj asirans (Medicare).

Pwopriyetè Biznis

Nou gen Santral pou Taks pou Ti Antrepriz ak Moun ki ap Travay ak Tèt yo ki ofri enfòmasyon sou taks pou kontribyab ki depoze Fòm 1040 oswa 1040 SR, Barèm C, E, F (Schedules C, E, F) oswa Fòm 2106, ansanm avèk ti antrepriz ki gen mwens ke $10 milyon kòm byen.

Peye Taks Ou Lè Ou Antre Revni Ou

Ou dwe peye taks sou revni federal pandan ou ap touche oubyen resevwa revni ou nan ane a, swa pa mwayen retansyon oswa pèman sou taks ou prevwa ke ou dwe. Si kòb taks ou peye pa mwayen retansyon ak pèman sou taks ou prevwa ke ou dwe a pa sifi, yo ka fè ou peye amand.

Retansyon Taks (Tax Witholding)

Si ou se anplwaye, anplwayè ki ba ou travay la probableman kenbe taks sou revni sou chèk ou epi peye IRS nan non ou.

Kantite kòb taks ke anplwayè ou a kenbe sou pèman regilye ke ou konn resevwa a depann de:

  • Kantite kòb ou fè nan travay la
  • Enfòmasyon ou bay anplwayè ou nan Fòm W-4 la, Sètifika Retansyon pou Anplwaye (Employee's Withholding Certificate)

Itilize sistèm Estimatè Retansyon Taks nou ofri a pou ka verifye retansyon pa ou pou ka asire ke ou otorize yo kenbe ase lajan pou peye taks.

Taks ou Prevwa (Estimated Taks)

Si ou ap travay ak tèt ou, jeneralman ou dwe peye pèman pou taks ou prevwa.

Sa ka rive ke ou dwe fè pèman pou taks ou prevwa tou si ou atann ou ke w ap dwe $1,000 ou plis lè ou deklare taks ou. Sa ka rive si ou se pwopriyetè endividyèl oswa yon patnè nan yon sosyete, oswa si ou fè ti djòb detanzantan.

Yo ka fè ou peye amand si ou pèman taks ou prevwa yo fèt an reta, menm si yo dwe ou ranbousman lè ou deklare ranbousman taks pa ou.

Deklarasyon Revni Pou Tèt Ou ak Fanmi Ou

Resevwa enfòmasyon sou kijan pou deklare revni pou taks endividyèl pou tèt ou ak fanmi ou.

Kilè pou Deklare Revni

Pi souvan dat limit pou moun endividyèlman oswa an fanmi depoze deklarasyon revni pou taks ak pèman yo se 15 Avril. Ale sou paj nou an konsènan Kilè pou Deklare Revni (an anglè) pou jwenn enfòmasyon sou eksepsyon ak ekstansyon nan dat limit deklarasyon an.

Kisa Ou Ap Bezwen Pou Deklare Revni

Nimewo Idantifikasyon Kontribyab (Taxpayer Identification Number)

Se pou gen yon nimewo idantifikasyon kontrabyab sou tout dokiman ki gen rapò ak taks ou.

Pifò nimewo idantifikasyon kontribyab se nimewo Sekirite Sosyal (Social Security).

Si ou pa gen dwa a nimewo Sekirite Sosyal (Social Security), ou dwe itilize nimewo idantifikasyon kontribyab endividyèl, ki rele ITIN. Yo bay ITIN sèlman pou pèmèt moun deklare ak depoze revni federal

Yon ITIN pa:

  • Otorize ou pou w travay nan Etazini.
  • Ba ou dwa pou resevwa avantaj Sekirite Sosyal yo (Social Security benefits)
  • Kalifye ou pou resevwa Kredi sou Taks sou Revni ou Touche

Kijan pou Deklare Revni ou

Deklarasyon Elektwonik

Deklarasyon elektwonik – ki rele e-filing – se lè ou itilize yon lojisyèl preparasyon taks pou voye deklarasyon revni ou bay IRS sou entènèt.

Si ou itilize e-file pou deklare revni ou, nòmalman ou ap resevwa ranbousman taks pa w la avan 3 semèn apati dat nou resevwa dosye w la – sa menm pi rapid toujou si ou chwazi pou yo depoze ranbousman pa w la sou kont bank ou. Nou gen plizyè opsyon pou e-file (an anglè), tankou Deklarasyon Gratis (Free File).

Deklarasyon Gratis (Free File)

Gras a Deklarasyon Gratis, ou kapab prepare epi deklare revni pou taks federal ou gratis si ou sèvi ak lojisyèl preparasyon ak deklarasyon revni.

