Planifikasyon enpo se zafè tout moun. Prepare w jodi a pou fè deklarasyon enpo sou revni federal 2022 ou. Lè ou planifye davans, sa kapab ede ou depoze yon bon deklarasyon epi evite reta ki ka ralanti ranbousman fiskal ou an. Sa pou w fè pou ou rann deklarasyon enpo pi fasil an 2023 Kreye oswa aksede a enfòmasyon kont ou sou IRS.gov/account Itilize kont anliy pou ou gen aksè ak dènye enfòmasyon ki disponib sou kont taks federal ou epi gade enfòmasyon sou dènye deklarasyon enpo ou te depoze a. Ou kapab: Gade enpo ou dwe, peman yo, ak plan peman yo Fè pèman epi aplike pou plan pèman Aksede a dosye fiskal ou Siyen Delegasyon Pouvwa pa vwa elektwonik ou resevwa nan men pwofesyonèl enpo w la Jere fason w ta vle kominike yo avèk IRS la Rasanble epi òganize dosye fiskal ou yo Lè dosye fiskal ou yo òganize, sa pèmèt ou prepare yon deklarasyon enpo ki konplè e ki kòrèk pi fasil. Sa ap ede w evite erè ki pral bay reta ki pral ralanti ranbousman ou an epi sa ka ede ou jwenn tou, dediksyon oubyen kredi anpil moun te neglije yo. Tann pou ou deklare jiskaske ou genyen nan dosye fiskal ou yo: Fòm W-2 (an anglè) yo nan men anplwayè w la (yo) Fòm 1099 ki soti labank, ajans livrezon ak lòt moun k ap peye tankou konpansasyon chomaj (an anglè), dividann (an anglè), pansyon, distribisyon rant oswa plan retrèt (an anglè) Fòm 1099-K (an anglè), 1099-MISC (an anglè), W-2 oswa lòt deklarasyon revni si ou te nan ti travay yo Fòm 1099-INT (an anglè) si yo te peye ou enterè (an anglè) Lòt dokiman revni ak anrejistreman tranzaksyon aktif nimerik yo Fòm 1095-A, Deklarasyon Mache Asirans Sante, pou rekonsilye (an anglè) avans pèman oswa reklame Kredi Enpo sou Prim yo pou asirans Mache 2022 a Lèt IRS oswa lòt ajans Avi CP01A ak nouvo PIN Pwoteksyon Idantite w la Fè IRS la konnen si adrès ou chanje (an anglè) epi fè Administrasyon Sekirite Sosyal (an anglè) la konnen lè genyen chanjman nan yon non legal. Sonje, gen enpo (an anglè) sou majorite revni yo. Sa a gen ladan l: revni chomaj (an anglè), enterè ou resevwa (an anglè), Revni sou ti travay , epi Aktif nimerik yo. Verifye Nimewo Idantifikasyon Pèsonèl ou (ITIN) Yon ITIN bezwen renouvle sèlman si li te ekspire ak si yo bezwen li sou yon deklarasyon enpo federal ameriken. Si ou pa renouvle yon ITIN k ap ekspire oswa ki ekspire deja, IRS la ka toujou aksepte deklarasyon enpo w la, men sa ka retade tretman an oswa retade kredi enpo li gen pou ou, tankou Kredi Enpo pou Timoun nan ak Kredi Enpo Opòtinite Ameriken an, sa ki gen yon enpak sou ki lè w ap resevwa ranbousman fiskal ou a. Si ITIN ou an pa t enkli nan yon deklarasyon enpo federal ameriken pou pi piti yon sèl fwa pou ane fiskal 2019, 2020, ak 2021 an, ITIN ou an ap ekspire 31 desanm 2022. Pou rapèl, ITIN ki genyen chif nan mitan ki se 70, 71, 72, 73, 74, 75, 76, 77, 78, 79, 80, 81, 82, 83, 84, 85, 86, 87, oswa 88 