Kontribyab Espesyal

Militè ak Veteran

Manm ak vetreran fòs ame Etazini (U.S. Armed Forces) yo benefisye de sitiyasyon ak avantaj taks espesyal – tankou aksè a MilTax, ki se yon pwogram ki jeneralman ofri preparasyon ak deklarasyon revni gratis. Nou ofri enfòmasyon sou taks pou manm militè yo pou ede ou konprann kijan sèvis sa yo afekte ou ak taks ou, kit ou se manm sèvis aktif militè, rezèvis, oswa veteran.

Kontribyab Entènasyonal

Obligasyon ou genyen kòm kontribyab entènasyonal endividyèl depann de si ou se sitwayen Ameriken, etranje ki gen rezidans (an anglè), osinon etranje ki pa gen rezidans (an anglè).

Si ou se sitwayen Ameriken oswa etranje ki gen rezidans, Etazini ap takse ou sou revni ou antre toupatou sou latè, kèlkeswa kote ou abite.

Yo ap takse etranje ki pa gen rezidans yo sèlman sou revni ki soti anndan peyi Etazini avèk deseri revni ki gen rapò ak lè moun mennen biznis ou komès nan peyi Etazini.

Deklrasyon Revni pou Biznis Ou

Kisa Ou Ap Bezwen Pou Deklare Revni

Nimewo Idantifikasyon Anplwayè (Employer Identification Number)

Pifò biznis – ak tout anplwayè – bezwen yon Nimewo Idantifikasyon Anplwayè, ki rele EIN, pou yo ka deklare revni yo. Ou kapab fè demand pou yon EIN (an anglè) sou entènèt epi ou ap resevwa nimewo pa w la imedyatman.

Taks pou Biznis

Fason biznis ou a òganize ap detèmine ki kalite taks pou biznis ou dwe peye epi kijan pou peye sa.

Pa bliye, ou dwe peye taks sou revni ou pa mwayen pèman pou taks ou prevwa ke ou ap fè regilyèman pandan ane fiskal la.

Taks sou Revni Biznis

Tout biznis eksepte sosyete patenarya yo dwe deklare revni yo pou peye taks chak ane. Patenarya yo depoze yon fòm ki rele "information return" (deklarasyon enfòmasyon).

Ou ap konnen ki kalite fòm pou depoze sa depann de fason biznis ou a òganize. Al konsilte Òganizasyon Biznis Yo pou ka jwenn ki fòm pou depoze selon ki antite biznis ou te etabli.

Taks sou Anplwa

Si ou gen anplwaye, ou ap dwe peye taks sou anplwa pou yo (an anglè). Taks sou anplwa gen ladan li:

  • Taks pou Sekirite Sosyal (Social Security) ak Medicare
  • Retansyon pou taks sou revni federal (federal income tax witholding)
  • Taks pou Chomaj Federal

Taks Patikilye (Excise Tax)

Ou kapab dwe peye taks patikilye (an anglè) si biznis ou a:

  • Fabrike oswa vann deseri pwodui
  • Mennen deseri kalite antrepriz
  • Sèvi ak divès kalite ekipman, enstalasyon, oswa pwodui
  • Resevwa pèman pou deseri sèvis

Biznis Entènasyonal

Biznis etranje yo ki gen aktivite nan peyi Etazini, oswa biznis domestik ki gen aktivite andeyò Etazini, dwe ranpli yon seri kondisyon patikilye pou biznis entènasyonal yo.

Resevwa Asistans pou Prepare Deklarasyon Taks Ou

Asistans Gratis nan Taks pou Kontribyab Kalifye

Aistans gratis ap disponib an pèsòn nan plis pase 10,000 lokal atravè tout peyi a gras a pwogram volontè pou preparasyon taks ke IRS sètifye. Ou kapab resevwa asistans sou entènèt tou atravè Deklarasyon Gratis IRS (an anglè).

Volunteer Income Tax Assistance (Asistans pou Taks sou Revni Volontè)

Pwogram Volunteer Income Tax Assistance (VITA) (Asistans pou Taks sou Revni Volontè) a ofri preparasyon deklarasyon revni pou taks senp gratis pou ede moun ki:

  • Gen revni fèb a modere (Low to moderate incomes)
  • Andikape
  • Gen Nivo Anglè Ba

Konsèy Taks pou Moun Laj Avanse (Tax Counseling for the Elderly)

Pwogram Konsèy Taks pou Moun Laj Avanse (Tax Counseling for the Elderly) (TCE) a ofri èd a tout kontribyab, espesyalman sa ki gen 60 tan ou plis. TCE espesyalize nan kesyon sou koze ki gen rapò ak pansyon ak retrèt ki afekte inikman moun ki pi granmoun yo.

Anboche Yon Pwofesyonèl nan Zafè Taks

Si ou bezwen yon moun ki pou prepare deklarasyon taks sou revni ou, ou kapab chwazi yon pwofesyonèl nan zafè taks tou.