ekspire. Anplis, ITIN ki gen chif nan mitan ki se 90, 91, 92, 93, 94, 95, 96, 97, 98, oswa 99, SI yo te bay anvan 2013, yo ekspire. Si ou te soumèt yon demann renouvèlman epi yo te apwouve l, ou pa bezwen renouvle ankò. IRS la trete demann yo nan lòd li te resevwa yo a. Aktyèlman. Nou apresye pasyans ou. W ap resevwa yon avi lè nou ba w ITIN nan oswa sin ou bezwen lòt enfòmasyon anplis. Asire w ou te fè prelèvman ase enpo Konsidere ajiste prelèvman ou si ou te dwe enpo oswa si ou te resvwa yon gwo ranbousman lè ou te deklare. Chanjman prelèvman an kapab ede ou evite yon fakti enpo oswa kite ou kenbe plis lajan chak jou peman. Montan kredi yo ka chanje chak ane, alòs, ale sou IRS.gov epi sèvi avèk Asistans Fiskal Entèraktif la pou w idantifye si ou kalifye pou nenpòt kredi enpo ki pa bezwen yon ajisteman prelèvman. Chajman nan vi a – marye oswa divòse, ap tan yon timoun, oswa pran yon dezyèm travay – ka vle di chanjman prelèvman tou. Itilize Estimatè Retni Enpo a pou ede w konnen montan ekzakt enpo yo dwe kenbe sou chèk ou a. Zouti sa sou IRS.gov ap ede w konnen si ou bezwen ajiste prelèvman ou yo epi soumèt yon nouvo Fòm W-4 bay anplwayè w la. Konsidere Pèman Enpo yo Estime yo. Si ou resevwa yon gwo montan revni ki pa yon salè, tankou revni yon travay endepandan, revni yon envestisman, benefis Sekirite Sosyal ki gen enpo sou yo, ak nan kèk egzanp, pansyon ak revni aniyite ou ta dwe fè pèman enpo estime chak trimès yo, avèk dènye pèman pou 2022 ki dwe fèt 17 janvye 2023. Konekte sou kont anliy ou pou w fè yon peman anliy oswa ale sou IRS.gov/payments. Depo Dirèk pèmèt ranbousman fiskal yo fèt pi rapid Mwayen ki pi rapid pou ou resevwa ranbousman fiskal ou a se lè w deklare pa vwa elektwonik epi chwazi depo dirèk. Depo dirèk fè w resevwa ranbousman w lan pi rapid pase papye chèk. Konekte sou kont bankè anliy ou oswa kontakte bank ou an pou w kapab jwenn nimewo woutaj ak nimewo kont ou an. Ou pa gen yon kont labank? Aprann kòman ou ka louvri yon kont nan yon bank ki Asire nan FDIC (an anglè) oswa atravè Zouti Lokalizasyon Koperativ Kredi Nasyonal la (an anglè). Si ou se yon Veteran, gade Pwogram Sèvis Labank Veteran yo (VBBP) (an anglè) pou aksè nan sèvis finans nan bank ki nan pwogram nan. Kat debi prepeye oswa aplikasyon mobil yo ka aksepte depo dirèk ranbousman fiskal yo. Fòk yo genyen nimewo woutaj la ak nimewo kont lan asosye avèk yo k ap kapab rantre nan deklarasyon enpo ou. Verifye ansanm avèk founisè aplikasyon mobil la oswa enstitisyon finans lan pou w konfime ki nimewo pou w itilize. Depo dirèk yo evite posibilite pou yon chèk ranbousman ta pèdi, pou yo ta vòlè li, oswa pou li ta retounen nan IRS kòm chèk ki pa livre. Sa ki nouvo ak sa pou ou konsidere lè w ap fè deklarasyon an 2023 Plis kontribyab ka resevwa yon Fòmilè 1099-K Chanjman yo ap an vigè nan dat 1ye Jan 2022. Platfòm pèman tyès-pati yo gen obligasyon pou yo soumèt Fòm 1099-K (an anglè) yo lè fè pèman byen ak sèvis ou fè bay machann yo depase $600. Kisa yo deklare sou yon 1099-K? Si w te aksepte $600 oswa plis an 2022: Ak kat pèman pou byen ak sèvis yo, ou ap resevwa yon Fòm 1099-K pou montan total pèman ki fèt sou chak kat pèman yo. De yon aplikasyon pèman tyès-pati, w ap resevwa yon Fòm 1099-K nan men òganizasyon an pou montan total la. Kilè m ap resevwa Fòmilè 1099-K a e kisa mwen ta dwe fè avèk li? Benefisyè a dwe jwenn Fòmilè 1099-K 2022 yo anvan 31 janvye 2023. Itilize deklarasyon ransèyman sa avèk lòt dokiman enpo w yo pou w detèmine enpo kòrèk ou a. Kisa pou nou pa deklare sou yon Fòmilè 1099-K? Lajan ou resevwa kòm yon don oswa ranbousman pataj yon mnaje oswa lokasyon pa dwe deklare sou yon Fòmilè 1099-K. Peman yo ta dwe endike si yo pèsonèl fanmi ak zanmi oswa yon tranzaksyon biznis pou machandiz ak sèvis. Asire w dosye fiskal ou konplè anvan ou deklare. IRS la konseye moun ki nan kategori sa a, ki ka resevwa yon Fòm 1099-K pou premye fwa – espesyalman “moun ki deklare bonè” ki fè yon deklarasyon enpo nòmalman pandan mwa janvye a oswa nan kòmansman fevriye a – pou yo fè atansyon epi pou yo asire yo ke yo genyen tout dokiman revni enpòtan yo anvan yo soumèt yon deklarasyon enpo. Yon ti atansyon anplis ta kapab fè moun yo ekonomize plis tan ak efò nan sa ki gen pou wè ak depoze yon deklarasyon enpo amande. Anplis de sa, si yi gen revni sou Fòm 1099-K ki pa gen enpo sou li, ki pa parèt sou deklrasyon enpo yo te soumèt anvan sa, sa ka vle di ke yo bezwen soumèt yon pèman enpo ansanm ak yon deklarasyon enpo amdande. E si enfòmasyon yo pa bon? Si enfòmasyon yo pa bon sou Fòmilè 1099-K a, kontakte moun k ap peye a ki gen non li anlè nan kwen goch fòmilè a. Kenbe yon kopi tout korespondans ou genyen avèk moun k ap peye a pou dosye ou a. Si w paka fè yo korije Fòm nan pou ou, ou ka kole yon esplikasyon erè a nan deklarasyon enpo ou a epi deklare revni ou an korèkteman. IRS la paka korije Fòm 1099-K ki pa byen ranpli. Chanjman nan 2022 ki ka afekte ranbousman fiskal ou Chanjman nan kantite depandan, anplwa oswa revni nan travay endepandan ak divòs, pami lòt faktè yo, ka afekte kondisyon fiskal ou ak ranbousman ou. Pa gen pèman relans siplemantè. Kontrèman ak 2020 ak 2021, pa t genyen nouvo pèman relans pou 2022 a, kidonk, kontribyab yo pa ta dwe espere jwenn yon pèman siplemantè. Kèk kredi enpo retounen nan nivo yo te ye nan 2019. Sa vle di kontribyab yo ka pral resevwa yon ranbousman k ap pi piti lè yo konpare l ak sa ane fiskal anvan an. Chanjman yo konsène montan pou Kredi Enpo pou Timoun nan (CTC), Kredi Enpo sou Revni ou Rantre (EITC)) ak Kredi pou Swen Depandan an, k ap retounen nan nivo yo te ye anvan COVID la. Pou 2022 a, CTC a ap vo $2,000 pou chak timoun ki kalifye. Yon timoun dwe anba 17 an nan fen ane 2022 a, pou li kalifye. Pou EITC a, kontribyab elijib ki pa gen timoun yo ka resevwa $560 pou ane fiskal 2022 a. Kredi pou Swen Timoun ak Depandan an, Kontribyab yo ka resevwa jiska 35% depans pou travay yo pou ane 2022 a. Ale nan Kredi ak Dediksyon (an anglè) pou plis detay. Pa gen dediksyon charitab an amon. Pandan COVID la, kontribyab yo te anmezi pou yo pran jiska $600 dediksyon enpo sou don pou charite sou deklarasyon enpo yo a. Sepandan, pou ane fiskal 2022 a, kontribyab ki pa detaye epi ki pran dediksyon estanda a, p ap kapab dedui kontribisyon charite yo a. Plis moun ka elijib pou Kredi Enpo sou Prim nan. Pou ane fiskal 2022 a, kontribyab yo ka kalifye pou yon pwolongasyon tanporè elijibilite yo pou kredi enpo sou prim nan (an anglè). Sonje, lefètke ou senpman reponn ak ekzijans revni yo pa vle di ou elijib pou kredi enpo sou prim nan. Ou dwe reponn ak lòt kritè elijibilite (an anglè) a tou. Règleman elijibilite pou reklame yon kredi enpo pou machin pwòp yo te chanje. Gade chanjman (an anglè) nan Lwa sou Rediksyon Enflasyon 2022 (an anglè) a pou kalifye pou yon Kredi pou Machin Pwòp (an anglè). Evite reta nan ranbousman epi konprann kalandriye ranbousman Plizyè faktè diferan kapab afekte kalandriye ranbousman w lan apre nou fin resevwa deklarasyon w lan. Malgre IRS la pa pran 21 jou pou l bay majorite ranbousman yo, li avèti kontribyab yo pou yo pa mete nan tèt yo gen yon dat pou resevwa ranbousman, espesyalman lè yo fè gwo acha oswa lè yo peye bòdwo. Vòl Idantite ak fwod nan ranbousman. Gen deklarasyon ki ka mande plis analiz e ki ka pran plis tan. IRS ansanm avèk patnè li yo nan endistri enpo a, kontinye ranfòse enspeksyon sekirite pou pwoteksyon kont vòl idantite ak fwod nan ranbousman. IRS pa kapab bay ranbousman EITC ak ACTC yo anvan mitan mwa fevriye. Yo p ap ka bay ranbousman pou moun k ap reklame kredi enpo sou revni yo genyen (EITC) oswa kredi enpo siplemantè pou timoun (ACTC), anavn mitan mwa fevriye. Lwa a mande pou IRS kenbe tout ranbousman – menm pòsyon ki pa pou EITC oswa ACTC. Deklarasyon ki mande yon ekzamen manyèl. Kèk deklarasyon, ki te deklare sou entènèt oswa sou papye, ka bezwen yon revizyon manyèl ki ka retade tretman an si sistèm nou an detekte yon erè posib, deklarasyon an gen enfòmasyon ki manke, oswa yo sispèk gen vòl idantite oswa fwod. Kèk nan sitiyasyon sa yo mande nou pou nou kominike ak kontribyab yo, gen lòt ki pa mande sa. Travay sa a mande yon jesyon espesyal pa yon anplwaye IRS la, nan ka sa yo, li ka pran IRS la plis pase 21 jou nòmal la pou l bay tout ranbousman ki an rapò ak sa. Nan ka sa yo kote IRS la anmezi pou li korije deklarasyon an san li pa kominike avèk kontribyab la, IRS la ap voye yon eksplikasyon bay kontribyab la. Make resous IRS.gov yo ak zouti anliy yo Fè yon kanpe sou IRS.gov, kote w ap jwenn zouti ki pou ede w jwenn enfòmasyon ou bezwen. Zouti yo fasil pou itilize e yo disponib tout 24è nan jounen an. Plizyè milyon moun sèvi avèk yo pou fè eklarasyon epi peye enpo, jwenn enfòmasyon sou kont yo ak jwenn repons ak kesyon sou enpo yo. Fè deklarasyon enpo w yo Itilize Deklarasyon Gratis IRS Apati janvye 2023, prèske tout mou nap ka fè deklarasyon yo anliy gratis sou IRS.gov oswa sou aplikasyon IRS2Go a. Pwogram Deklarasyon Gratis IRS la ki disponib sèlman sou IRS.gov la, ofri kontribyab kalifye yo package gwo mak lojisyèl pou preparasyon enpo pou itilize san lajan. Kèk nan package Deklarasyon Gratis yo ofri preparasyon deklarasyon enpo leta gratis tou. Lojisyèl la fè tout travay pou l jwenn dediksyon yo, kredi yo ak sa yo dispanse w yo. Si ou konfòtab pou ou prepare pwòp dosye fiskal ou, ou ka sèvi avèk Fòm Deklarasyon Gratis pou Ranpli yo (an anglè), kèlkeswa revni w, pou w fè deklarasyon enpo w yo pa imèl oswa anliy. Itilize MilTax si ou se yon manm nan fòs lame oswa yon veteran kalifye Manm fòs lame yo ak veteran yo kapab pwofite de MilTax (an anglè). Resous fiskal gratis sa a disponib pou kominote militè a, yo ofri li nan Depatman Defans. Pa gen limit revni. MilTax gen lojisyèl preparasyon taks ak deklarasyon elektwonik, sipò pèsonalize avèk konsiltan fiskal yo ak enfòmasyon kouran sou depo enpo. Li fèt pou abòde reyalite vi militè yo – tankou deplwaman, peman konba ak fòmasyon, lojman ak lweyaj ak deklarasyon nan plizyè Eta. Kontribyab ki kalifye (an anglè) kapab itilize MilTax pou fè depo elektwonik ak yon deklarasyon enpo federal epi jiska twa (3) deklarasyon leta gratis. Itilize zouti lokalizatè VITA a (an anglè) Pwogram Asistans Volontè pou Enpo sou Revni IRS la (VITA) ak Konsèy sou Enpo pou Pèsonaj (TCE) yo ofri preparasyon deklarasyon enpo bazik gratis pou patikilye ki kalifye yo. Zouti Lokalizatè VITA a ap ede w lokalize sit VITA ki tou pre w la. Jwenn yon pwofesyonèl enpo Chwazi yon pwofesyonèl enpo (an anglè) ofri enfòmasyon pou ede w chwazi yon pwofesyonèl enpo. Gen yon pakèt tip preparatè deklarasyon enpo, tankou ajan yo anwole, kontab piblik ki sètifye, avoka, ak kèk moun ki pa gen akreditasyon pwofesyonèl. Anyè Preparatè Deklarasyon Enpo Federal ki gen Akreditasyon ak Seleksyon Kalifikasyon (an anglè) an kapab ede w jwenn preparatè nan zòn ou an ki gen akreditasyon pwofesyonèl IRS rekonèt, oswa ki gen yon Dosye Anyèl Pwogram Sezon Deklarasyon ki Acheve. Itilize Asistan Entèraktiv pou Enpo a (ITA) (an anglè) Apati janvye 2023, sèvi avèk ITA a pou ou konnen si chanjman evennman vi a rann ou elijib pou kredi ou pa t kalifye pou yo nan pase. ITA a se yon zouti ki bay repons ak kesyon sou dwa fiskal yo. Li ka detèmine si gen enpo sou tèl tip revni, si ou elijib pou ou reklame yon seri kredi, oswa si ou kapab dedwi depans yo sou deklarasyon enpo ou. Li bay repons tou ak kesyon jeneral, tankou detèmine estati dosye w, si ou ka reklame chaj yo, oswa si ou gen pou ou fè yon deklarasyon enpo. Jwenn Estati Ranbousman Ou Apre ou fin deklare, ale sou IRS.gov epi klike sou Ki Kote Ranbousman Mwen an ye? pou w verifye estati ranbousman w. Estati ranbousman w ap disponib nan 24 è apre IRS la fin aksepte deklarasyon enpo ou te fè anliy lan. Zouti ki kote ranbousman mw an ye a fè mizajou yon fwa chak 24 è, dabitid nan lannwit, konsa w ap bezwen verifye yon sèl fwa nan jounen an. Fè deklarasyon an anliy epi chwazi Depo Dirèk pou deklarasyon enpo w – se mwayen ki pi rapid e ki pi sekirize pou w resevwa kòb ou. Yo resevwa deklarasyon enpo elektwonik yo nan 24 è, e deklarasyon enpo ki fèt sou papye pran plizyè semèn. Ou ka toujou chwazi depo dirèk, menm si ou fè deklarasyon enpo w sou papye. Fè Volontarya pou ede kontribyab ki elijib yo fè deklarasyon enpo yo Pa janm gen yon pi bon moman pou rantre nan pwogram Asistans Volontè pou Enpo sou Revni an ak Konsèy sou Enpo pou Pèsonaj (TCE). Volontè VITA/TCE yo fè preparasyon pou deklarasyon enpo gratis pou kontribyab ki elijib yo. Avèk anpil moun ki vin ap eksperimante chanjman finansyè, vin gen plis bezwen volontè pou ede yo. An repons, IRS la genyen nouvo mwayen pou rann volontarya a pi fasil. Kèk sit ki bay volontè yo opsyon pou asiste kontribyab yo anliy olye yo bay asistans la fas-a-fas. Sa pèmèt volontè yo ede kontribyab yo konplete deklarasyon yo nan telefòn oswa anliy. Gen volontè ki ka analize kalite deklarasyon enpo an ak kontribyab la anvan li soumèt li anliy bay IRS. Volontatrya a distans lan se yon bèl opsyon pou nouvo volontè yo, pliske yo ka mande volontè eksperimante yo èd pandan y ap fè deklarasyon enpo yo. Vizite IRS.gov/volunteers pou aprann plis epi enskri. Apre ou fin enskri, w ap jwenn plis enfòmasyon sou kijan pou ou jwenn yon oryantasyon a distans. Konekte epi Aprann sou Enpo yo (an anglè) se yon pwogram aprantisaj pou volontè sou wèb la. Li prepare patnè VITA ak TCE epi Volontè yo pou bay bon sèvis preparasyon deklarasyon enpo ki gen kalite nan kominote lokal yo. Kou entèraktiv sa a, kote ou ka detann ou, montre w prepare deklarasyon enpo byen presi pou patikilye, e ou ka genyen sètifika volontè w pandan w ap fè sa, lè ou vle. Telechaje Piblikasyon yo Piblikasyon 5533, Poukisa Ou Ta Dwe Kreye yon Kont IRS Anliy (an anglè)PDF Piblikasyon 5533-A, Kòman pou Ou Soumèt Otorizasyon yo Avèk Kont Fiskal Pro ak Kont Anliy (an anglè)PDF Piblikasyon 5136, Gid Sèvis IRS (an anglè)PDF Montre ki kote w ap jwenn èd sou IRS.gov Piblikasyon 5348, Prepare Ou pou deklare (an anglè)PDF, Prepare ou pou w depoze deklarasyon taks sou revni federal ou avèk konsèy sou deklarasyon sa yo Piblikasyon 5349, Planifikasyon fiskal pou tout ane a se pou tout moun (an anglè)PDF , Eksplike sa w ap fè kounyea ka afekte tout taks ou ka dwe oswa ranbousman ou ka espere lòt ane.