Sa a se yon desizyon enpòtan. Ou konfye pwofesyonèl taks la pi gwo enfòmasyon pèsonèl ou. Yo gen enfòmasyon sou maryaj ou, revni ou, pitit ou, nimewo Sekirite Sosyal ou (Social Security) ak detay sou lavi finansyè ou.

Pifò pwofesyonèl taks bay sèvis ki remakab. Men li posib pou ou chwazi move moun ki pou ede w prepare deklarasyon revni ou. Asire ou ke ou gade nan konsèy sou kijan pou chwazi yon kontab taks (an anglè).

Ranbousman

Depo Dirèk (Direct Deposit)

Si yo dwe ou ranbousman sou lajan ou te peye pou taks ou, chwazi depo dirèk (an anglè) lè ou depoze dosye taks ou. Sa a se fason ki pi rapid pou resevwa ranbousman taks ou. Li gratis, epi li san danje.

Ou ka fè yo depoze ranbousman pa w la dirèkteman nan twa kont bank ou mwens. Lè ou sèvi ak direct deposit (depo dirèk), pa gen okenn ris pou moun ta vòlè chèk ou oswa pou li ta pèdi.

Suiv Ki Kote Ranbousman Pa W La Ye

Kote Lajan Ranbousman pa m nan? se yon zouti entènèt ki ap ede ou suiv ki kote ranbousman taks ou a ye. Pou ka sèvi ak zouti sa a, ou ap bezwen nimewo Sekirite Sosyal ou (Social Security) oswa ITIN, kondisyon matrimonyal ou deklare (filing status) revni ou epi kantite egzat ranbousman ou.

Nou peye pifò ranbousman nan mwens pase 21 jou. Ou dwe rele nou si:

  • Sa gen plis pase 21 jou depi ou te deklare revni pou taks ou pa mwayen e-file.
  • Sa gen plis pase 6 semèn depi ou te voye fòmilè sou papye a ba nou pa lapòs.
  • Zouti ki rele Where's My Refund? (Kote Lajan Ranbousman pa m nan?) ap di ou pou w kontakte IRS.

Opsyon pou Pèman

Ou ka peye taks ou sou entènèt, pa telefòn oswa ak aparèy pòtatif ou si ou itilize aplikasyon ki rele IRS2Go (an anglè). Ale sou paj Pèman nou ofri a pou plis ransèyman.

Resevwa Asistans Nan Men IRS

Pirataj Taks

Pirat eseye vòlè lajan ou oswa enfòmasyon pèsonèl ou. Ret vijilan epi pa kite moun twonpe ou atravè yon pirataj taks.

IRS pa p jamè:

  • Kontakte ou pa imèl, mesaj SMS oswa rezo sosyal yo pou mande ou enfòmasyon pèsonèl ak finansyè ou.
  • Rele ou pou mande w peye imedyatman. Jeneralman, IRS ap voye yon lèt ki gen yon fakti ladan li si ou dwe lajan taks.
  • Egzije pou ou sèvi ak yon metòd pèman byen patikilye tankou kat debi peye davans (prepaid debit card), kat kado (gift card) oswa transfer telegrafik (wire transfer).
  • Ba ou presyon pou di ou yo ap voye lapolis oswa lòt otorite lalwa arete w si ou pa peye.
  • Menase ou pou di w ke yo ap konfiske pèmi kondui ou, lisans biznis ou, oswa kondisyon imigrasyon ou (immigration status). Jan de menas sa yo se taktik ki kouran ke pirat itilize pou yo twonpe viktim yo.
  • Egzije pou peye san yo pa ba ou yon chans pou entèwoje yo oswa konteste kantite lajan ou dwe a.
  • Rele ou pou yo di ou ke ou ap resevwa yon ranbousman ke ou pa t konnen.

Vòl Idantite

Vòl idantite ki gen rapò a taks fèt lè yon moun vòlè enfòmasyon pèsonèl ou – tankou nimewo Sekirite Sosyal ou (Social Security number) oswa ITIN – pou yo deklare revni pou taks epi reklame yon ranbousman ilegal.

Rekonèt siy ki anonse vòl idantite yo epi pase a laksyon imedyatman si ou se yon viktim pou w ka pwoteje done ak idantite ou.

Sekou Kont Katastwòf

Lè gen yon katastwòf ke gouvènman federal deklare, nou pote asistans kont dezas ak sekou ijans (an anglè) pou nou ede moun ak biznis rekipere nan nivo ekonomik.

Nou bay konsèy tou sou kijan pou prepare w kont katastwòf pou w kapab pwoteje tèt ou, fanmi ou ak biznis ou.

Taxpayer Advocate Service (Sèvis Defans pou Kontribyab)

Taxpayer Advocate Service (TAS) se yon òganizasyon endepandan nan IRS ki la pou ede kontribyab yo e pwoteje dwa kontribyab yo. TAS ap ofri ou èd si:

  • Pwoblèm taks ou genyen an lakoz ou gen difikilte lajan
  • Malgre ou eseye, ou pa t arive rezoud pwoblèm nan ak IRS, osinon
  • Ou panse ke sistèm, pwosesis oswa pwosedi IRS yo pa reponn a bezwen moun kòm sa dwa.

Si ou kalifye pou asistans TAS, ki toujou gratis, yo ap fè tout sa ki posib pou yo ede w.

Ale sou Sèvis Defans pou Kontribyab) (an anglè) sou entènèt oswa rele nan 877-777-4778.

Klinik pou Kontribyab a Revni Fèb (Low-Income Taxpayer Clinic)

Low Income Taxpayer Clinics (LITC) yo endepandan de IRS ak TAS. LITC yo defann moun ki gen nivo revni ki pi ba pase yon nivo patikilye epi ki bezwen rezoud pwoblèm taks ak IRS.

LITC kapab defann kontribyab yo nan ka:

  • Odit
  • Kontestasyon (Appeals), ak
  • Konfli sou rekouvreman (collection) lajan taks devan IRS ak nan tribinal.

Si Anglè se pa lang matènèl ou, LITC yo kapab ba ou ransèyman sou dwa ak responsablite kontribyab yo nan lòt lang.

LITC yo ofri sèvis yo gratis oswa pou yon frè tou piti.

Pou plis enfòmasyon oswa pou jwenn yon LITC ki pre ou, ale sou Klinik pou Kontribyab a Revni Fèb (an anglè) oswa telechaje Piblikasyon 4134 IRS, Klinik pou Kontribyab a Revni Fèb (an anglè)PDF. Ou kapab resevwa yon kopi piblikasyon sa a tou si ou rele nan nimewo gratis IRS la ki se 800-829-3676.

Enfòmasyon sou Taks Ou

Gade Kont Taks ou

Kont IRS (an anglè) ou a ba ou aksè sekirize a enfòmasyon konsènan kont taks federal (federal tax account) ou. Itilize kont ou an pou jwenn aksè a dosye ou yo sou entènèt, revize lis pèman ou fè deja yo, epi pou w ka wè enfòmasyon sou deklarasyon revni pou taks ou depoze ane sa a jan ou te voye orijinal la.

Resevwa Transkripsyon Taks Ou

Si ou bezwen yon kopi enfòmasyon orijinal ki nan deklarasyon revni pou taks ou, itilize Mande yon Transkripsyon. Transkripsyon an ap montre pifò eleman chak liy ki nan deklarasyon revni pou taks ou. Si ou bezwen AGI – ki vle di "adjusted gross income" (revni an gwo ki ajiste) – pou ka pwouve idantite ou devan IRS, ou ap jwenn sa a nan transkripsyon an.

Repons a Kesyon Ou Poze sou Taks

Sijè konsènan Taks

Nou drese yon lis sou Sijè konsènan Taks (an anglè) yo ki ap bay enfòmasyon jeneral sou taks pou biznis ak pou moun endividyèlman. Sijè konsènan Taks yo disponib nan lang Espayòl, Chinwa (tradisyonèl), Koreyen, Ris ak Vietnamyen.

Asistan pou Taks Enteraktif (Interactive Tax Assistant)

Asistan pou Taks Enteraktif (an anglè) nou ofri a se yon zouti entènèt ki ap reponn kesyon ou poze sou lwa taks yo. Li pale sou yon kantite sijè byen laj, tankou:

  • Sou ki kalite revni yo ap prelve taks
  • Si ou kalifye pou resevwa deseri kredi sou taks
  • Kijan pou fè konnen nan ki sitiyasyon deklarasyon ou depoze a ye
  • Ki moun ou kapab reklame kòm depandan sou deklarasyon revni pou taks ou

Asistan pou Kredi sou Revni ou Touche (Earned Income Tax Credit Assistant)

Si ou te travay ane pase men ou te touche yon revni ki ba oswa modere, petèt ou kalifye pou resevwa Kredi sou Revni ou Touche (an anglè). Gras a kredi sou taks sa a, ou kapab toujou touche yon ranbousman menm si ou pa dwe okenn taks.

Itilize zouti Asistant EITC a pou verifye si ou kalifye.

Sèvis Entèpretasyon

Si ou pa rive jwenn repons sou kesyon taks ou poze yo sou sit IRS.gov, nou kapab ofri ou asistans nan plis pase 350 lang gras a sèvis entèprèt pwofesyonèl. Pou sèvis an espanyòl, rele nan 800-829-1040. Pou tout lòt lang, rele nan 833-553-9895.  Yon reprezantan IRS ap reponn ou epi li kapab: